mercredi 30 novembre 2022

Knocking at the door..

  


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

mardi 29 novembre 2022

Ruelle Vaillant : 29 Novembre 1987…


(Bis)

Ti moun piti k nan mizè

K je pete k pa konn li

Nou pèdi.

Sa nou pèdi la

Se li n ap shèshe.


Ala yon koze

Li rèd anpil o

Ala yon pawól 

Li rèd anpil o


Dlo a tonbe

Nan lari a la

Papa, nou va replen li


Nou va replen li 

Gérald Brisson,

Nou va replen li.


Nou va replen li.

Richard Brisson,

Nou va replen li.


Non va replen li,

Dr Lainé

Nou va replen li.


Ala yon koze

Li rèd anpil o

Ala yon pawól 

Li rèd anpil o


Dlo a tonbe

Nan lari a la

Papa, nou va replen li

Jean Robert Cyus

Nou va replen li.


Nou va replen li

Jean Dominique

Nou va replen li


Nou va replen li

Mèt Yves Volel

Nou va replen li.


(Bis)

Mwen di jou n an kólè

jou n an kólè,

Jou n an kólè 

N ap krashe san ba yo.


Marthone père’s rare Haitian music and lyrics.

Auteur : Manno Charlemagne



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 27 novembre 2022

1957: Once Upon an Evangelist…



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com


mercredi 23 novembre 2022

Eleksyon 22 septanm 1957...

 Nou paka kontinye ap kite lòt moun vinn ekri listwa d Ayiti pou nou. Fòk jenerasyon sa-a kòmnanse pa rapatriye tout sa k pou li. Se nan optik sa-a ke nap refè biyografi kèk shèf deta   kontanporen Ayisyen.

Mwen pa ni ble ni wouj, men m se de koulè k pap janm divize pèp Ayisyen-an, pawòl sila se Dr. François Duvalier ki te dil nan yon diskou l te pwononse nan vil Jacmel.

François Duvalier te pran nesans Mèkredi 14 avril 1909 nan yon pati rural vil Pòtoprens. Papa l te rele Duval Duvalier. Se te yon juj ki tap travay nan Court Suprême an Ayiti. Manman l te rele Ulyssia Abraham, okupasyon li se te yon boulanjè.

François te kòmanse etud li nan lekòl Lycée Pétion. Aprè sa li te antre nan Faculté de Médecine et Pharmacie nan lane 1928. Duvalier te resevwa diplòm dòktè l sizan apre, an 1934.

Duvalier pase dizan ap pratike la médecine nan sektè prive. Li te travay ak gouvènman Ameriken nan misyon sanitè l te genyen depi lane 1943 rive jiskan 1954.

Nan epòk sa-a tegen de flewo kitap krabinen 80 pousan peyizan Ayisyen yo. Sete maladi Pyan ak Malarya. Kanpay sanitè sa-a te redwi e prèske elimine de vye maladi sayo nan peyi d Ayiti. 

Nan peryòd eleksyon 22 septanm 1957 la, se sèlman 5 a 10 pousan moun nan populasyon Pòtoprens ki te afekte. Duvalier te trete plis ke yon milyon peyizan Ayisyen kite gen maladi Pyan sa-a. Li menm te ekri yon liv sou sa.

Nan vil pwovens, efektif peyizan k te enfekte ak de maladi yo, kapab rive nan zònn 45 pousan konsa. Kandida Duvalier sèmante, li di lap kontinye konbat maladi Pyan-an menm si l vinn prezidan. Dènye fwa l te pratike la Médecine sete nan mwa desanm 1954.

Lè sa-a Duvalier te antre nan kashe sou rejim Magloire la. Duvalier santi ke pi gran fason l te kontribye nan peyi-a se pandan kanpay pou elemine Pyan. 

Se Duvalier kite devlope nouvo metòd syantifik pou trete maladi sa-a nan peyi d Ayiti. Nan lane 1944, 1945, Duvalier te al kontinye etud li nan peyi Etazuni. Se leta Ayisyen ki te fèl jwen yon bous detud.

Duvalier se yon moun marye. Anpil sitwayen konnen l sou non Dòk. Kandida Duvalier deklare ke l pagen okenn prejuje sosyal, e ke tout kote kigen prejuje paka gen pwogrè materyèl ni espirityèl.

Duvalier gen 4 pitit, Marie-Denise, laj kenzan, Nicole, laj katozan, Simone, laj douzan ak Jean-Claude laj sizan.

Kandida Duvalier se yon moun ki renmen li ak pratike la Médecine. Li se yon kwayan katolik. Duvalier se manm sosyete medikal ak sosyolojik nan plizyé peyi tankou Etazuni, Angleté, Meksik, laFrans ak Cuba.

Duvalier te yon gwo supò pou prezidan Dumarsais Estimé, li te okupe plas minis Santé Publique et du Travail depi lane 1949 rive a 1950.

Depi Eugène Magloire te elu an 1950, - Magloire te sèl kandida a la prezidans - Duvalier te premye moun ki te nan opozisyon, epi refuze kolabore ak Magloire, shak fwa yo voye envitasyon bali.

Opozisyon pozitif sa-a tegen ladan l yon bann de jèn entèlektyèl, ki te oblije pran rak pandan dezan. Patgen yon grenn moun ki tap bay okenn detay sou sa, men Magloire te pase lòd pou mashe pran Duvalier tou vivan oubyen vinn ak kadav li, depye devan.

Duvalier te sòti nan kashe nan mwa septanm 1956, apre l te finn òganize yon mouvman anbashal. Misye te reparèt tèt li jis aprè gouvènman Ayisyen-an te pran desizyon pou l padone tout moun ki te nan tèt mouvman sila.

Duvalier te aksepte publikasyon dekrè elektoral konsèy militè-a te pubiye nan jounal ofisyèl peyi-a, le Moniteur, nan 28 daou. Depi lè sa-a Duvalier te louvri kanpay li nan tout peyi-a. Kandida-a te fè anpil pwomès bay mas peyizan ak klas mwayèn nan, pou met sou pye yon gouvènman onèt.

Duvalier panse ke peyi-a plen ak resous, men se pou gouvènman Ayisyen-an vinn onèt, de fason pou l sa òganize koperativ ak agriculture.

Duvalier di li nesesè pou leve nivo mas moun ki konn li nan peyi-a, an preparasyon vers la démocratie, li di lè program li an va kòmanse se tout peyi-a kap repran konfyans nan etud ak la jwa.

Duvalier gen lespwa bati yon site univèsitè, li vle pou Université d'Etat d'Haiti (U.E.H) ta kapab mèt tèt li san leta Ayisyen pa vinn antre ladan l, pou bay kontwòl.

eMagazine
Adaptation de Weiner Marthone


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

mardi 22 novembre 2022

Qatar: Two Upsets Already…




Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

lundi 21 novembre 2022

West Indies to the Rescue?...

\


Cutting down trees in the West Indies to help in
the fight against Naziism??? Morse Code Operators,
Aviators and Sailors, Machine Operators
 from the British West Indies
in their own words...


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com



dimanche 20 novembre 2022

Once Upon an Evangelist...



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

vendredi 18 novembre 2022

Ayiti: Abitud Kraze-Brize...

Kòmansman Mondyal foutbòl 2022 a nan peyi Qatar finn rive sou nou.  Bagay sa-a fè m tris anpil, sa bay lapenn lè m wè ke Ayiti pap reprezante fwa sa-a ankò...

Poukisa, Ayiti toujou gen pwoblèm pou monte yon ekip solid, yon ekip foutbòl tout bon kap jwe tèlman byen ke l ap mashe bat moun?

Fòk yon moun pran san l, refleshi, avan l reponn kesyon sila.

Ayiti gen move abitud kraze. Li ta sanble ke kraze-a koud nan tisu Ayisyen-an menm.

Obsèvasyon ke m te fè sou teren foutbòl fè m kwè shak fwa foutbòl la fè depa an avan, gen yon enbesil ki goumen, pete koken, epi l pran kontwòl òganizasyon-an, fè l retounen, fè bak. 

Kòm ki dire se eksprè menm nèg yo fè pou kraze pwogrè nan kèlke swa domèn Ayisyen-an ta kòmanse ap domine.

Si nou pran epòk, avan e aprè, Mondyal 1974 la te fèt a Munich, nan peyi Almay. Nou tegen bonjan konpetisyon ant ekip premye divizyon an Ayiti. 

Premye divizyon te vinn sèvi kòm yon pepinyè pou devlope bon jwè. 

Se pat bon jwè sèlman kite genyen, tegen anpil bon antrenè tou. Gouvènman Ayisyen-an te konsidere shak jwè foutbòl tankou yon Anbasadè pou peyi-a.

Nan epòk sa-a, shak ekip premye divizyon tegen dwa ajoute twa jwè etranje ladan l. 

Pa egzanp Violette te anboshe twa Ajanten. Victory tè fè menm bagay la. Se sak te kenbe nivo foutbòl la apre n finn patisipe nan Mondyal 1974.

Ayiti tegen anpil bon jwè. Pa egzanp, yon jwè tankou Guy Sainvil, si patgen prejije, te kapab jwe nan nenpòt gwo ekip aletranje. Ernst Jean-Joseph, Arsène Auguste, Mario Léandre, Emmanuel Sanon, Ducoste, Vorbe, Bayonne, Brévil, Francillon, etc. se yon seri de gran jwè ke Ayiti te reyusi devlope lokalman.  

Reyalite-a frape m maten an. Paske, gen anpil peyi kap patisipe nan Mondyal Qatar 2022 a, si nou pat depase yo, yo te nan menm nivo ak nou. Se bagay sa-a ki fòse n fè yon ti refleshi sou zafè move abitud kraze-brize a.


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

mercredi 16 novembre 2022

Revisiting D.W. Field Park...


The video above was taken 4 years ago.


This is how D.W. Field Park looked like 32 years ago...


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com



lundi 14 novembre 2022

Grand Orchestre du Casino International...



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 13 novembre 2022

James Allen: Como un Hombre Piensa...

  


Take the Visitor Survey and win this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

samedi 12 novembre 2022

Zo d'Axa : L' Âne Nul...

  

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Caligula : Reprise Indigène...



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com