jeudi 9 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Franck Sylvain se yon moun kite abòdab anpil. Biwo l te sitiye sou Grand'Rue an fas Garage Mayas la. Pat gen anpil moun kap monte desan ak ekip sèvitè pou dirije trafik. Men, an verite, yon moun gen enpresyon ke Franck Sylvain te tèlman kontan wè w ke w  konprann li tap tann vizit ou depi lontan, paske l gen yon bonjan mesaj konfidansyèl li vle komunike.

Franck Sylvain, se pitit Léon Sylvain. Misye te fèt Grand-Goâve, yon vil ki sitiye nan zòn lwès a senkant kilomèt  konsa de Pòtoprens. Lè Franck Sylvain te gen wit-an yo te mete l nan klas dizyèm lekòl Saint Louis de Gonzague. Byen bonè, Franck Sylvain tap demontre ke l se yon ti moun ki briyan anpil. Tèlman, ke mèt lekòl la te deside fè l sote klas dizyèm nan pou mete l dirèkteman nan sizyèm segondè. Paske Franck Sylvain te skore 100 sou 100 nan tout sujè egzamen pwomosyon l yo.

Franck Sylvain te kontinye ap briye. Depi dezyèm trimès nan klas senkyèm misye se premye l ye nan klas la chak mwa. Briyans li te kontinye jis li te rive nan retorik. 

An 1928, Franck Sylvain (anfan-pwodij) rantre nan inivèsite deta d Ayiti pou aprann metye avoka. Li te espesyalize l nan Lwa Konstitusyonèl e se li menm ki te resevwa pi gwo nòt nan men Maitre Clément Coicou nan tou de egzamen ekri ak oral.

An 1931 Franck Sylvain te anplwaye nan Depatman Justis. Li te avoka reprezantan Commune Léogâne ak Nippes. Apre sa, li vinn direktè yon jounal ki te rele La Croisade, de 1938 a 1939. Answit, yo te vinn nonmen Franck Sylvain Juge d'Instruction Court Civil nan vil Port-de-Paix.

Franck Sylvain kontinye okipe plas Juge d'Instruction-an jis avril 1955 lè yo te voye l sou beton-an ak anpil fraka. Malgre imunite l te dwe jwi kòm Juge, poutèt yon sèl rezon: Magloire te repwoche l poutèt li te pran yon desizyon nan yon kazye jistis ki favorize sis fanmi moun malere kont yonn nan patnè prezidan-an nan yon zafè otel pou touris. Nan okazyon sa-a tout avoka nan vil Pòtoprens te leve kanpe ap pwoteste epi yo tou ekri yon petisyon bay prezidan-an. 

Nan mwens ke yon ane apre, Jean Magloire, kite direktè yon jounal yo te rele Oedipe, mete tout kaka chat deyò. Li publiye rezon k te fè Magloire revoke Syvain san langue de bois. Jounal la di ke manda prezidan Magloire ap fini le 15 me 1956, se pa le 15 me 1957 jan prezidan-an panse. Kòm konsekans atik la, tout peyi a leve kont Magloire poutèt prezidan-an te refize kite pouvwa apre manda l te fini. Malerezman revolusyon sa-a pat gentan pran zèl. Menmsi, apre anpil san etudyan te koule nan yon fason egzajere, nan konfwontasyon ak fòs represyon prezidan-an te deplwaye pou yo te eseye met fen nan grèv la.

An konparezon ak lòt kandida yo, se anpil sektè nan komunote-a ki te mande Franck Sylvain pou l poze kandidatu li a la prezidans. Lè prezidan Nemours Pierre Louis te fòme kabinè minis li an desanm 1956, anpil moun tap panse ke revolusyon-an pat ko ateri. Yo te santi ke kabinè prezidan-an te gen twòp tandans la dwat, e menm kèk reyaksyonè nan mitan manm li yo.

Pou eseye sove revolusyon-an dekwa pou l pat pran kèk kout kouto nan do, menm jan ak sak te pase an 1956, yo rele Franck Sylvain pou l vinn defann peyi-a, epi pou l sa fòme yon pati politik ki te rele Rassamblement du Peuple Haitien.

Franck Sylvain ki te ede Revolusyon 1946 la fèt, ki te kache jèn jounalis La Ruche yo pandan epòk grèv la, te deklare l kandida a la prezidans le 15 desanm 1956.

Mesye Sylvain panse sèl vrè pwoblèm ki gen an Ayiti, se zafè chomaj la. Li santi pi gwo malè k genyen nan yon peyi, se lè gen anpil moun pòv ak grangou. Franck Sylvain di paske peyi d Ayiti te soufri twò lontan anba povrete, la mizè ak grangou, pèp la oblije kite moun finn volè tout dwa l genyen. Franck Sylvain juje ke, pa ka genyen yon vi reyèl nan yon nasyon kote tout moun ap soufri anba grangou. Kidonk, se pou nou fè yon fason pou tout moun kap chèche travay jwenn yon bagay pou yo fè.

Anpil inisyativ dwe pran pou devlope agrikilti ak tout èd-etranjè Ayiti resevwa, nan yon fason onèt ak bonjan administrasyon finans. Kandida Franck Sylvain di, sak manke sitou an Ayiti, se Demokrasi. Twòp prezidan Ayisyen patisipe nan bain de sang, asasinen moun, ak zak egoyis. Twòp prezidan ap volè kòb leta olye pou yo ta sèvi kòm yon bèje kap byen dirije peyi-a.

Lè nou mande Mesye Franck Sylvain, ki chans li genyen pou kanpay la reyusi? Franck Sylvain reponn ke li reprezante twazyèm fòs ki kanpe ant Louis Déjoie ak François Duvalier. Se konsa lap jwen vòt moun ki panse Louis Déjoie twò kapitalis, aristokrat e boujwa. Gen anpil moun ki pè François Duvalier pou tèt asosyasyon l ak prezidan Estimé. An plis, gen moun ki pè bann pèsonaj ki nan antouray Duvalier kap mete plis aksan sou zafè pwoblèm koulè-a.

Franck Sylvain panse a pati de repons ke l jwenn apre yon mwa sèlman depi l antre nan kanpay, li santi gen yon shans konsiderab pou l ta reyusi.


eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire