dimanche 26 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Bildin kote Dr. François Duvalier ye-a sitiye nan lokal Haiti Journal. Sa te shaje kou legba ak moun. Moun kanpe tout kote, nan eskalye, nan shanm anlè, moun kap tann deyò, moun ki kanpe sou balkon. Tegen anpil aktivite monte desann eskalye kap fèt.

Depi m rive nan biwo-a tèlman tegen moun, mwen reyalize tout swit m patap jwenn yon shans pou m ta wè ak Duvalier. Mwen te oblije soulaje m plase yon randevou pou demen. Le landemen, apre m te anonse vizit mwen, resepsyonis la te banm de moun pou akonpaye m, franshi pòt, men-nenm devan biwo kote Duvalier te shita. 

Malgre tèt Duvalier te kòmanse ap blanshi, misye te gen yon aparans lajenès nan jan l te prezante, sa te parèt plis, sitou nan fason l pale.

François Duvalier te fèt le 14 avril, karant-wit-an de sa, nan vil Pòtoprens. Li te fè etud li nan Lycée Pétion. Apre sa li te antre lekòl de Medecine nan Université d'Etat d Haiti an 1928.


Duvalier pase dizan ap pratike la medecine nan klinik prive. Li te travay ak yon òganizasyon Ameriken ki tap konbat Malaria ak Pyan. Duvalier te benefisye yon bous gouvènman Ayisyen-an pou al aprann Santé Publique nan Université de Michigan nan peyi etazuni, an 1944 ak 1945.

Dr. Duvalier pase ventan ap fè reshèsh nan la medecine ak antwopoloji. Sa te fè li rann kont ke mas pèp la te nan yon eta sèvitud (esklavaj) moral, materyèl ak espirityèl. Majorite mas pèp Ayisyen-an te lage kòyo nan zafè sipèstisyon, se sa k fè Duvalier ap shashe sipò legliz katolik ak pwotestan yo pou ede l sove pèp Ayisyen-an, li di, kap kontinye pirèd nan pratike sipèstisyon.

Dr. Duvalier etidye Vodou nan yon fason syantifik epi l mande pou ta gen yon rapwoshman rasyonèl ki fèt nan Vodou-a pou l ta vinn sanble ak jan Boudis-yo fonksyone ak lòt relijyon. Duvalier panse li nesesè, pou pran 90 pousan nan populasyon Ayisyèn nan kap pratike sak rele primitivis, eduke yo, epi bayo ekipman ak zouti kigen nan lopital ak dispansè. Duvalier kwè li nesesè  ke populasyon an ta jwenn asistans teknik e finansyè nan zafè agrikilti.

Duvalier panse ke pèp Ayisyen-an prezante yon espektak tristès yon pèp nwa kap lute anba la mizè nan mitan anpil potansyalite rishès. Duvalier di ke peyi-a plen rishès ki pa byen pataje ni òganize. Li tou deklare ke se kondisyon rat-deplimen mas pèp la ki te fè l antre nan zafè politik peyi-a, an 1946.

Duvalier di, antan ke pitit pèp-la, se pa de twa goumen l pa goumen ak tout frè l yo pou Ayiti ta gen yon administrasyon ak jistis sosyal ki onèt. An 1949, Duvalier te minis travay ak sante piblik. Akòz de Diktati kraze-zo Paul Eugène Magloire la misye te oblije pran rak, rantre nan kashe. Li retounen sou sèn politik la le 2 mwa daou 1956. Duvalier te kòmanse ap pale de pwoblèm koulè-a ki egziste an Ayiti.  Duvalier te afime ke nan yon kote ki gen anpil prejije konsa, pagen mwayen pou yon moun ta kapab grandi nan fason espirityèl e materyèl.

Duvalier te pale de drapo Ayisyen-an tou. Li di " ke l pa ni ble ni wouj, men l se de koulè sa yo ki pap divize pèp Ayisyen-an."

Duvalier pat bay menm enpresyon ak tout lòt kandida yo, li te gen anpil konfyans nan resous peyi-a, li panse kapab gen yon Ayiti san magouy, ki kapab òganize koperativ pou fè devlòpman nan agrikilti avanse. Li pran kòm egzanp tout kantite tèt shaje, bann deblozay, magouy nan zafè finans sou gouvènman Paul Eugène Magloire la te kite tèlman ke administrasyon-an te malonèt.

Duvalier te kontinye, li di, si moun ki monte sou pouvwa an Ayiti yo te onèt, olye de fè bann gaspiyay, tout lajan sa yo ta kapab sèvi pou ede nan devlòpman ekonomik peyi d Ayiti pito. Duvalier twouve li enpòtan pou nivo iletre-a nan mas pèp la desann dekwa pou tout moun ka prepare pou antre nan demokrasi, ak òganizasyon sendika. Duvalier di se pa ak mas pèp la sèlman l vle travay. Li panse lè l resi mete pwogram li-an sou pye, lap jwenn bon rezilta kap afekte lavi tout Ayisyen nan yon atmosfè konfyans kap anjandre lajwa, optimis, lanmou pou aprann ap retounen. 

Duvalier panse, si peyi-a ta pran direksyon sa-a, l gen espwa yon Cité Universitaire ta bati, kote tout jèn moun ta jwenn yon klima ki anfòm e konfòtab tout bon, de fason yon moun  pap gen anvi al foure dwèt li nan je yon lòt, nan tout pete batay ki egziste pou savwa ak kilti nan peyi d Ayiti. 

eMagazine
Traduction et Adaptation de Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire