mercredi 23 novembre 2022

Eleksyon 22 septanm 1957...

 Nou paka kontinye ap kite lòt moun vinn ekri listwa d Ayiti pou nou. Fòk jenerasyon sa-a kòmnanse pa rapatriye tout sa k pou li. Se nan optik sa-a ke nap refè biyografi kèk shèf deta   kontanporen Ayisyen.

Mwen pa ni ble ni wouj, men m se de koulè k pap janm divize pèp Ayisyen-an, pawòl sila se Dr. François Duvalier ki te dil nan yon diskou l te pwononse nan vil Jacmel.

François Duvalier te pran nesans Mèkredi 14 avril 1909 nan yon pati rural vil Pòtoprens. Papa l te rele Duval Duvalier. Se te yon juj ki tap travay nan Court Suprême an Ayiti. Manman l te rele Ulyssia Abraham, okupasyon li se te yon boulanjè.

François te kòmanse etud li nan lekòl Lycée Pétion. Aprè sa li te antre nan Faculté de Médecine et Pharmacie nan lane 1928. Duvalier te resevwa diplòm dòktè l sizan apre, an 1934.

Duvalier pase dizan ap pratike la médecine nan sektè prive. Li te travay ak gouvènman Ameriken nan misyon sanitè l te genyen depi lane 1943 rive jiskan 1954.

Nan epòk sa-a tegen de flewo kitap krabinen 80 pousan peyizan Ayisyen yo. Sete maladi Pyan ak Malarya. Kanpay sanitè sa-a te redwi e prèske elimine de vye maladi sayo nan peyi d Ayiti. 

Nan peryòd eleksyon 22 septanm 1957 la, se sèlman 5 a 10 pousan moun nan populasyon Pòtoprens ki te afekte. Duvalier te trete plis ke yon milyon peyizan Ayisyen kite gen maladi Pyan sa-a. Li menm te ekri yon liv sou sa.

Nan vil pwovens, efektif peyizan k te enfekte ak de maladi yo, kapab rive nan zònn 45 pousan konsa. Kandida Duvalier sèmante, li di lap kontinye konbat maladi Pyan-an menm si l vinn prezidan. Dènye fwa l te pratike la Médecine sete nan mwa desanm 1954.

Lè sa-a Duvalier te antre nan kashe sou rejim Magloire la. Duvalier santi ke pi gran fason l te kontribye nan peyi-a se pandan kanpay pou elemine Pyan. 

Se Duvalier kite devlope nouvo metòd syantifik pou trete maladi sa-a nan peyi d Ayiti. Nan lane 1944, 1945, Duvalier te al kontinye etud li nan peyi Etazuni. Se leta Ayisyen ki te fèl jwen yon bous detud.

Duvalier se yon moun marye. Anpil sitwayen konnen l sou non Dòk. Kandida Duvalier deklare ke l pagen okenn prejuje sosyal, e ke tout kote kigen prejuje paka gen pwogrè materyèl ni espirityèl.

Duvalier gen 4 pitit, Marie-Denise, laj kenzan, Nicole, laj katozan, Simone, laj douzan ak Jean-Claude laj sizan.

Kandida Duvalier se yon moun ki renmen li ak pratike la Médecine. Li se yon kwayan katolik. Duvalier se manm sosyete medikal ak sosyolojik nan plizyé peyi tankou Etazuni, Angleté, Meksik, laFrans ak Cuba.

Duvalier te yon gwo supò pou prezidan Dumarsais Estimé, li te okupe plas minis Santé Publique et du Travail depi lane 1949 rive a 1950.

Depi Eugène Magloire te elu an 1950, - Magloire te sèl kandida a la prezidans - Duvalier te premye moun ki te nan opozisyon, epi refuze kolabore ak Magloire, shak fwa yo voye envitasyon bali.

Opozisyon pozitif sa-a tegen ladan l yon bann de jèn entèlektyèl, ki te oblije pran rak pandan dezan. Patgen yon grenn moun ki tap bay okenn detay sou sa, men Magloire te pase lòd pou mashe pran Duvalier tou vivan oubyen vinn ak kadav li, depye devan.

Duvalier te sòti nan kashe nan mwa septanm 1956, apre l te finn òganize yon mouvman anbashal. Misye te reparèt tèt li jis aprè gouvènman Ayisyen-an te pran desizyon pou l padone tout moun ki te nan tèt mouvman sila.

Duvalier te aksepte publikasyon dekrè elektoral konsèy militè-a te pubiye nan jounal ofisyèl peyi-a, le Moniteur, nan 28 daou. Depi lè sa-a Duvalier te louvri kanpay li nan tout peyi-a. Kandida-a te fè anpil pwomès bay mas peyizan ak klas mwayèn nan, pou met sou pye yon gouvènman onèt.

Duvalier panse ke peyi-a plen ak resous, men se pou gouvènman Ayisyen-an vinn onèt, de fason pou l sa òganize koperativ ak agriculture.

Duvalier di li nesesè pou leve nivo mas moun ki konn li nan peyi-a, an preparasyon vers la démocratie, li di lè program li an va kòmanse se tout peyi-a kap repran konfyans nan etud ak la jwa.

Duvalier gen lespwa bati yon site univèsitè, li vle pou Université d'Etat d'Haiti (U.E.H) ta kapab mèt tèt li san leta Ayisyen pa vinn antre ladan l, pou bay kontwòl.

eMagazine
Adaptation de Weiner Marthone


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire