mardi 7 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Lè yon moun ap panse kandida a la prezidans, yon pòtre kote gen pakèt moun kanpe ap tann ak enpasyans, zònn resepsyon kote sèvitè ap dirije trafik moun kap antre soti, se jan de bagay sayo ou gen nan tèt ou.

Kay Louis Déjoie nan Pacot pat yon eksepsyon nan règ la. Men jan li te resevwa m nan, ak wòb de shanm sou li, san okenn fòmalite, sa te metem alèz. Senatè Dejoie di li te leve bonè, vè senkè-dimaten, depi lè sa-a misye te okipe, okipe. Patgen tan pou l pèdi. Sa fè m ale dirèk sou tout kesyon m te bezwen poze yo.

Senatè Louis Déjoie, se pitit Justin Déjoie ak Louise Cesvet. Louis Déjoie te fèt nan vil Pòtoprens a inè du maten. Sa parèt enteresan pou moun sonje kiyès kite zansèt Louis Déjoie. 

1. Marquis d'Ennery, ansyen gouvènè koloni Saint-Domingue. (ki mouri an 1776)
2. Nicolas Geffrard, kite yonn nan 4 jeneral kite goumen pou lendepandans Ayiti. 
3. Fabre Nicolas Geffrard. Ansyen prezidan d'Ayiti, kite pitit gason jeneral Geffrard.

Depi Louis Déjoie ti moun, li te etudyan nan Petit Séminaire College Saint Martial nan vil Pòtoprens. Apre sa l te ale nan peyi la Belgique kote l te kontinye etud li nan College Jésuit de Saint Michel nan Bruxelles. Apre sa, Déjoie te etudyan nan Institut Duprich. Pita li lage kòl nan Institut Agronomique de Gembloux kote l te resevwa diplòm Ingénieur-Agronome an 1920.

Pandan Déjoie te lekòl nan peyi Belgique, li te enterese nan atletis. Misye te bay epi l kenbe rekò Pole Vault nan peyi Belgique pandan dizan (1913-1923). Menmsi Déjoie te yon etranje, la Belgique te fè l kapitèn ekip la pandan apil lane.

Louis Déjoie te retounen an Ayiti an 1921. Depi lè sa-a lap travay nan gouvènman Ayisyen. Li pase dizwit-an ap travay pou leta. Déjoie te jwenn yon pòs direktè nan Ecole Pratique d'Agriculture. Apre sa li te vinn yaya kòl kòm anseyan Chimie Générale nan Lycée Pétion, nan vil Pòtoprens. Konpayi suk yo te rele HASCO-a te anplwaye Louis Déjoie kòm Chimis.

Rive an 1924, Louis Déjoie te anplwaye Agwonòm nan gouvènman Ayisyen-an. Déjoie nan travay li, vizite, pase anpil kote nan peyi-a, jis li vinn elu prezidan Chambre de Commerce, an 1945. Misye te elu an de fwa nan pòs senatè Depatman Sud. Premye fwa-a sete an 1946, apre sa l te re-elu an 1950.

Senatè Déjoie marye, li gen twa pitit e 9 pitit-pitit.

O kòmansman Déjoie pat gen lajan. Papa l te pèdi shemiz li nan Premye Gè Mondyal. Senatè Déjoie travay anpil (Peyi d Ayiti nan epòk sa-a, yon senatè pat ka shita toushe lajan san travay). 

Déjoie te vinn rive ashte yon pwopriyete de senk mil ekta. Li bay plis ke senk mil moun travay, salè yo konn soti nan twa-goud-edmi, rive nan mil dola pa mwa. Moun li peye pi gwo salè yo, tout se Ayisyen. Louis Déjoie se propriyetè katòz faktori kap pwodwi lwil esansyèl yo bezwen nan endustri pou fabrikasyon parfum.

Senatè-a se yon kapitalis, men li leve an Belgique ak yon tandans sosyalis. Li antre nan politik pou l sa defann enterè pèsonèl li, ak tout moun sayo kap travay ak li.

Déjoie te senatè sou prezidans Dumarsais Estimé. Li pat renmen sa Estimé tap fè, lè Estimé te kòmanse ap itilize mezi ki pat dakò ak demokrasi. Malgre tout sa, Déjoie pat antre nan opozisyon. Li deklare lap supòte nenpòt moun li panse ki kapab fè korèkteman tout sa k dwe fèt.

Senatè Louis Déjoie te sipòte prezidan Magloire paske l panse ke prezidan-an tap fè anpil bon bagay pou peyi-a. Men, lè Dejoie gade l wè ke Magloire tap volè mwatye lajan peyi-a pou tèt pa li, Dejoie te deside rantre fon nan opozisyon. Déjoie di lanmou l genyen pou Ayiti lakòz anpil pwoblèm pou li. Li sonje lè gouvènman-an te bezwen de milyon dola an ijans, pou l demontre ke yon Ayisyen kapab genyen ase kredi nan peyi etazuni, li te pran responsablite a sou zèpòl li pou l jwenn lajan-an prete pou gouvènman Ayisyen-an ak yon to-denterè trè ba de en-pousan. Pou travay sa-a Déjoie te resevwa yon komisyon de senk mil dola ki prèske pat menm sufi pou l ta kouvri tout frè vwayaj li te fè yo. Malgre sa enmi l yo di ke li te anpoche plis ke san senkant mil dola...

Tout tribilasyon sayo pou yon patriyòt kap sakrifye l. Kout lang sa yo te fè senatè-a mal anpil, sitou lè l panse ke l pat menm bezwen touche ti salè gouvènman Ayisyen-an tap peye l kòm Senatè. Olye de sa, li rale, depanse pwòp lajan pal, plis ke san mil dola pou achte angrè kap sèvi pou devlope agrikilti, se sa k bay moun travay nan yon popilasyon ki nan grangou. 

Daprè jan Louis Déjoie wè bagay yo, pwoblèm Ayiti, se kreyasyon travay pou yon populasyon ki nan grangou. Déjoie di ke li pa yon politisyen, li se yon teknisyen ki vinn ak yon konsepsyon sou kijan peyi d Ayiti ta kapab pwodwi plis.

Jis jounen jodi-a gouvènman Ayisyen an se pigran patwon an Ayiti ki anplwaye 90 pousan populasyon-an. Kidonk majorite moun oblije nan flate moun ki sou pouvwa pou yo sa ret nan dyòb yo. Tout anplwaye oblije ret sou pinga, pou yo pa pèdi dyòb yo. Paske depi w pèdi dyòb ou pagen okenn espwa pou ta jwenn travay nan gouvènman ankò. Se pou chita sou ban ap tann yon lòt gouvènman monte sizan pita...


eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire