mardi 27 février 2024

Mouri Debou...

Ayisyen,  

Kap viv byen,

Aletranje,

Tande byen.

Fè yon ti rantre lakay.

Tande?

Pako gen lanmó.

Men tout bagay grav,

Pase aksan grav.

Grangou finn anvayi,

Tout Sosyete a,

Nan peyi d Ayiti.

Mwen pat vle,

Se zót kap pede,

Bay move nouvèl,

Ki pou vinn di.

Bagay la grav,

Pirèd pase aksan grav.

Si w kapab rantre,

Menm grenn pa grenn,

Wa rantre lakay.

Fè yon ti kout pye,

Nan katye,

Kote w te fèt,

Pa kite egoyis,

Moun kraponen w,

Fè w rete lwen.

Fè yon ti sakrifis,

Rantre lakay.

Fè yon ti reflechi,

Sou sa tande ?

Tout restoran vid,

Tout otèl blanch.

Plaj yo vid.

Pagen lavi lan nwit.

Gen anpil kout fizi.

Grangou ap toupizi.

Kote tout envètè,

Motè jeneratris kanpe,

Ap krache lafimen,

Anba pann gaz.

E si ou ta mouri,

Lan nwit,

Nan fè nwa,

Omwen ou kapab di,

Ou pat ret nan fredi,

Ou te rantre Ayiti,

ou mouri,

debou.

Weiner Marthone

27 Fevriye 2024