mardi 27 octobre 2026

Avrilis pwal konstwi yon estad...

Maten an mwen leve anba gwo sezisman. Depi yè aprèmidi anpil bouch ap babye sou yon zafè stad foutbòl ke Avrilis pwal konstwi nan peyi d Ayiti. Daprè sa m konstate ke radyo dyòl ap di -Pigwo chèf nan peyi a bay lòd pou evalyasyon lokal ak teren. 

Yonn nan zanmi m yo, Zoreken, mande: 

Zoreken - Ala de koze papa! Depi kilè Ayisyen tekonn konstwi gwo stad foutbòl konsa? 

Avrilis se koutay li konn fè sèlman. Pou n ta lage yon gwo projè konstriksyon konsa nan men Avrilis menm? Ala de traka papa! Zafè konstriksyon pajanm fini byen nan peyi d Ayiti. 

Granmanjè Ayisyen sayo konn fè repentire yon zònn tankou Jalouzi, oubyen mete tapi atifisyèl sou kèk teren vid, met kloti epi yo kouri fè bwi se Stad yo konstwi... 

Sèjousi yon bonjan estad foutbòl, ta omwen gen swasant mil plas ak bonjan vestyè, chèz boure ak kote ki kouvri sou bò teren an pou pwoteje jwè yo; yon kote pou laprès ka chita pou fè retransmisyon; chèz an plastik pou publik la chita gad match alèz tankou tout pèp sivilize. E sepa foutbòl sèlman ki kapab jwe ladan l.

Pou n ta lage yon konstriksyon enpòtan konsa nan men Avrilis menm? Yon nèg ki pagen okenn eksperyans ki nesesè nan lavi pwofesyonèl li, se yon envitasyon pou moun vinn fè magouy... 

Sam LeChiot pour eMagazine.