lundi 13 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Kandida Julio Jean-Pierre Audain te yon diplomat. Misye te konn ekri sou jounal tou. Julio Jean-Pierre Audain te lonje dwèt li sou Magloire e konpayi, epi l bay Mo-dòd: Men Enmi-an!

Jean-Pierre Audain pat nan mashe mo nan denonse mankman ak koripsyon ki genyen nan gouvènman Ayisyen. Misye al tou dwat nan dife-a lap simen sa sou tèt moun yo ki responsab kriz politik ak finans nan peyi-a. Jean-Pierre Audain, yon pèsonaj ki gen 53-zan, fizikman, se yon moun ki mens.

Jean-Pierre Audain te rantre nan peyi-a apre l te finn pase katran egzil nan peyi Mexico. Karyè diplomatik misye ak entèlijans li demontre pèmèt ke l deklare tèt li kòm kandida a la prezidans d Ayiti.

Lè anpil zanmi te di l ke tout rès kandida yo devan l anpil nan  kanpay elektoral la, Jean-Pierre Audain di se pa anyen, sa se rans, e li kanpe devan mikwo Radio Caraibes pou l adrese yon mesaj bay nasyon-an epi l tou pwofite tabli platfòm li ki pale de sa l gen lide fè pou peyi d Ayiti.

Jean-Pierre Audain fè tout moun konnen byen klè tankou dlo kokoye ke li pwal bay kout men, li prè pou l patisipe nan renesans peyi-a. Se sak fè li prezante plan travay li kap sèvi kòm yon egzanp de respè pou vi prive ak moralite. Li di ke gouvènman pa l la ap pwoteje inisyativ prive, lap genyen yon politik entènasyonal de kolaborasyon ak bon vwazinaj.

Mesye Audain kwè ke Ayiti dwe poze yon aksyon pou tabli yon ekonomi ak pwodiksyon rishès ki miyò. Li panse peyi-a kapab benefisye nouvo teknik ki genyen pou yon devlopman rapid. Li juje ke peyi-a dwe gen yon politik ki byen defini ki soti nan tout koush sosyal ki egziste yo.

Julio Jean-Pierre te yon jounalis de talent, ki kite pozisyon pwofesè l nan Institut Tippenhauer pou l vinn Chef Editeur nan La Presse, yon jounal ki fè aparisyon l sou sèn politik la an 1929. An 1930 li fonde yon jounal yo rele "L'Action Nationale", ki tap fonksyone nan menm edifis kote "La Phalange" ye jodi-a(1957).

Yo te nome Julio Jean Pierre Audain komisè gouvènman ki asiyen ak Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti an 1932. Apre sa li vinn Secretè yon Delegasyon Ayisyèn ki ta pwal nan yon konferans ekonomik a Londres, nan peyi Britanik.

An 1934, apre l te retounen nan yon Misyon Espesyal nan Washington, yo te nome l Chef de Cabinet pa prezidan Stenio Vincent. Li ret nan pòs la pandan twazan, apre sa li te bay demisyon l pou l retounen nan fè politik an Ayiti ankò. Bagay sa-a te fè l pran prizon ak egzil nan ane 1938.

Audain te etudyan nan lekòl Saint Louis de Gonzague, apre sa l te a Paris nan "Ecole des Sciences Politiques de Paris." Apre sa li te fè kou filozofi ak Matematik nan vil Pòtoprens.

Lè Elie Lescot te rive pran pouvwa-a an 1941. Egzile-a te retounen an Ayiti, sa pat pran lontan pou yo te mete l nan prizon ankò. Revolusyon 1946 la te vinn libere l apre yo te lage tout prizonye politik.

Se gouvènman Dumarsais Estime-a ki te mete Audain nan pòs Minis Conseye Ayisyen nan peyi Mexico. An 1947 yo te nome l Anbasadè nan Misyon Espesyal nan peyi Nicaragua. Apre sa yo pimpe misye nan Perou kòm Anvwaye Ekstraòrdinè pandan twazan.

An Janvier 1957 Audain te debake Ayiti, soti an egzil ak tout Madanm li, yon fanm zye ebèn ki soti nan Amérique du Sud. Yo te marye pandan Audain tap viv an egzil, koulye-a tou de moun yo tabli rezidans nan Turgeau.

                                   

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone 
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire