vendredi 27 août 2021

Di Maria, the GOAT !...

 





Undoubtedly, the ones who score deserve recognition.  But, those who assist in goal scoring and work tirelessly to make other players look good deserve more appreciation and praise. From that perspective, I think Di Maria is the GOAT! Could a World Cup strategy where Di Maria is the attacking midfielder and Messi playing a secondary role be in the works in Argentina?

Right to Repair: Taking on the Tesla monopoly...

 


Consumer beware !!! Is the Tesla story, the tip of the iceberg? 

samedi 21 août 2021

Deblozay gita klasik ak Jazz Ayisyen...


Nan Fon Bwa (Pawòl)

(2 fwa)
Mwen konnen yon kote nan fon bwa,
yon kote si w ale wa renmen l.
Mwen konnen yon kote jouk nan bwa,
yon kote si w ale wa rete.

Genyen dlo,
genyen rivyè
genyen flè,
genyen jaden.

Moun danse yanvalou,
ak tanbou.
Genyen dlo,
genyen rivyè,
genyen flè,
genyen bèl moun,
kap danse yanvalou,
ak tanbou.

Mwen konnen yon kote nan fon bwa,
yon kote si w ale wa renmen l.
Mwen konnen yon kote jouk nan bwa,
yon kote si w ale wa rete.

Jou kouche,
jou leve.
Ann ale nan fon bwa.
Genyen dlo,
genyen rivyè
kap koule,
genyen flè.
genyen bèl moun,
kap danse yanvalou,
ak tanbou.

Pawòl ak mizik Frantz Casséus






 





            















                                           

Songs that broke the internet...



 








vendredi 20 août 2021

Cemarès Daniel : Jean de Lafontaine en pratique...

 
Lafontaine faisait parler les animaux pour instruire les hommes dans la plus belle écriture possible et imaginable. De son côté, Cemarès Daniel se sert d'un animal réel pour donner une leçon d'instruction civique et morale aux Haïtiens. On ne l'écoutait pas et tout ce qu'il disait ce n'était pas pour rire... 

Le nom de la ville me parait intéressant, Chambellan... Cemarès Daniel porte un panache de grand "chambellan, philosophe et moraliste" qui dépassa son auditoire, dans le fond, en lumières. En tout cas on ne saurait dire qu'il n'avait pas visé haut ou qu'il aura manqué le but...

Eh, bien ! de tout ce qui précède, il résulte qu'on puisse donner libre cours à l'imagination. Voyons :

Que l'animal soit instruit et discipliné ; que l'homme soit bête, méchant et stupide...

Que c'est l'homme qui domine sur l'animal et qu'il cesse d'agir en animal sur autrui...

Après avoir subjugué un puissant animal, l'homme a toujours tendance de le tenir par la bride...Que l'homme se sente supérieur et libre en maintenant ce dernier sous contrôle... 

Qu'une pareille théorie soit inapplicable en sens inverse...

Que ceux qui habitent les quartiers populaires soient libres et n'ont pas besoin de commandeurs...Une fois que les premiers réalisent leur puissance, en agissant ensemble comme un faisceau de lumières dans une marche libératoire; les derniers qui profitent du chaos, de la peur et l'intimidation, finiront par se donner le mal dans la figure...

Véritablement, il y en a plus de corollaires imaginable que ceux d'en haut...

Vous me suivez ? Bon...

Le pont de la Grand-Anse...

 

D'après le reportage vidéo de John Kadafi Noel, vous sommes à quelques jours d'un éventuel effondrement du pont de la Grand-Anse...


Reportage 2017...




Viajar, aprender y descubrir un mundo nuevo...

 


jeudi 19 août 2021

Misyon de men vid nan Kwadepre...

Nan gwo moman difisil sa-a, poukisa shak tan nou wè ekip Ayisyen responsab yo toujou kanpe ak de men vid? Entèl, entèl parèt vinn ankonbre yon sitiyasyon ki deja frajil, nan bay moun lanmen san yon grenn prezantasyon valab sou yon plan distribisyon èd pou moun ki viktim yo.

Jan de misyon de men vid ki devan je nou la-a, demontre anpil enkonpetans kap fè anpil malè rive, paske pagen yon plan. Moun ki te gen plan ak vizyon pou byen popilasyon an yon bann move Ayisyen fè touye l. Se yon ekip granmanjè kap dirije koulye a.

Mezanmi, èske w konnen m sezi? Medya Ayisyen anraje... Poukisa se jodi a nou tande ke ansyen senatè k mouri a, te konstwi yon otèl prive? Se jodi a nou tande ke gen yon lòt senatè kigen avyon pal, ke li mete a dispozisyon viktim yo, kap fè vwayaj Cayes-Port-au-Prince. (Nou panse se pa yon sèvis ki gratis non?) Leta Ayisyen pwal peye pita, se lajan pèp la wi, ki pwal peye sa pita. (Gade kijan yon pèp toleran!)

Pi lwen, enfòmasyon tonbe ke shèf lapolis la gen yon oltèl prive nan vil Okap. Se pa detwa sezisman mwen pran. 

Gen anpil lòt dirijan wi, kigen dezoutwa lòt mwayen pou yo kente sou do popilasyon an pandan epi apre yo finn kite pòs yote okipe a. Sa sa vle di? Ebyen, plis blan antre, plis shanm otèl sayo kapab ranpli ak moun. Konferans kap fèt nan otèl sayo, siman yap shaje kòb sa-a sou do leta. Kidonk kawo tranbleman detè vinn kontribye nan plizyè mwayen anrishisman granmanjè sayo mete sou pye pou piye kès leta pirèd. 

Se koulye a mwen reyisi konprann, ke genyen moun ki gen plis enterè nan simen kawo nan peyi d Ayiti. Nèg apfè zye yo byen sèsh pou vinn bay viktim yo lanmen, ak anpil griyen dan. Men bann sadik sayo te deja ranje kabann yo...se sak fè yap parèt, grenn pa grenn, ak de men vid, san yon plan pou rezoud pwoblèm viktim yo epi flay ak tout lajan...se konsa kòb èd yo konn disparèt, nan fè konferans ak lwe shanm otèl ak mashinn...

Jiska prezan moun yo pafè bonjan prezantasyon ni okenn plan ak konferans nan laprès sou sa ki pwal fèt apre tout debleyaj. Èske yap kite moun yo rekonstwi menm kantite ti kay san siman ak bann vye fèy tòl wouye ankò, san bonjan bafè ak  blòk solid? Eske nou pwal kontinye pran woulib ankò jistan yon lòt deblozay pete?

Dan ak grif granmanjè sayo long anpil...se pa vini w ki pou sove w!

Tiré de mon livre intitulé: Granmanjè.

mercredi 18 août 2021

Ground Transportation: Levitating bullet trains...

 

Learning physics' law of magnetism all over again...these two countries are engaged on a groundbreaking technological race. Remember 'Star Wars' and its outcome? Would such a race produce effects that are beneficial to humanity or is it simply a matter of vanity that could lead to a country's economic ruin? 

mardi 17 août 2021

What people are willing to do?...

 





The Babel en Darien documentary should have won a Pulitzer prize.
The death knell of the Babel en Darien video starts at 17:15 to the end.



1961: Twa Depite ekspilse...

Nou aprann nan ansyen jounal sa-a ke yon dekrè prezidan divalye te ekspilse twa depite paske yo te endisipline. 

Non yo sete Lavoisier Lamothe, Oriol Eustache ak Roger St. Fort.

Dekrè prezidansyèl la te di ke revolisyon 22 septanm 1957 la mande pou tout manm liyo kap okipe gwo pòs nan òganizasyon leta dwe egzèse bonjan disiplinn dekwa pou peyi a sa pike pou pi devan...

Source:  HaitiSun

N.B
Si wap byen gade anba foto a, ou kapab obsève ke se nan menm epòk sila moun yo te konn òganize jwèt aza pou parye kòb nan kous shyen kite konn fèt sou Champ de Mars. 

dimanche 15 août 2021

Men vrè ewo Ayisyen...

 

Apali! Mas pèp la, se limenm ki vrè ewo an Ayiti...pa kite okenn moun vinn mistifyen, ni demoralizen, pa okipe pèsonn kap vinn di yap vini ede w epoutan se zafè pa yo yap regle. Mèsi anpil pou gwo egzanp solidarite sa-a ki devan je lemond antye. 

Solidarite Ad Infinitum...


samedi 14 août 2021

Sud-Ouest Haïti : Tremblement de terre...

 Le Sud-Ouest d'Haïti s'est réveillé ce matin au bruit d'un tremblement de terre. Selon les rapports préliminaire le toit de la magnifique cathédrale de Saint Louis du Sud a été endomagé, pour ne pas dire effondré... 

On compte plusieurs morts...il parait que les Cayes, Tiburon, les Irois, les Anglais, Pestel, Jérémie, et beaucoup d'autres régions du Sud-Ouest soient affectées...

La cathédrale Saint-Louis avant...

Après...


Orchestre philarmonique de Sainte-Trinité...







jeudi 12 août 2021

Chemin de fer...








 












1957: Ansyen papye jounal...


Maryaj senatè Victor Nevers Constant ak Marie Claude Honorat. Maryaj la te selebre nan shapèl Casernes Dessalines. François Duvalier te parenn maryaj sila. Nevers Constant ak Marie Claude Honorat te pase "lune de miel" Kenskoff avan yo te retounen lakay yo nan Boudon. 

Mwen te piti, m pa janm bliye non Victor Nevers Constant sa-a, paske lite kanpe sou yon plas piblik an Ayiti e lite pwononse yon diskou devan m kote l te di ke "pagen pi bèl wout nan lemond ke "Boulevard Jean Jacques Dessalines..." Tout moun te pran ri misye. Nan epòk sa-a depatman TPTC sou Duvalier te finn fè yon gwo travay reyabilitasyon "Grand-Rue" .

Source: HaitiSun

dimanche 8 août 2021

Yon mwa apre...

Yon mwa pase vit,
mwen menm bò isit,
ou menm lòtbò, laba.
Ou nan panse m jodi a,
soufrans ou douvan je m,
la pen-n finn touye m.

Safè 217 an depi ou egziste,
ou nan laj matirite.
Pouki w aji an ti bebe.
Nan boush ou yon sousèt,
san menm yon pantalèt,
pito abiye w an koushèt,
ou menm vle souse dwèt.

Apre 217 an egzistans,
wap bay anpil degoutans.
Ou pa vle pran responsablite.
Ou pagen konfyans,
nan tèt ou, pagen fyète.

Tout panse w a letranje.
Ou paka fè dyòb,
men w renmen toushe kòb.

Ou tiye pitit malerèz,
pou sa domine alèz,
wap simen laperèz,
anba kout mitrayèz.
Lè etranje parèt, aparèy,
pou defans peyi, 
lage atè pou pran kouri.
Yon gwo kapon, sibèlgwès,
gen fòs sou malerèz.

Nap mashe dezame Paul,
Biblos ba w zam pou domine
Ti Jozèf, ki pa ka al lekòl.
Se televizyon ak jwèt foutbòl, 
je l kole tout lasentjounen.

Apre 217 an, moun nou peye,
pou pwotejen, pito lagen, 
al shèshe ran a letranje.
Se yo ankò ki tolere, 
bay moun zam pou fizyen.
Yo pap pran responsablite.

Twòp moun pete kriye:
Anmwe, kont bandi asasen!
Pou soufrans yo amelyore,
mizè, doulè, lapenn nap veye,
pou sa shanje nap priye. 

Lilè pou nou sispann fè teyat.
Monte vye senaryo, bay pil manti.
Simen verite, pou nou tout di
Ansanm: en, de, twa, kat,
Lamayòt m pa pè w se moun ou ye!
Apre 217 an egzistans,
bay Ayiti shans,
Pran responsablite w!
Se pou sa nou peye w!

Veritas
 
Kote telefòn prezidan Jovenel Moïse la pase? Telefòn prezidan-an se yon eleman kle nan ankèt la. Poukisa PNH pa janm di anyen sou sa? Nan men kiyès telefòn prezidan-an ye? 30 jou pase, poukisa PNH pa janm eseye lokalize l?

Documentaire: Albert Camus...


samedi 7 août 2021

A puppet' self-awareness...

 

La selección brasileña ganó el oro...

 La primera mitad.

El partido por la medalla de oro entre Brasil y España comenzó hoy a las 7:30 am por Telemundo. En la primera mitad, Brasil desaprovechó numerosas oportunidades de marcar, incluido un penalti mal ejecutado de Richarlison (10).

Excelente rendimiento de ambos equipos.

El partido fue simplemente un clásico. La primera mitad fue toda Brasil, aplicando tremendo presión en el medio campo con pases cortos y precisos. La selecao controló el ritmo de juego durante la primera mitad. España respondió con un tipo de defensa con todas las manos en la cubierta, pases precisos y una serie de ataques de transición que sacudieron la defensa de Brasil de vez en cuando.

Muchos de estos ataques resultaron con el balón besando los postes de la portería, vertical y horizontalmente. 

Luego, se agregaron dos minutos y en el minuto 45, Brasil marcó el primer gol de un balón alto muy contestado y proveniente del lado derecho del campo.

La segunda mitad.

España intentó romper el ritmo de Brasil y aplicar su propia presión de media cancha sobre los brasileños. El plan tuvo un éxito en parte, y España fue recompensada con un gol en el minuto 60. Probablemente fue uno de los mejores goles en los Juegos Olímpicos de Japón 2020.

Tiempo de prórrogacion.

El juego entró treinte mas minutos de prórrogacion. En el minuto 114 el brasileño Malcom(17) superó al defensa español(5) por el flanco izquierdo para marcar y ganar la medalla de oro para Brasil.

Después de 120 minutos de juego, el arbitro dice que "no hay tiempo para mas!" 

Brasil 2 España 1.


7 August 2021: One month later...

One month after Haiti's president was cowardly assassinated at home and his wife, 
gravely injured, 5 of the 28 assailants remain at large. Are we witnessing the beginning 
of a new world order by which anyone could be murdered by hired gunmen from Columbia and treasonous locals, aiding and abetting?...

Pertinent questions are pouring in. Who knew of the plot, what were the objective, 
when did the killers enter the presidential residence of Pelerin 5?
Where were the residential security forces at the time? Who knew of the attack, 
why didn't they intervene to stop it? If you didn't know, would you be willing to admit 
that you dropped the ball? 

It's been a month and Haitian police have since interviewed the detainees, 
arrested presumed accomplices, including four policemen who were allegedly 
involved in the plot. Wanted pictures were issued for the ones who either went into 
hiding or fled the country.

Due to the complexity of the operation, public opinion is beginning to mount against 
theories such as nobody knew what was going down that night. People in Haiti's 
intelligentsia are beginning to ask questions.

Who were on assignment to protect president Jovenel Moïse? Whose name were on the 
residential and perimeter security lists? 

Shouldn't the missing five be a subject of major concern to the Haitian police? 
How could that group evade capture for 30 days in a country they barely know? 
Where is president Jovenel Moïse's cell phone? At the time of this writing, who has 
custody of Jovenel Moïse's phone? 

30 day after, why didn't the PNH ping that cell phone to obtain a GPS location? Any 
lost cell phone can be pinged. A beep could be sent to that phone, why didn't the PNH 
do so? What is the PNH doing after 30 days to recover Jovenel Moïse's cell phone? 

Finally, is Haiti's National Police really interested in solving the case or just 
making deals and playing politics?

vendredi 6 août 2021

Spirit Airlines: 400+ flights cancelled...


Flights to Orlando, Pensacola, Las Vegas, Tampa, Los Angeles were cancelled four days in a row. Stranded passengers spent the night sleeping on the floor at the airport...no apologies by the airline's CEO...no respect for passengers. Some people lost work days because of this and vowed never to fly Spirit Airlines again...not a word from the NTSB? Bad customer service and no respect. Is Spirit Airlines going to be fined by the NTSB or not? 


Spirit CEO's response to the crisis on NBC Nightly News yesterday.


We expect to continue to improve here throughout the course of the weekend, such that by the time we hit the..., only in the middle part of next week, we're running back to where we want to be...


                                         




dimanche 1 août 2021

CONCACAF: Goldcup final...

 Match final shanpyona zòn CONCACAF la ap fèt jodi a nan peyi Etazuni. Se Meksik ak Etazuni ki pwal kòmanse vide foutbòl vè witè edmi aswè a.

Lè nou byen gade statistik de ekip yo, nou kapap remake ke ekip Meriken-an gen yon avantaj bab e moustash sou ekip Meksiken-an nan kantite match ke l genyen nan gòl diferans, sètadi kantite gòl ke l bay (8), epi nan gòl li pran (1). Lèw fè soustraksyon 8 - 1 sa egal 7. 

Pou Meksiken yo shif sa-a egal ak 6.  Kidonk, genyen diferans nan nonm de pwen tou. Etazuni kale tout ekip ki jwe avè l san shirepit, tandiske ekip Meksiken an tè fè yon match nul, men li pat pran yon gòl pandan menm peryòd la.

Pou ekip Meksiken an ta genyen match final sa-a, se pou yo ta mete anpil presyon sou ekip Etazuni an, pousantaj posesyon balon an dwe nan omyen 70 pousan konsa. Meksiken yo pa dwe manke opòtinite pou fè gòl. "El tri" gen bonjan defans, se atak la ki sanble ki pap bay bon rann-man. Bon gadyen ak defans Meksik, se yon gwo avantaj, sitou nan match final. Pou Meksik ta genyen match la atakan yo dwe monte alaso epi bay gòl, san fè teyat.

Pou Etazuni ta genyen match la, se pou mitan teren an metrize jwèt la, eseye jwe yon jwèt rapid nan tranzisyon atak yo. Etazuni gen yon ekip jènn gason ki kapab kouri, gen anpil fyèl, mesye yo kap monte desann sou teren an pandan 120 minit san pwoblèm. Pou Etazuni ta kapab leve twofe Concacaf la li dwe fè yon bout gòl nan kòmansman oubyen nan fen match la.


USA 1  Mexico 0
Efektivman gòl la te fèt fen match la, nan 118 minut....