jeudi 30 juin 2022

Technology: Blue Angels Airshow...

 

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com


Aprender y descubrir un mundo nuevo...

 

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 26 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Bildin kote Dr. François Duvalier ye-a sitiye nan lokal Haiti Journal. Sa te shaje kou legba ak moun. Moun kanpe tout kote, nan eskalye, nan shanm anlè, moun kap tann deyò, moun ki kanpe sou balkon. Tegen anpil aktivite monte desann eskalye kap fèt.

Depi m rive nan biwo-a tèlman tegen moun, mwen reyalize tout swit m patap jwenn yon shans pou m ta wè ak Duvalier. Mwen te oblije soulaje m plase yon randevou pou demen. Le landemen, apre m te anonse vizit mwen, resepsyonis la te banm de moun pou akonpaye m, franshi pòt, men-nenm devan biwo kote Duvalier te shita. 

Malgre tèt Duvalier te kòmanse ap blanshi, misye te gen yon aparans lajenès nan jan l te prezante, sa te parèt plis, sitou nan fason l pale.

François Duvalier te fèt le 14 avril, karant-wit-an de sa, nan vil Pòtoprens. Li te fè etud li nan Lycée Pétion. Apre sa li te antre lekòl de Medecine nan Université d'Etat d Haiti an 1928.


Duvalier pase dizan ap pratike la medecine nan klinik prive. Li te travay ak yon òganizasyon Ameriken ki tap konbat Malaria ak Pyan. Duvalier te benefisye yon bous gouvènman Ayisyen-an pou al aprann Santé Publique nan Université de Michigan nan peyi etazuni, an 1944 ak 1945.

Dr. Duvalier pase ventan ap fè reshèsh nan la medecine ak antwopoloji. Sa te fè li rann kont ke mas pèp la te nan yon eta sèvitud (esklavaj) moral, materyèl ak espirityèl. Majorite mas pèp Ayisyen-an te lage kòyo nan zafè sipèstisyon, se sa k fè Duvalier ap shashe sipò legliz katolik ak pwotestan yo pou ede l sove pèp Ayisyen-an, li di, kap kontinye pirèd nan pratike sipèstisyon.

Dr. Duvalier etidye Vodou nan yon fason syantifik epi l mande pou ta gen yon rapwoshman rasyonèl ki fèt nan Vodou-a pou l ta vinn sanble ak jan Boudis-yo fonksyone ak lòt relijyon. Duvalier panse li nesesè, pou pran 90 pousan nan populasyon Ayisyèn nan kap pratike sak rele primitivis, eduke yo, epi bayo ekipman ak zouti kigen nan lopital ak dispansè. Duvalier kwè li nesesè  ke populasyon an ta jwenn asistans teknik e finansyè nan zafè agrikilti.

Duvalier panse ke pèp Ayisyen-an prezante yon espektak tristès yon pèp nwa kap lute anba la mizè nan mitan anpil potansyalite rishès. Duvalier di ke peyi-a plen rishès ki pa byen pataje ni òganize. Li tou deklare ke se kondisyon rat-deplimen mas pèp la ki te fè l antre nan zafè politik peyi-a, an 1946.

Duvalier di, antan ke pitit pèp-la, se pa de twa goumen l pa goumen ak tout frè l yo pou Ayiti ta gen yon administrasyon ak jistis sosyal ki onèt. An 1949, Duvalier te minis travay ak sante piblik. Akòz de Diktati kraze-zo Paul Eugène Magloire la misye te oblije pran rak, rantre nan kashe. Li retounen sou sèn politik la le 2 mwa daou 1956. Duvalier te kòmanse ap pale de pwoblèm koulè-a ki egziste an Ayiti.  Duvalier te afime ke nan yon kote ki gen anpil prejije konsa, pagen mwayen pou yon moun ta kapab grandi nan fason espirityèl e materyèl.

Duvalier te pale de drapo Ayisyen-an tou. Li di " ke l pa ni ble ni wouj, men l se de koulè sa yo ki pap divize pèp Ayisyen-an."

Duvalier pat bay menm enpresyon ak tout lòt kandida yo, li te gen anpil konfyans nan resous peyi-a, li panse kapab gen yon Ayiti san magouy, ki kapab òganize koperativ pou fè devlòpman nan agrikilti avanse. Li pran kòm egzanp tout kantite tèt shaje, bann deblozay, magouy nan zafè finans sou gouvènman Paul Eugène Magloire la te kite tèlman ke administrasyon-an te malonèt.

Duvalier te kontinye, li di, si moun ki monte sou pouvwa an Ayiti yo te onèt, olye de fè bann gaspiyay, tout lajan sa yo ta kapab sèvi pou ede nan devlòpman ekonomik peyi d Ayiti pito. Duvalier twouve li enpòtan pou nivo iletre-a nan mas pèp la desann dekwa pou tout moun ka prepare pou antre nan demokrasi, ak òganizasyon sendika. Duvalier di se pa ak mas pèp la sèlman l vle travay. Li panse lè l resi mete pwogram li-an sou pye, lap jwenn bon rezilta kap afekte lavi tout Ayisyen nan yon atmosfè konfyans kap anjandre lajwa, optimis, lanmou pou aprann ap retounen. 

Duvalier panse, si peyi-a ta pran direksyon sa-a, l gen espwa yon Cité Universitaire ta bati, kote tout jèn moun ta jwenn yon klima ki anfòm e konfòtab tout bon, de fason yon moun  pap gen anvi al foure dwèt li nan je yon lòt, nan tout pete batay ki egziste pou savwa ak kilti nan peyi d Ayiti. 

eMagazine
Traduction et Adaptation de Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com


samedi 25 juin 2022

vendredi 24 juin 2022

Jack Ma’s insight on living…

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

lundi 20 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Dr. René Salomon te kandida la prezidans nan eleksyon k te fèt an Ayiti nan lane 1957. Dr René Salomon te rantre nan kous pou palè nasyonal la semèn ki sot pase-a, lè li te deklare l kandida a la prezidans. Li antre nan sèn politik la ak yon pil eksperyans nan tout zafè ki makon-nen ak lonbrik peyi-a. Platfòm li-an tegen 17 pwen li di ki kapab solusyone tout pwoblèm peyi-a tap konfwonte. 

Dr. Salomon se yon lidè ke tout moun konnen ki tap evolye ann-dan Université d'Etat d Ayiti,, nan epòk Revolusyon 1946 la.

Dr. René Salomon te fèt nan vil Pòtoprens nan mwa daou, lane 1905. Misye se yonn nan twa pitit Madanm defen Paul Salomon kite fondatè lopital Saint François de Salles. Misye te yon ansyen etudyan Saint-Louis de Gonzague, apre sa li ta l aprann doktè nan Faculté de Medecine, li pase nan Faculté de Droit tou, nan vil Pòtoprens apre l te finn fè espesyalizasyon nan inivèsite ki rele American University, nan peyi etazuni.  

Nan epòk 1934, Dr. René Salomon te met Famasy Salomon sou pye nan Rue Capois.

Dr. Salomon tap anseye nan lekòl primè ak segondè. Anpil lekòl vil Pòtoprens te rekonèt li. Pita, li te aksepte yon dyòb Dwayen nan Ecole de Medecine et Pharmacy ak Art Dentaire.

Pou tèt aktivite l nan revolusyon 1946 la, kite lakòz Prezidan Elie Lescot tonbe sou pouvwa, Dr. René Salomon te pran prizon pou sa an 1948. Bagay sa-a te pwopilse misye nan ran tout moun lame represyon-an te maspinen pou zafè grèv tout etudyan ak profesè yo te fè nan Université d'Etat d'Haiti.

Dr. René Salomon ekri anpil liv. Se limenm ki publiye liv yo rele "La Troisième Force Démocratique", ak "Le Chantier Secret", nan lane 1949. Anpil eksplikasyon te bay sou gouvènman Ayisyen-an, nan de liv sa yo, ki soti anba kout bistouri plim Dr. Salomon depi sizan. Misye te gen reputasyon jounalis tou, paske li te direktè yon jounal: "l'Epoque Nouvelle", kitap defann dwa klas mwayènn nan ak tout mas pèp la.

Dr. René Salomon te shèf depatman Chimie nan Faculté de Medecine pandan 25 ans.


A suivre...
Mwen ta renmen desine foto Dr. René Salomon. Sanble ke vye rejim kraze zo ak tout bann konplis li yo tap eseye efase egzistans, tout tras bon travay, Dr. Salomon te reyalize nan peyi d Ayiti.

Se pa detwa fouyen pat fouye nan eseye jwenn yon foto Dr. René Salomon. SVP ou menm kap li blòg la, si ou jwenn yon foto Dr. René Salomon, voye l sou kouryèl mwen. veritas_tum@yahoo.com. 

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone 
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com


samedi 18 juin 2022

Technology: Learn Electronics for free...



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

lundi 13 juin 2022

Jorge Ramos, un reportero de verdad...




Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Kandida Julio Jean-Pierre Audain te yon diplomat. Misye te konn ekri sou jounal tou. Julio Jean-Pierre Audain te lonje dwèt li sou Magloire e konpayi, epi l bay Mo-dòd: Men Enmi-an!

Jean-Pierre Audain pat nan mashe mo nan denonse mankman ak koripsyon ki genyen nan gouvènman Ayisyen. Misye al tou dwat nan dife-a lap simen sa sou tèt moun yo ki responsab kriz politik ak finans nan peyi-a. Jean-Pierre Audain, yon pèsonaj ki gen 53-zan, fizikman, se yon moun ki mens.

Jean-Pierre Audain te rantre nan peyi-a apre l te finn pase katran egzil nan peyi Mexico. Karyè diplomatik misye ak entèlijans li demontre pèmèt ke l deklare tèt li kòm kandida a la prezidans d Ayiti.

Lè anpil zanmi te di l ke tout rès kandida yo devan l anpil nan  kanpay elektoral la, Jean-Pierre Audain di se pa anyen, sa se rans, e li kanpe devan mikwo Radio Caraibes pou l adrese yon mesaj bay nasyon-an epi l tou pwofite tabli platfòm li ki pale de sa l gen lide fè pou peyi d Ayiti.

Jean-Pierre Audain fè tout moun konnen byen klè tankou dlo kokoye ke li pwal bay kout men, li prè pou l patisipe nan renesans peyi-a. Se sak fè li prezante plan travay li kap sèvi kòm yon egzanp de respè pou vi prive ak moralite. Li di ke gouvènman pa l la ap pwoteje inisyativ prive, lap genyen yon politik entènasyonal de kolaborasyon ak bon vwazinaj.

Mesye Audain kwè ke Ayiti dwe poze yon aksyon pou tabli yon ekonomi ak pwodiksyon rishès ki miyò. Li panse peyi-a kapab benefisye nouvo teknik ki genyen pou yon devlopman rapid. Li juje ke peyi-a dwe gen yon politik ki byen defini ki soti nan tout koush sosyal ki egziste yo.

Julio Jean-Pierre te yon jounalis de talent, ki kite pozisyon pwofesè l nan Institut Tippenhauer pou l vinn Chef Editeur nan La Presse, yon jounal ki fè aparisyon l sou sèn politik la an 1929. An 1930 li fonde yon jounal yo rele "L'Action Nationale", ki tap fonksyone nan menm edifis kote "La Phalange" ye jodi-a(1957).

Yo te nome Julio Jean Pierre Audain komisè gouvènman ki asiyen ak Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti an 1932. Apre sa li vinn Secretè yon Delegasyon Ayisyèn ki ta pwal nan yon konferans ekonomik a Londres, nan peyi Britanik.

An 1934, apre l te retounen nan yon Misyon Espesyal nan Washington, yo te nome l Chef de Cabinet pa prezidan Stenio Vincent. Li ret nan pòs la pandan twazan, apre sa li te bay demisyon l pou l retounen nan fè politik an Ayiti ankò. Bagay sa-a te fè l pran prizon ak egzil nan ane 1938.

Audain te etudyan nan lekòl Saint Louis de Gonzague, apre sa l te a Paris nan "Ecole des Sciences Politiques de Paris." Apre sa li te fè kou filozofi ak Matematik nan vil Pòtoprens.

Lè Elie Lescot te rive pran pouvwa-a an 1941. Egzile-a te retounen an Ayiti, sa pat pran lontan pou yo te mete l nan prizon ankò. Revolusyon 1946 la te vinn libere l apre yo te lage tout prizonye politik.

Se gouvènman Dumarsais Estime-a ki te mete Audain nan pòs Minis Conseye Ayisyen nan peyi Mexico. An 1947 yo te nome l Anbasadè nan Misyon Espesyal nan peyi Nicaragua. Apre sa yo pimpe misye nan Perou kòm Anvwaye Ekstraòrdinè pandan twazan.

An Janvier 1957 Audain te debake Ayiti, soti an egzil ak tout Madanm li, yon fanm zye ebèn ki soti nan Amérique du Sud. Yo te marye pandan Audain tap viv an egzil, koulye-a tou de moun yo tabli rezidans nan Turgeau.

                                   

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone 
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 12 juin 2022

Archives de Marthone père...


Cette photo du Super Jazz des Jeunes de 1943 a été la plus grande surprise du moment.
C'était pour moi la découverte d'un monument historique
de la musique haïtienne dont mon défunt père avait
la clairvoyance de préserver... 

À noter le nom du studio de photo à gauche: LUX.
Bonne fête des pères à tous!

Noms de quelques membres du Super Jazz des Jeunes:
René St. Aude (music director, saxophone), Gérard Dupervil (vocals), Antalcidas Oreux Murat (cornet), Emmanuel Auguste (vocals), Serge Lahens (vocals), Jean-Claude Felix (vocals), Alex Volcy (vocals), Gerard Claude St. Aude (saxophone)




Eleksyon prezidansyèl 1957...

Mwen pat ka kwè sa k pase a: Yon shofè taksi ki pa konnen adrès kay Fignolé? Yon lòt menm refize men-nenm nan zònn nan. Èske gen yon mistè k makon-nen ak nèg sa-a, ki popilè nan yon sèten milye lavil, nan Pòtoprens.

Lè m te rive jwenn kay la, tegen yon pi gwo sipriz ki tap tann mwen. Devan kay la, ou kapab li an grand manshèt École Fignolé ki pentiré yon jan pou sèvi kòm yon fason yon moun sa idantifye edifis la.

Pat gen anpil moun, edifis la pat gran menm jan ak tout lòt kandida a la prezidans yo. Tèlman ke m ap mande tèt mwen èske sa m wè la-a, se vrèman kay kote Daniel Fignolé m ap shashe-a rete?

Mètrès lekòl la di mwen ke m pa twonpe m, se rezidans prive Profesè Daniel Fignolé. Li voye m nan premye etaj. Lè m rive anlè-a, mwen wè de moun shita kap pale. Mwen prezante m epi mwen tou di yo poukisa m vini. 

Lakay Daniel Fignolé, patgen liy kote anpil moun kanpe ap tann, ni fòmalite ak resepsyonis ki pou montre w kote pou shita. Sou jan de pèsonaj yo abiye, ou paka distenge kiyès ladan yo ki Daniel Fignolé.

Se te apre de pèsonaj yo soti epi sèlman yonn retounen ke m deside mande l èske se limenm ki Daniel Fignolé-a? Li reponn, wi se limenm, kisa m ta renmen l fè pou mwen.

Depi nan kòmansman mwen te gentan senpatize m ak vwa misye, ki te gen yon pwisans lè l ap pale, sete yon vwa ki pase anpil soufrans. Pèsonaj la tèlman enteresan ke m te simaye l ak kesyon pandan dezèdtan-edmi jistan m rive nan bout. Daniel Fignolé te toujou la tenmfas, li kanpe fè m, lap souri epi l di: kisa w ta renmen m fè pou wou.

Pandan tout entevyou a, mwen te santi m devan yon vòlkan kap krashe dife, ki prèt pou l eksploze. Bagay dwòl, mwen pat santi m menase paske flanm dife sa-a li sèlman kapab brile yon moun ki koupab.

Karann-twa-zan de sa, Daniel Fignolé te fèt nan yon fanmi modès (pòv) nan Pestel. Pestel se yon vil ki sitiye nan depatman sud peyi d Ayiti. Malgre suksè Fignolé nan lekòl primè yo te rele Ecole Nationale Smith Duplessy, yo te fòse l reprann klas setyèm li nan Lycée Pétion. 

Apre Daniel Fignolé finn fè filozofi l nan ane 1936-1937, li te santi yon bezwen pou l antre nan anseyman. Li kòmanse bay leson patikulye pou ede manman l ki te nan zafè pabon. Apre Daniel Fignolé te fini lekòl segondè, li te rantre nan Université d'Etat pou aprann metye avoka. Men, pwoblèm lajan nan fanmi l, kap viv nan la pauvreté te anpeshe l fini etud avoka.

Fignolé te kòmanse karyè pwofesè l nan Institut Tippenhauer e depi lè sa-a, l ap anseye Matematik ak Syans Sosyal nan 13 lòt lekòl.

Yon moman de desizyon nan lavi l rive an 1942, lè Daniel Fignolé te  pèdi dyòb pwofesè Matematik la sou rejim Elie Lescot. Rezon-an, se akòz de yon atik li te publiye sou yon jounal yo rele Chantiers. Sou jounal la, Fignolé te pran pozisyon kont rejim oligashi Lescot-a. Se sa k fè misye lage kòl nan politik.

Jounal Chantiers-a tegen anpil enfluyans nan revolusyon 1946 la. Daniel Fignolé tap colabore ak gouvènman Estimé-a bonè, nan yon epòk kote metòd demokratik yo tap evolye. Men, depi lè Fignolé wè Estimé tap kòmanse anplwaye metòd kite kontrè ak revolusyon 1946 l an, sètadi, lè Estimé te fèmen pati politik, sendika, asosyasyon edtudyan ak jounal, Fignolé te pase nan opozisyon kont metòd anti-demokratik sayo.

Daniel Fignolé te minis Education Nationale ak Santé Publique sou prezidan Estimé. Li pase 65 jou nan pòs la, de 19 mwa daou rive nan 24 oktòb 1946. Apre sa, se li ki tap dirije opozisyon nan rès tan rejim prezidan Estimé te ret sou pouvwa. Daniel Fignolé pase 17 jou nan prizon nan lane 1948.

Daniel Fignolé te elu premye depute pou awondisman Pòtoprens le 8 octòb 1950. Li ret nan djòb la jis an avril 1955.

Fignolé pase katran nan opozisyon kont rejim diktatoryal de Paul Magloire. Pati politik li-a te fèmen, apre sa yo tap trake l toupatou tankou bèt. Magloire te voye sòlda sezi enprimant laprès ak tout materyèl kite deja enprime lakay Daniel Fignolé. Nan nwit, kay kote Daniel Fignolé tap viv la nan Bel-Air, te anvayi, epi yo met dife ladan l. An ocktòb 1955, nan nwit, pandan de fwa, kout zam otomatik te pran shante devan lakay Fignolé (entimidasyon). Malgre Fignolé tegen iminite Palmantè, Paul Magloire te fè mete l nan prizon pandan twa mwa senk jou. Prezidan Magloire fè fèmen toude jounal li yo, kite rele Construction ak Haiti Démocratique. 

Nan yon tan kout konsa, li enposib pou yon moun ta dekri tout sa avèk ekzaktitud tout bagay Fignolé reyalize nan konstwi lekòl ak anseyman matematik. Pa gen ase espas pou nou ta publiye tout bann reyalizasyon sa yo: Fignolé te fè Lycée des Jeunes Filles vinn pi demokratik. Nan kòmansman, enstitusyon-an te twò aristokratik, lekòl la te fèmen pòt li nan figu tout ti medam ki sot nan mas pèp la. Fignolé kwape sa lè l vinn kreye klas sizyèm, setyèm ak katriyèm. Zònn Croix-des-Missions an te gen 5 lekòl, pami yo gen 4 ki an fonksyonman akòz de efò Fignolé, kite minis Education Nationale nan epòk sa-a... Pat janm gen sa nan listwa peyi d Ayiti kote yon Minis tap fè anpil bagay sa yo, avan w bat je w, nan Education Nationale.

Fignolé pat rete la sèlman. Misye te kanpe byen djanm ak tout ouvriye e peyizan, pou defann dwa yo. Fignolé te defann Bazin, yon ouvriye nan faktori yo te lage sou beton-an san rezon. Fignolé demontre ke li se premye moun an Ayiti ki tap defann diyite ouvriye. Li pat yon moun ki te renmen fè ti dife vole. Daniel Fignolé te plis renmen òganize, li montre m kòm prèv tout lèt konpliman li te resevwa nan men dirijan gouvènman 1946 la.

Nan mwa fevriye 1947, Fignolé tap dirije 14 sendika. Yon sèl pawòl kapab sufi pou dekri sa Daniel Fignolé reyalize:
"Mouvman Sendika Demokrat Ayisyen  te demare. Tout demand yo te elabore ak anpil presizyon sou bagay ki enpòtan ke li vle reyalize nan nivo entelektyèl. Fignolé pat al flate mas pèp la; li te ede yo pran konsyans nan ki kondisyon yap viv nan peyi-a. Fignolé pran an shaj pou l eduke mas pèp ki lavil ak tout peyizan, sou tout pwoblèm nasyon-an ap konfwonte.

"Nan mwa mas 1947 Assemblée Générale du Syndicat du Personnel de Bigio Factory tat debat kondisyon travay pou moun yo tap peye prèske 2 goud pa jou pou douzèdtan travay. Nan menm kondisyon-an yap peye yon moun kap travay kòm triyèz-la 1.5 goud. Yon ouvriye ki sot aletranje resevwa kòm salè minimòm 300 dola pa mwa tandiske 3 Ayisyen natif-natal ki gen menm konpetans ak kapasite ak yo, touletwa, yo pat fè plis ke 3 dola pa jou."

Dènye parantèz sou Fignolé-a te tonbe nan yon atik jounal Chantiers, édition du Mercredi 19 Mars 1947. Fignolé lakòz ke patwona ayisyen-an redwi horè travay tout ouvriye de douzè a witèd-tan pa jou.


eMagazine
Tranduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

samedi 11 juin 2022

Le Cercle Vicieux des Enlèvements...

Les experts en matière de sécurité affirment qu'il ne faut absolument pas ni négocier, ni accepter de payer de rançon à qui que ce soit. Mais, dans les faits, on s'agenouille, on baisse l'échine tous les jours devant de minables individus.

Ce que nous constatons c'est qu'en Haïti, il existe une majorité qui tourne un oeil favorable aux extorsions, cambriolages et enlèvements contre rançon. Il y a des coquins qui vivent de cela depuis de longues années. Il est apparent que toutes les couches de la société haïtienne, par leur attitude, y participent et coopèrent. On ne se gène pas. 

De cet état de choses, celui qui, hier a sequestré et tué votre fils, viendra demain vous regarder droit dans les yeux pour vous serrer la main comme si de rien n'était. Nous y sommes, là !

Aujourd'hui, c'est Paul, demain, le voisin, on s'indigne peu, parce qu'on n'a pas été atteint personnellement. Le peuple tolère la situation. Pouvu qu'on soit libre momentanément et le voisin sous séquestre...

Cette tolérance du mal est dangereuse. Car, elle engendra la peur. Une société qui vit dans la peur n'est plus libre. Voilà ce que nous appelons, un cercle vicieux. 

Libète, Fratènite, se rans nan la republik!

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

jeudi 9 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Franck Sylvain se yon moun kite abòdab anpil. Biwo l te sitiye sou Grand'Rue an fas Garage Mayas la. Pat gen anpil moun kap monte desan ak ekip sèvitè pou dirije trafik. Men, an verite, yon moun gen enpresyon ke Franck Sylvain te tèlman kontan wè w ke w  konprann li tap tann vizit ou depi lontan, paske l gen yon bonjan mesaj konfidansyèl li vle komunike.

Franck Sylvain, se pitit Léon Sylvain. Misye te fèt Grand-Goâve, yon vil ki sitiye nan zòn lwès a senkant kilomèt  konsa de Pòtoprens. Lè Franck Sylvain te gen wit-an yo te mete l nan klas dizyèm lekòl Saint Louis de Gonzague. Byen bonè, Franck Sylvain tap demontre ke l se yon ti moun ki briyan anpil. Tèlman, ke mèt lekòl la te deside fè l sote klas dizyèm nan pou mete l dirèkteman nan sizyèm segondè. Paske Franck Sylvain te skore 100 sou 100 nan tout sujè egzamen pwomosyon l yo.

Franck Sylvain te kontinye ap briye. Depi dezyèm trimès nan klas senkyèm misye se premye l ye nan klas la chak mwa. Briyans li te kontinye jis li te rive nan retorik. 

An 1928, Franck Sylvain (anfan-pwodij) rantre nan inivèsite deta d Ayiti pou aprann metye avoka. Li te espesyalize l nan Lwa Konstitusyonèl e se li menm ki te resevwa pi gwo nòt nan men Maitre Clément Coicou nan tou de egzamen ekri ak oral.

An 1931 Franck Sylvain te anplwaye nan Depatman Justis. Li te avoka reprezantan Commune Léogâne ak Nippes. Apre sa, li vinn direktè yon jounal ki te rele La Croisade, de 1938 a 1939. Answit, yo te vinn nonmen Franck Sylvain Juge d'Instruction Court Civil nan vil Port-de-Paix.

Franck Sylvain kontinye okipe plas Juge d'Instruction-an jis avril 1955 lè yo te voye l sou beton-an ak anpil fraka. Malgre imunite l te dwe jwi kòm Juge, poutèt yon sèl rezon: Magloire te repwoche l poutèt li te pran yon desizyon nan yon kazye jistis ki favorize sis fanmi moun malere kont yonn nan patnè prezidan-an nan yon zafè otel pou touris. Nan okazyon sa-a tout avoka nan vil Pòtoprens te leve kanpe ap pwoteste epi yo tou ekri yon petisyon bay prezidan-an. 

Nan mwens ke yon ane apre, Jean Magloire, kite direktè yon jounal yo te rele Oedipe, mete tout kaka chat deyò. Li publiye rezon k te fè Magloire revoke Syvain san langue de bois. Jounal la di ke manda prezidan Magloire ap fini le 15 me 1956, se pa le 15 me 1957 jan prezidan-an panse. Kòm konsekans atik la, tout peyi a leve kont Magloire poutèt prezidan-an te refize kite pouvwa apre manda l te fini. Malerezman revolusyon sa-a pat gentan pran zèl. Menmsi, apre anpil san etudyan te koule nan yon fason egzajere, nan konfwontasyon ak fòs represyon prezidan-an te deplwaye pou yo te eseye met fen nan grèv la.

An konparezon ak lòt kandida yo, se anpil sektè nan komunote-a ki te mande Franck Sylvain pou l poze kandidatu li a la prezidans. Lè prezidan Nemours Pierre Louis te fòme kabinè minis li an desanm 1956, anpil moun tap panse ke revolusyon-an pat ko ateri. Yo te santi ke kabinè prezidan-an te gen twòp tandans la dwat, e menm kèk reyaksyonè nan mitan manm li yo.

Pou eseye sove revolusyon-an dekwa pou l pat pran kèk kout kouto nan do, menm jan ak sak te pase an 1956, yo rele Franck Sylvain pou l vinn defann peyi-a, epi pou l sa fòme yon pati politik ki te rele Rassamblement du Peuple Haitien.

Franck Sylvain ki te ede Revolusyon 1946 la fèt, ki te kache jèn jounalis La Ruche yo pandan epòk grèv la, te deklare l kandida a la prezidans le 15 desanm 1956.

Mesye Sylvain panse sèl vrè pwoblèm ki gen an Ayiti, se zafè chomaj la. Li santi pi gwo malè k genyen nan yon peyi, se lè gen anpil moun pòv ak grangou. Franck Sylvain di paske peyi d Ayiti te soufri twò lontan anba povrete, la mizè ak grangou, pèp la oblije kite moun finn volè tout dwa l genyen. Franck Sylvain juje ke, pa ka genyen yon vi reyèl nan yon nasyon kote tout moun ap soufri anba grangou. Kidonk, se pou nou fè yon fason pou tout moun kap chèche travay jwenn yon bagay pou yo fè.

Anpil inisyativ dwe pran pou devlope agrikilti ak tout èd-etranjè Ayiti resevwa, nan yon fason onèt ak bonjan administrasyon finans. Kandida Franck Sylvain di, sak manke sitou an Ayiti, se Demokrasi. Twòp prezidan Ayisyen patisipe nan bain de sang, asasinen moun, ak zak egoyis. Twòp prezidan ap volè kòb leta olye pou yo ta sèvi kòm yon bèje kap byen dirije peyi-a.

Lè nou mande Mesye Franck Sylvain, ki chans li genyen pou kanpay la reyusi? Franck Sylvain reponn ke li reprezante twazyèm fòs ki kanpe ant Louis Déjoie ak François Duvalier. Se konsa lap jwen vòt moun ki panse Louis Déjoie twò kapitalis, aristokrat e boujwa. Gen anpil moun ki pè François Duvalier pou tèt asosyasyon l ak prezidan Estimé. An plis, gen moun ki pè bann pèsonaj ki nan antouray Duvalier kap mete plis aksan sou zafè pwoblèm koulè-a.

Franck Sylvain panse a pati de repons ke l jwenn apre yon mwa sèlman depi l antre nan kanpay, li santi gen yon shans konsiderab pou l ta reyusi.


eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

mercredi 8 juin 2022

On a écrit de Port-au-Prince...

Prezidan Jovenel Moïse,

Jodi-a 7 juin 2022. Jodi-a fè 11 mwa depi yo asasinen w. Mwen chwazi ekri w lèt sa-a se pa pou mwen detounen-w sou wout ou, men se pou m fè w kon-nen kòman kè m ap senyen.

Kè m ap senyen, paske ou te toujou di m: "Aya, pa plenyen, ann aji."

Prezidan, mèsi, paske ou te fè m kwè nan vizyon w lan. Mwen pa regrèt ke m te fè 22 mwa kanpay avèk ou nan tout rakwen peyi-a. Mwen sipòte tout pwojè w yo nan Palman-an pandan twazan.

Prezidan, pou wou mwen te pote non kidnapè, paske mwen te sipòte vizyon w lan. Men jodi-a fè 11 mwa depi kriminèl ki te finn asasinen karaktè w yo mete w kouche. 11 mwa depi tout zanmi w yo jete w nan poubèl. 11 mwa depi w ale epi pèsonn pa mande ki kote pwojè w yo pase?

11 mwa depi nou pa tande pale de kouran 24 sou 24 sou tout tèritwa-a. 11 mwa nou pa tande pale de kanal irigasyon. Kafou Jòf,
Anse-à-Foleur. 11 mwa depi nou pa tande pale de kanalizasyon de koperativ, de peyizan latibonit, de ponp irigasyon yo.

11 mwa depi la jistis ap fè lago-lago ak yon ankèt tèt-anba.

Nou pa wè si nou tout lèd? Oui, nou tout lèd. Lè nap gade la jistis ki pa menm ka kòmanse yon ankèt sou asasina prezidan peyi nou.

Lè nap konstate ke se blan kap fè kòm si yap mande jistis. Prezidan Jovenel, se chat kap pwoteje rat.

Nou tout lèd, lè m ap gade kouman lè tout klas politik lan pa janm pran okenn inisyativ pou mande jistis pou-wou prezidan. Laprès fè silans, egzekitif, pouvwa jidisyè pa di anyen. Sena rete la l ap gade. Etidyan, peyizan, atis yo, sektè fanm, legliz katolik, legliz pwotestan, sektè vodou. Zanmi Jovenel, nou tout lèd.

Nou tout fout lèd!

Lè m ap gade sektè prive-a, ki fè silans devan lanmò w, ekselans. Diaspora, droit de l'homme... jodi-a fè 11 mwa depi n ap bay tèt nou manti. 11 mwa depi n ap krache sou kadav yon prezidan, epi, anyen. Epi, anyen!

Paske prèske tout asasen dirèk ou yo ap sikile lib e libè.

Prezidan Jovenel, 

11 mwa apre yo finn asasinen w. Yo kontinye ap mete nou deyò. Depòte nou tout kote nou pase nan mond lan. Nou kontinye paka dòmi lakay nou. Ti moun, gran moun, fanm ansent, andikape, yo tout ap kouri anba bal pou y al pran refij yo sou yon plas piblik.

Prezidan, ke limyè vizyon w yo kouvri peyi-a. Ke lanmou pou Ayiti anvayi kè elit nou yo. Moman-an rive pou nou mete tèt nou ansanm. Pou nou jwenn yon bon antant kap mete Ayiti avan.

Jistis !

Aya.

Auteur: Garcia Delva
Transcription de Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Technology: Solar charging EVs...





mardi 7 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Lè yon moun ap panse kandida a la prezidans, yon pòtre kote gen pakèt moun kanpe ap tann ak enpasyans, zònn resepsyon kote sèvitè ap dirije trafik moun kap antre soti, se jan de bagay sayo ou gen nan tèt ou.

Kay Louis Déjoie nan Pacot pat yon eksepsyon nan règ la. Men jan li te resevwa m nan, ak wòb de shanm sou li, san okenn fòmalite, sa te metem alèz. Senatè Dejoie di li te leve bonè, vè senkè-dimaten, depi lè sa-a misye te okipe, okipe. Patgen tan pou l pèdi. Sa fè m ale dirèk sou tout kesyon m te bezwen poze yo.

Senatè Louis Déjoie, se pitit Justin Déjoie ak Louise Cesvet. Louis Déjoie te fèt nan vil Pòtoprens a inè du maten. Sa parèt enteresan pou moun sonje kiyès kite zansèt Louis Déjoie. 

1. Marquis d'Ennery, ansyen gouvènè koloni Saint-Domingue. (ki mouri an 1776)
2. Nicolas Geffrard, kite yonn nan 4 jeneral kite goumen pou lendepandans Ayiti. 
3. Fabre Nicolas Geffrard. Ansyen prezidan d'Ayiti, kite pitit gason jeneral Geffrard.

Depi Louis Déjoie ti moun, li te etudyan nan Petit Séminaire College Saint Martial nan vil Pòtoprens. Apre sa l te ale nan peyi la Belgique kote l te kontinye etud li nan College Jésuit de Saint Michel nan Bruxelles. Apre sa, Déjoie te etudyan nan Institut Duprich. Pita li lage kòl nan Institut Agronomique de Gembloux kote l te resevwa diplòm Ingénieur-Agronome an 1920.

Pandan Déjoie te lekòl nan peyi Belgique, li te enterese nan atletis. Misye te bay epi l kenbe rekò Pole Vault nan peyi Belgique pandan dizan (1913-1923). Menmsi Déjoie te yon etranje, la Belgique te fè l kapitèn ekip la pandan apil lane.

Louis Déjoie te retounen an Ayiti an 1921. Depi lè sa-a lap travay nan gouvènman Ayisyen. Li pase dizwit-an ap travay pou leta. Déjoie te jwenn yon pòs direktè nan Ecole Pratique d'Agriculture. Apre sa li te vinn yaya kòl kòm anseyan Chimie Générale nan Lycée Pétion, nan vil Pòtoprens. Konpayi suk yo te rele HASCO-a te anplwaye Louis Déjoie kòm Chimis.

Rive an 1924, Louis Déjoie te anplwaye Agwonòm nan gouvènman Ayisyen-an. Déjoie nan travay li, vizite, pase anpil kote nan peyi-a, jis li vinn elu prezidan Chambre de Commerce, an 1945. Misye te elu an de fwa nan pòs senatè Depatman Sud. Premye fwa-a sete an 1946, apre sa l te re-elu an 1950.

Senatè Déjoie marye, li gen twa pitit e 9 pitit-pitit.

O kòmansman Déjoie pat gen lajan. Papa l te pèdi shemiz li nan Premye Gè Mondyal. Senatè Déjoie travay anpil (Peyi d Ayiti nan epòk sa-a, yon senatè pat ka shita toushe lajan san travay). 

Déjoie te vinn rive ashte yon pwopriyete de senk mil ekta. Li bay plis ke senk mil moun travay, salè yo konn soti nan twa-goud-edmi, rive nan mil dola pa mwa. Moun li peye pi gwo salè yo, tout se Ayisyen. Louis Déjoie se propriyetè katòz faktori kap pwodwi lwil esansyèl yo bezwen nan endustri pou fabrikasyon parfum.

Senatè-a se yon kapitalis, men li leve an Belgique ak yon tandans sosyalis. Li antre nan politik pou l sa defann enterè pèsonèl li, ak tout moun sayo kap travay ak li.

Déjoie te senatè sou prezidans Dumarsais Estimé. Li pat renmen sa Estimé tap fè, lè Estimé te kòmanse ap itilize mezi ki pat dakò ak demokrasi. Malgre tout sa, Déjoie pat antre nan opozisyon. Li deklare lap supòte nenpòt moun li panse ki kapab fè korèkteman tout sa k dwe fèt.

Senatè Louis Déjoie te sipòte prezidan Magloire paske l panse ke prezidan-an tap fè anpil bon bagay pou peyi-a. Men, lè Dejoie gade l wè ke Magloire tap volè mwatye lajan peyi-a pou tèt pa li, Dejoie te deside rantre fon nan opozisyon. Déjoie di lanmou l genyen pou Ayiti lakòz anpil pwoblèm pou li. Li sonje lè gouvènman-an te bezwen de milyon dola an ijans, pou l demontre ke yon Ayisyen kapab genyen ase kredi nan peyi etazuni, li te pran responsablite a sou zèpòl li pou l jwenn lajan-an prete pou gouvènman Ayisyen-an ak yon to-denterè trè ba de en-pousan. Pou travay sa-a Déjoie te resevwa yon komisyon de senk mil dola ki prèske pat menm sufi pou l ta kouvri tout frè vwayaj li te fè yo. Malgre sa enmi l yo di ke li te anpoche plis ke san senkant mil dola...

Tout tribilasyon sayo pou yon patriyòt kap sakrifye l. Kout lang sa yo te fè senatè-a mal anpil, sitou lè l panse ke l pat menm bezwen touche ti salè gouvènman Ayisyen-an tap peye l kòm Senatè. Olye de sa, li rale, depanse pwòp lajan pal, plis ke san mil dola pou achte angrè kap sèvi pou devlope agrikilti, se sa k bay moun travay nan yon popilasyon ki nan grangou. 

Daprè jan Louis Déjoie wè bagay yo, pwoblèm Ayiti, se kreyasyon travay pou yon populasyon ki nan grangou. Déjoie di ke li pa yon politisyen, li se yon teknisyen ki vinn ak yon konsepsyon sou kijan peyi d Ayiti ta kapab pwodwi plis.

Jis jounen jodi-a gouvènman Ayisyen an se pigran patwon an Ayiti ki anplwaye 90 pousan populasyon-an. Kidonk majorite moun oblije nan flate moun ki sou pouvwa pou yo sa ret nan dyòb yo. Tout anplwaye oblije ret sou pinga, pou yo pa pèdi dyòb yo. Paske depi w pèdi dyòb ou pagen okenn espwa pou ta jwenn travay nan gouvènman ankò. Se pou chita sou ban ap tann yon lòt gouvènman monte sizan pita...


eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Meanwhile, at Rafa Nadal Stadium...

Unstoppable at Roland Garros, Rafa Nadal won the French Open 2022 by defeating
Ruud in straight sets. Roland Garros should be renamed
Rafa Nadal Stadium.

samedi 4 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Clément Jumelle, ansyen minis finans sou gouvènman Paul Eugène Magloire bay demisyon l le 29 daou 1956. Jumelle di lap kòmanse òganize kanpay li pou pòs prezidan d Ayiti. Misye te fè gwo deklarasyon sa-a devan manm laprès vandredi sa k sot pase-la nan lapremidi. Misye te envite tout jounalis vinn lakay li nan Pétion-Ville vè 5:30pm.

Clément Jumelle te tou pwofite tabli platfòm kanpay li pou la prezidans d Ayiti nan menm conferans lan:

Clement Jumelle, karant-an daj, te prepare yon deklarasyon ki di lap mande pou pèp la al vote pou li pousa metel shita sou shèz boure Shèf Leta an Ayiti. Misye te di ke l pare pou l kontinye tout efò gouvènman Ayisyen an ap fè an Ayiti pandan dizan e ki nan avantaj pèp Ayisyen-an.

"Tout aksyon kap poze jodi-a nan tout domèn ap asure ke majorite pèp la ta kapap jwi bonjan privilèj ki genyen nan sivilizasyon. Platfòm sa-a, se pa sèlman yon garanti pou lapè ak sekurite sosyal nan tout peyi-a, men l se yon nesesite istorik: 

Pou kwape grangou, shanje vizaj tout tikay moun ap viv, ak analfabetis. Tout bagay sayo, Jumelle di, ki enkonpatib avèk orijin grandyoz listwa peyi d Ayiti."

Jumelle kwè ke pèp Ayisyen-an gen bon anbisyon ki kapab men-nenl nan yon piwo nivo. Li deklare ke pwogrè ki deja kòmanse yo pa dwe kanpe oubyen ale oralanti. Jumelle di evolusyon peyi-a, pou yon Ayiti miyò, kòmanse ap pote bon fwi, li di se yon eksperyans kap bay peyi-a anpil espwa.

Kandida Jumelle ap mande pou tout moun aji ansanm alawonn badè pou bay peyi a yon sans ale mye, libète total kapital pou asure bonjan prestij ak lavi miyò nan tout kominote Ayisyen. Tout travay sayo kap fèt douvan je tout moun la-a, koulye-a, ap prepare shan batay nou te genyen depi revolusyon 1946 la. Se sa ki vinn reyisi bay peyi d Ayiti gouvènman desanm 1950 lan.

Platfom kandida Jumelle la ale pi lwen. Li di jounalis yo, vizyon, sa l anvizaje pou peyi-a dwe bay tout moun yon sans ijans. Jumelle juje ke li nesesè pou tout travay ak amelyorasyon rezo woutye nan peyi-a fini. Pwoblèm ki poze, deblozay nan zafè itilizasyon tè leta nan peyi-a dwe rezoud.

Mesye Jumelle swete fè yon alonjman nan irigasyon tè ki nan zònn serès yo (Nòdwès). Misye vle pou Ayisyen plante ak rekòlte nan yon fason rasyonèl sou tout tè ki kultivab. Zònn andeyò vil yo dwe gen kote pou stoke gwoup elektwojèn, pou bay elektrisite.

Kandida Jumelle panse ke la polis nan seksyon rural yo dwe reòganize, epi fòk peyi-a aktive tout mwayen posib pou kapab gen devlòpman endistriyèl tout bon vre.

Mesye Jumelle di ke li konsène dèske Mass pèp la kòmanse gen anpil pouvwa dasha, li ankouraje prudans nan konsomasyon. Li mande pou moun fè ekonomi dekwa todenterè yo sa redwi. Li di si toenterè-a monte twò wo, sa kapab lakòz anpil moun pèdi djòb yo.

Platfòm kadida Jumelle la ankouraje pubik la ak tout sektè prive pou envesti nan peyi-a. Jumelle di lap goumen kont shomaj, li vle tout Ayisyen ta jwenn benefis nan Byenèt Sosyal. 

Lekòl ak lopital, lojman sosyal, tout sa nan pwogram nan. Jumelle ap planifye pou tabli yon sistèm ki respekte dwa tout peyizan ak ouvriye. Kandida Jumelle vle pou Ayiti gen Patriyotis ak Jistis. Kandida Jumelle di li vle kenbe prestij lame d Ayiti, ki la pou bay bonjan sekurite ann-dan ak deyò peyi-a.

Nan zafè entèlektyèl, Mesye Jumelle kwè gen prestij nan panse yon moun ki sot nan milye sa-a. Kandida Jumelle di li paka tann pou l sa òganize jan Univèsite dwe fonksyone nan peyi-a. Li ta renmen prepare jenès la pou dyòb li pwal kreye kap satisfè tout bezwen etudyan yo.

Kandida Jumelle di tout fanm yo dwe jwe yon wòl pi enpòtan nan komunote-a. Mesye Jumelle di, li esansyèl ke peyi-a prezève tout libète. Li di fòk gen yon ranfòsman nan akò ant tout otorite espirityèl ak tanporèl nan peyi-a.

Kandida Jumelle mande pou tout sektè yo met tèt ansanm pou jwen yon denominatè komun pou fasilite rezoud gwo problèm yo. Li swete ke peyi-a ta kòmanse kultive yon fwon d union nasyonal.

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

vendredi 3 juin 2022

1950: Yon powèm sou dwa fanm...

 Se pou fi gen dwa tou

I
An nou wè mezanmi
Se pou nou tout ini
Pou nou gen dwa tou
Sinon n ape toujou
Rete nan vye mizè
Nou p ap janm fè pwogrè.

REFREN

Se pou gen libète
Se pou nou emansipe
Nou bouke rete dèyè
Peyi a dwe fè pwogrè.

II
Fi travay toupatou
Se pou nou gen atou
Pou defann enterè
- E san gade dèyè-
Tout fi ki nan soufrans
Tout moun k ap pase trans.

III
Lè nou tout ap vote
La Chanm reprezante
Lamwatye peyi a
Paske fi yo pa la
Alòske gen plis fi
K ape plede soufri.

IV
An nou tout fè efò
Pou Ayiti pi fò
Douvan tout lòt nasyon
Ki antoure li yo
Nou pa kapab rete
Listwa k ape mache.

V
An ale: Alaso!
Mande Konstitiyan yo
Pou yo mete nan lwa
Fi kou gason gen dwa
Pinga yo betize
Peyi a vle vanse.

VI
Vil Gonayiv de fwa
W ap selèb nan Listwa
Yon lè ou te ba nou
Tout endepandans nou
Fwa sa a nou mande ou
Libète pou fi tou.

26 Septembre 1950

Auteure: Inconnue.
Source: Haiti Sun
Transcription de Weiner Marthone



Di Maria, Leo Messi : Finalissima 2022...


Est-ce que l'Argentine qui a joué ce match, sera au rendez-vous 
de la coupe du monde 2022 ?...

mercredi 1 juin 2022

Grosses Têtes : Fou rire…








Livres en Folie 2022...

Année hybride pour Livres en Folie. La plus grande foire du livre en Haïti aura lieu du lundi 13 juin au 19 juin 2022. 

D'après ce qui nous a été communiqué, les auteurs de nouveaux ouvrages et les deux invités d'honneur seront en signature au Karibe Center, le 16 juin prochain.

Nous aurons souhaité que les organisateurs soient capables de diffuser librement leur perspective sur les attentes en chiffres d'affaire?

Si l'État haïtien donnait l'exemple de transparence, il serait raisonnable d'y croire que le particulier soit en mesure de faire la même chose.