samedi 10 septembre 2022

Eleksyon 22 Septanm 1957...

Apre m te finn obsève yon kantite bagay ki tap anonse sak pwal fèt pita nan lavni peyi d Ayiti; yon moun tankou m kap etudye listwa kontenporèn Ayisyen paka ret boush fèmen san pataje ak tout moun ki konsène yo...

Nap pale de yon epòk, kote Revolusyon 1946 la te deja finn fèt. Li te pote kòm fwi gouvènman Dumarsais Estimé. Mwen remake ke tout moun pa janm vle pale an pwofondè sou li. 

Men, agosh adwat wap tande pale de Stenio Vincent, Elie Lescot ak Louis Borno. Se sak fè listwa d Ayiti te dwe ekri pa yon moun natif natal ki pagen okenn enterè pèsonèl lap defann ni ansyen prejije kolonyal nan kwen kay li.

Pou la verite sa blayi fòk moun kap ekri a jete emosyon ak pasyon li genyen nan poubèl. An plis, gen gwo malè ki kapab rive lè yon pèp kite se lòt moun, yon ekip etranje, kap kontinye domine l, ekri listwa peyi-a nan plas li.

Etranje sa yo tegen move abitid izipasyon. Yap ekri listwa pou eksplike santiman yon pèp yo pa konnen. Yon moun ki abitye nan ekri lèt ak dokiman pou yon peyi l vizite, dwe panse ke tout moun kap viv ladann se yon bann iyoran? 

Epoutan se pa vre.

Nan sikonstans sa-a tout bagay etranje sa-a ekri yo vinn tounen lanvè, landwat, kaskade desann tèt anba, epi bay yon kantite traka, manti ak tèt shaje...

Gen yon seri de moun ki tèlman trèt, istorikman palan, ke yo pat dwe kalifye pou yo ta pale ni ekri nan non pèp Ayisyen an. 

Epoutan, se yo mwen wè kap pale, ekri, se yo nou wè ki sou entenèt ap simen plis divizyon nan bay move enfòmasyon. 

Tout kote moun sayo pase, nou obsève se pwomosyon yon bann vye ideyoloji ki fè reklam libète, fratènite, men nan reyalite se fènwa ak sèvitid ki anndan nan-nan koze-a. Ideyoloji sayo pa janm mashe nan lemond. Pran egzanp, toupatou ideyoloji dwategosh sayo pase, se pa liberasyon yo vinn fè, se baboukèt yo vinn mete pito. 

Tankou m ta di w ke pèp kap viv an Ayiti jodi-a se yon bann moun sòt pase depye yo. Se yon bann moun ki pa konn fè konparezon. Nan lane 1957 e menm jodi-a, konbyen pèp ou wè kap sakrifye vi yo monte bato, travesè gwo lanmè, pou eseye antre vinn pran daso sou fwontyè linyonsovyetik ak lashinn?

Ti krik ti krak se yon pakèt Ayisyen retwograd nou wè kap pede kreye vye òganizasyon pou sa kenbe pèp la nan iyorans epi mete l sou kontwòl.

Daprè jounal Haiti Sun, eleksyon 22 septanm 1957 lan, sete pou la premyè fwa, pèp Ayisyen an te al vote yon prezidan. Kidonk, se depi nan epòk sa-a ke Ayisyen te kòmanse ap egzèse sa yo rele demokrasi. (Sa pat fèt ni sou Magloire, ni sou okenn lòt prezidan apre 1957)

Si pèp Ayisyen-an pat janm konn al vote pou l shwazi prezidan, ni Senatè ak Depite, kijan moun sayo te konn elu nan peyi-a? Kijan sa te konn fèt?

Sou Louis Borno, nou wè sete yon Konsèy ki te konpoze de 21 manm, ke Louis Borno te met sou pye ki te vinn shwazi l kòm prezidan. Pèp la pat janm gen la vwa o shapit depi tan sa-a retounen jis apre lendepandans peyi-a. Nan peryòd sa-a, se Shèf rebel ame, oubyen manm lame d Ayiti ki te konn bay kou deta, ranvèse gouvènman sou gouvènman...

Ayisyen sa yo te prefere fè konplo nan manje zorèy ak asasinen prezidan pou pran pouvwa pa fòs. Pèp la pat eklere ni gen zam ak lavwa o shapit...Jodi-a li sanble se ansyen sistèm Krab Malzòrèy la, yap eseye tabli pou anpeshe pèp la vote.

Jodi-a Ayisyen dwe obsève ke se shak tan gen gwo konfli lagè oubyen pwoblèm ekonomik nan lemond, ke lòt peyi ki nan vwazinay li, tou pwofite vinn fè l olèmen, rale zam sou li, epi anvayisman fèt. 

Mwen di veye zo n anba bann moun trèt ak odasye sayo. Rale kreyon w make l!

eMagazine
Traduction, Adaptation, illustration de Weiner Marthone

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire