dimanche 31 juillet 2022

Once upon a televangelist...



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

samedi 30 juillet 2022

Devoir de Mémoire : Kreyativite Lago Delivrans...

Nap kontinye fè efò pou rapatriye kilti Ayisyen sou blòg la...

Nan epòk anpil kè sote ak laperèz. Anba poto limyè, sou diktati, Ayisyen te oblije shashe yon mwayen kan-menm pou l jwenn trankilite, repo lespri l nan jwèt. Nan tan lontan, bò lakay pa m, jenès la te gen anpil shwa, se swa l jwe foutbòl sou bèl teren plen zèb vèt, baskètbòl sou pakinn oubyen l jwe Lago Delivrans.

Note byen ke m tap viv nan yon katye ki te plen ak shèf. Sètadi, yon nèg te oblije gen anpil taktik pou evite dezagreman...

Jenès la, nan yon premye moman te konn prefere jwe Lago Delivrans sou yon plas piblik ki te nan katye-a. Nan jwèt sila, se pou yon moun gen bonjan fyèl pou kouri tankou nenpòt atlèt olenpik pou sa jwe byen. 

Patnè nan shak ekip konn shwazi jwè yo a pati de yon sistèm Bwa Long ak Bwa Kout.  Kaptèn shak ekip kenbe tout bwa yo nan men l, epi li prezante sa bay shak jwè. Sa k rale Bwa Long al jwenn yon ekip ki diferan ak sa k shwazi Bwa Kout.

Menm penpenp lan repete pou deziye ki ekip kap nan mitan wonn nan an premye kòm prizonye. 

Tankou nan jwèt foutbòl, yon ekip ap jwe defans tandis ke lòt la nan atak, lap fè jan l konnen pou l delivre ko-ekipye-a ki kanpe nan mitan wonn nan. Jwèt la gen yon sèl règ: Depi yo toushe w, ou elemine.(toush- priz)

Depi ou toushe prizonye pa w la, ki kanpe nan mitan wonn nan, misye vinn otomatikman lib. Koulye-a, se tou lòt ekip la, ki dwe shwazi kiyès ladan yo kap prizonye. Tout nèg ki pat konn kouri vit, toujou nan mitan wonn nan, yo sèvi kòm prizonye.

Lago Delivrans se yon jwèt ke ou kapab jwe nan 'senk konn senk' e menm plis moun.
veritas_tum@yahoo.com



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com




mardi 26 juillet 2022

Where are they now?…





Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com



lundi 25 juillet 2022

Team USA: Track an Field…




Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 24 juillet 2022

Jorge Ramos: Un reportero de verdad...

 


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Once upon a televangelist…

 




Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com



vendredi 22 juillet 2022

Rezilta Ofisyèl Eleksyon 22 Septanm 1957...

Li trè enpòtan pou nou publiye non tout kandida ki te reyusi nan eleksyon senatoryal ak depute nan eleksyon septanm 1957 la. Tout moun sayo ta pwal jwe yon wòl detèminan nan lavni pèp Ayisyen-an, Gen anpil ladan yo ki lakòz bann bagay ki pwal pase sou rejim diktatoryal Dr. François Duvalier-a. Prezidan Duvalier te ranvwaye yo tout, epi li deklare eta durjans ki vinn men-nen sou prezidans avi.

Men rezilta ofisyèl eleksyon 22 septanm ki sot pase la. 21 Senatè te enstale nan Palè Jistis depi jedi. Lelio Vilgrain ki shèf jistis nan Kou Siprèm te prezide rasanbleman-an, li te asiste pa Batonye avoka-a Me Simon Desvarieux ak sitwayen Joseph Jérémie.

Men non tout Senatè yo ki reyusi:

Nan Depatman Lwès

Sénateur Jean P. David
Victor Nevers Constant
Arthur Bonhomme
Yvan Moreau
Thomas Désulmé
Louis Raymond

Nan Latibonit

Pressoir Bayard
Henri Marc-Charles
Charité Louis
Jéhu Garnier

Nan Nò-d-Wès

Candelon Lucas
Paul Pereira
Dieudonné Legros

Depatman Sid

Hugues F. Bourjolly
Gesner Kersaint
Jules Larrieux
Callisthènes Joseph

Depatman Nò

Luc Stephen
Ulric St. Louis
Jean Bélizaire
Antoine Marthol

Gen 37 Depite ki te reyusi nan eleksyon-an

Clément St Cloud
Henry Gatteau
André Garnier
Franklin Elie
Enaillo Monez
Reynold Météllus
André Moïse
Gabriel Augustin
Wébert Kersaint
Luc F. François.
Lucien Bélizaire
Jean Baptiste Pierre-Louis
Saintange Bontemps
Dabanor Etienne
Décius Jean
Hébert Françillon
Max Ménard
Hugo Paul
Dijon Jean Gilles
Lavoisier Lamothe
Gerson Zamor
Alphonse Lahens
Rameau Estimé
Jean Julmé
Dupéra Péralte
Marius Lafond
Pauléus Duverseau
Joseph Amary
Belotte Blémur
Albert Garçon
Thermosirus St Fleur
Pierre Armand
Franck Séraphin
Laurent St Louis
Marmontel Guillaume
Amerlin Condé

eMagazine
Traduction Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

mardi 19 juillet 2022

Edward R. Murrow reporting...





Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

samedi 16 juillet 2022

Frè Jowèl: Message from Missouri ...


We Christians don't put our faith and hopes in man, but in Christ. For, a man's life is temporary, but God is eternal... Frè Jowèl.


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Ekwasyon eleksyon prezidansyèl 1957...

Yon Ayisyen matematisyen, te deside ekri yon ekwasyon ki kapab rezoud pwoblèm eleksyon prezidansyèl 1957 la.

Misye te kòmanse ak ekwasyon kwadrilateral la ki: ax² + bx + c = 0, daprè sak te publiye nan edisyon l5 oktòb 1956 la, sou jounal "Razoir".

Bon, fòk mwen di nou tegen yon antesedan (yon bagay ki te pase anvan). Jodi-a nap bay pèp Ayisyen an yon zetrenn tankou n konn fè nan jou d lan shak ane. Nou pwal eseye jwenn solisyon pou ekwasyon o dezyèm degre ki poze piwo-a. Fòk mwen di nou, ke ekwasyon prezidansyèl la gen pou baz li yon "Onomancie".

Onomancie savle di, yon syans ki egziste lakay divinò ki baze sou nimewo. Koulye-a nou konnen ke shak nimewo gen siyifikasyon l nan zafè mistik epi shak lèt nan yon mo kèlkonk kapab gen reprezantasyon nimerik (ranplase pa yon nimewo) pou li.

Ekquasyon prezidansyèl la va eden konnen si gen yonn oubyen plizyè shans pou yon kandida ta reyusi nan eleksyon kap vini-an e li kapab devwale (montre n) kantite difikilte yon kandida kapab jwenn nan kanpay elektoral la ansanm ak jan de enpòtans kèk moun jwe ak wòl yo nan antouraj shak kandida la prezidans.

Teworèm "Pythagore" la di ke lunivè genyen kòm konpozant li numewo l ak logarit ("Logarithme" yon tab ki solisyon syantifik tout shif baz 10 yo) tout lèt sayo, ke nou kapab ranje nan yon fason epi tou pwofite asiyen kèk patikilarite mistèrye nan siyifikasyon yo tout.

Shans nan yon eleksyon, pa egzanp, ta tankou yon pwogresyon de Nimewo Enkonu. Yon Aza egziste a pati de jan nou ta ranje tout nimewo yo. Lavni se yon konpoze daprè yon Aza H, Shans S, ak tan l pran T.

Sa vinn bay ekwasyon-an ki ekri ah² - sx + t = 0. Se sa k mennen nou tout dwat nan ekwasyon prezidansyèl 1957 la, ke nou poze.


eMagazine
Traduction et Adaptation de Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

jeudi 14 juillet 2022

14 juillet 1789 : Prise de la Bastille...


Savez-vous pourquoi La Prise de la Bastille est le symbole de la révolution française?
En 1789, le peuple gronde. Depuis la forte hausse du prix du pain, les Français ont faim. 

Par ailleurs, une rumeur circule. Le roi Loui XVI refuserait de disperser les 20.000 soldats qui menacent d'intervenir contre l'Assemblée nationale.

Enfin, le 11 juillet le très populaire ministre Necker est renvoyé. 

Dès le lendemain, les premières émeutes éclatent.

Le Couvent Salazar est pillé de son grain, des armes sont prises aux Invalides et aux Garde-meuble.

Pour contenir les insurgés, le roi mobilise des troupes autour de la ville et dans le même temps, une milice bourgeoise est constituée.

Le 14 juillet 1789, c'est l'insurrection. 

La foule se presse devant la Bastille. Construite au XIVe siècle, cette forteresse est devenue prison d'Etat. Le roi peut par lettre de cachet, sans procès ni jugement y faire enfermer quelqu'un.

Pour le peuple français, marqué par l'esprit des Lumières, la Bastille est devenue un des symboles de l'arbitraire royal.

Leur idée n'était pas d'attaquer cette prison presque vide, mais d'exiger des armes et le retrait des canons pointés sur eux.

Après avoir commencé par négocier, Launey, le gouverneur de la Bastille, fit tirer sur la foule...

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 10 juillet 2022

Vyolans nan Eleksyon prezidansyèl 1957...

De moun pèdi lavi yo, de lòt blese madi nan batay ki pete nan mitan kèk gwoup patizan nan eleksyon prezidansyèl la. Sa te pase pandan ke shak lidè politik yo tap shashe anvayi teritwa yon lòt.

Biwo politik kandida la prezidans Louis Déjoie, te anonse nouvèl nan radyo mèkredi pase-a bay prezidan pwovizwa Franck Sylvain kòmsi pou misye ta dwe bay garanti  pwoteksyon pou tout kandida yo. Louis Dejoie di nan ka kontrè, l ap oblije pran mezi pal dekwa poul sa genyen bonjan pwoteksyon.

Yon fanatik Louis Déjoie tap pale nan radyo, li di pou tout dejwayis yo ta kapab demontre yon egzanp senpati se pou yo al nan fineray de patizan Dejoie yo ki sot mouri apre goumen k te fèt nan Carrefour Dufort, yon vil ki sitiye a plis ke ven-n-senk kilomèt de Pòtoprens.

Gen anpil move zak ki te pase anvan deblozay la te pete ant dejwayis ak Fiyolis. Yo konsidere vil Léogane kòm baz kandida Daniel Fignolé, menmsi Doc. François Duvalier te fè kanpay nan zònn nan dimansh pase nan aswè san patgen okenn tèt fèmal.


Senatè Louis Déjoie tap men-nen kanpay nan zònn sud la sou motosiklèt. Li stope nan Carrefour Dufort madi pase-a vè onzè di maten.

Katye jeneral lame d Ayiti anonse nan zafè batay ki pete ant patizan senatè Déjoie ak moun ki fanatik pwofesè Fignolé, ebyen bagay sa-a te lakòz anpil moun blese anba kout zam a fe ki sot nan kan dejwayis yo.

Yon patizan Fignolé mouri yon lòt te blese. Lame d Ayiti rapòte ke yon gwoup moun ki fanatik Daniel Fignolé te tire revanj, pran kòd mare epi yo al pann sou pye bwa, Raimond Mardi Pierre, ki te yon fanatik Louis Déjoie. Foul la te atake misye epi bat li jistan Raimond Mardi Pierre te pèdi lavi l.

Anyen pat rive senatè Louis Déjoie paske depi kòmansman koumen-an fanatik li yo te gentan fè misye demake epi pran rak.

Apre pakèt bann deblozay sayo nan kanpay elektoral la, Ministè depatman Interyè a te bay yon kominike mèkredi ki sispann emisyon tout nouvèl ki gen yon aspè politik.

Tout moun ki tap tande radyo Station MBC madi nan aswè te konprann yon dram kite pase nan fen emisyon  an apre yon fanatik Clément Jumelle, Mesye Bonaventure, tap pale. Se shak swa li te pran atake Evremont Carré, ki Minis Affaire Etrangère la. Lap mande pou minis la bay demisyon l. Bonaventure te deklare ke Mesye Carré se pwason kraze nan bouyon, li se kouzen Raphael Trujillo, e ke misye pa dwe gen okenn dwa pou l kontinye okipe pòs li nan Relations Etrangères.

Nan menm pwogram nan, Mr. Lyonel Pauin, ki se yon fanatik Clément Jumelle, te pran atake minis Affaires Etrangère la, nan yon liv ke veteran diplomat istoryen Doc. Price Mars te ekri kitap pale de ajisman gran fonksyonè Ayisyen, ofisyèl gouvènman Ayisyen yo, nan lane 1937, kote ofisyèl gouvènman nan peyi dominikani te responsab lanmò 200.000 peyizan Ayisyen.

Se apènn Bonaventure te finn pale ke lapolis te anvayi stasyon radyo-a epi pase men sezi tout bann mayetik ak tout mayetofònn.

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Pwopagann, trak, Dr. François Duvalier kont Louis Déjoie. Source Archives de Marthone père.

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Once upon an evangelist...



Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Insights on Calculus and Trigonometry...





Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

samedi 9 juillet 2022

Reprise Indigène...





Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

vendredi 8 juillet 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Mesye Augustin Fauché se dènye kandida ki jete te shapo l nan kous pou la prezidans nan lane 1957. Augustin Fauché se yon avoka e manm asosyasyon, Barreau des Avocats, nan vil Pòtoprens. Misye te  fèk fè deklarasyon l semèn sa-a. (1957)

Pou yon moun enpòtan konsa, ki te yon ansyen manm bawo avoka nan vil Pòtoprens an 1957, nou pat kapab jwenn okenn tras Augustin Fauché. Nou ta espere fè yon desen foto l, ki sanble l efase san kite okenn tras. Jounalis Haiti Sun yo pat fè okenn swivi ak repòtaj sou platfòm politik kandida Augustin Fauché. 

Antouka, li posib pou n kapab jwen kèk ansyen papye jounal ke nou ta renmen konsilte pou n wè kisa k te nan brenn avoka Augustin Fauché, tout sa l te anvi fè pou ede peyi d Ayiti si li te vinn prezidan.

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

lundi 4 juillet 2022

Rights of nature or natural rights?...

 


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

How to make puppets?…

 


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

dimanche 3 juillet 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Alfred Viau, kandida a la prezidans di ke si l rive prezidan l ap aboli, pou tout tan, zafè gouvènman Ayisyen kap voye sitwayen an egzil...

 Alfred Viau montre ke li se yon moun ki fasil pou fè yon ti shita pale avèk li. Mwen twouve l lakay li nan Pétion-ville kote l ap viv depi l te retounen an Ayiti kòm egzile le 6 mwa janvye 1957 ki sot pase-a.

Sheve misye finn blanshi, Alfred Viau renmen pale ak zanmi. Se nan jan de atmosfè sa-a ke m te vinn entèwonp li, pandan l tap pale ak yon gwoup moun. Misye leve kanpe vinn jwen mwen epi li prezante m bay tout moun yo. Alfred Viau gen yon tanperaman tankou m ta diw yon pwofesè k nan sal de klas ap anseye. Misye kanpe byen dwat sou pozisyon l e nan tout jès lap fè. Li voye je l sou mwen tankou m ta di w yon pwofesè, ki shaje ak politès, malgre tout kesyon elèv yo ap poze li, lè yo bezwen bonjan enfòmasyon.

Lè Alfred Viau ap pale, nou kapab wè boush li ki kashe dèyè yon pè moustash tou blansh ki sanble ak yon gidon bisiklèt. A 57 an daj, mwen panse ke misye blanshi bonè. Alfred Viau tap ri paske yon Ayisyen te fèk mande l pou fè duèl nan lari avèk li le landeman apre l te finn pale nan radyo ak peyi-a pou anonse l kòm kandida a la prezidans. 

Alfred Viau te voye mesaj bay pèp Ayisyen-an mèkredi swa sou Radio Caraibes. Mesye Viau trase istwa peyi d Ayiti pazapa, yon prezidan apre lòt depi lendepandans an 1804 jiska 1957 pou l sa byen shita tèz sou kesyon koulè-a, li avanse yon postila, li di, ki valab nan tout sans.

Alfred Viau di, yon Ayisyen paka finn pase witan an egzil pou l ta antre Ayiti vinn goumen ak Ayisyen parèy li. Misye di l twò kontan retounen lakay li. Dapre sa l fè m kon-nen, ebyen, pwa lou egzil la te twòp pou li, kèlke swa kote peyi dakèy ki te bali azil la ye sou glòb terès la.

Alfred Viau deklare, peyi d Ayiti bezwen nou tout, pitit peyi-a dwe goumen pou sa garanti lunyon nan jenerasyon kap vini yo. Misye kontinye pale ak kè poze, men son vwa l montre ke santiman l pa dakò ak tout sa kap fèt yo. Li di, nou paka kite okenn distraksyon pran tèt nou paske moman yo grav anpil. Peyi d Ayiti rive nan yon kafou ki pwal detèmine lavni tout yon jenerasyon.

Mesye Viau te deklare, witan egzil la te long anpil pou li ak fanmi l. Li di koulye-a tout fanmi an kontan retounen an Ayiti, li santi l lakay li, se sak fè li deside pou l sèvi peyi-a.

eMagazine
Traduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Once upon a televangelist...



 


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

samedi 2 juillet 2022

Charlie's Spirit...

 For a while, it's been bugging me to write about Charlie, the love for his wife and devotion to his country.

In appearance, Charlie could not pass the beauty contest and judges of this world would not give him the time of day.

Nevertheless, Charlie was handsome. His beer-belly was about the size of a 9-month pregnant woman. Short and stalky, a nose that looks like Moe's and ten times more humorous. He really was...

Charlie's greenish eyes gave piercing looks through wrinkled eyelids and bushy eyebrows. Out of the unharmoniously contoured mouth, comes a soothing and thundering baritone voice. Need I tell you Charlie was handsome?

I met Charlie long ago but failed to tell the tale to anyone. As a young man, he boasts about marrying the only woman of his life. Charlie made no fuss about leaving her in Arizona. But, I could tell he missed her. Her smiling picture adorned the top of a steel cabinet Charlie used for table on his side of the room.

In 2004, Charlie and I were roommates, living out there in the desert. Our room was made out of a twenty-five foot, finished steel shipping container. Charlie worked with the Outside Plant crew, digging trenches, cabling, wiring closets, installing phones and Internet...

Charlie's cheerful demeanor earned him the salute "Here is, Charlie!" Indeed, Charlie was a star. In his early seventies, he was out there, living in a warzone, working and sending money to his wife in Arizona.

Come to think of it, by his actions, Charlie sets a very high standard for the rest of us. He never complained about hardship, the harsh living conditions. No time for that. Charlie was too busy working and enjoying life. And that was the Charlie Traynor spirit I wanted to tell you about today.

Author, Weiner Marthone


P.S Charlie could be in his 90s or had already gone home to his creator.

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com



Max Ehrmann: Desiderata...

Go placidly amid the noise and haste
And remember what peace
there may be in silence.
As far as possible without surrender
Be on good terms with all persons.
Speak your truth quietly and clearly.
And listen to others.
Even to the dull and the ignorant.
They too have their story.
Avoid loud and aggressive persons.
They are vexations to the spirit.
If you compare yourself with others.
You may become vain or bitter.
For always there will be greater
and lesser persons than yourself.
Enjoy your achievements as well as your plans.
Keep interested in your own career
however humble.
It is a real possession.
In the changing fortunes of time,
exercise caution in your business affairs.
For the world is full of trickery.
But let this not blind you
to what virtue there is.
Many persons strive for high ideals.
And everywhere life is full of heroism.
Be yourself.
Especially do not feign affection
Neither be cynical about love
For in the face of all aridity
And disenchantment
it is as perennial as the grass.
Take kindly the counsel of the years.
Gracefully surrendering the things of youth.
Nurture strength of spirit
to shield you in sudden misfortune.
But do not distress yourself
with dark imaginings.
Many fears are born of fatigue and 
loneliness.
Beyond a wholesome discipline
be gentle with yourself.
You are a child of the universe.
No less than the trees and the stars.
You have a right to be here.
And whether or not it is clear to you,
No doubt the universe is unfolding as it should.
Therefore, be at peace with God.
Whatever you conceive him/her to be.
And whatever your labors and aspirations
in the noisy confusion of life.
Keep peace in your soul.
With all its sham, drudgery 
and broken dreams.
It is still a beautiful world.
Be cheerful.
Strive to be happy.

Author: Max Ehrmann

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com