mercredi 9 novembre 2022

Nan Tan Lontan: 15 Fevriye 1955...

Nou reyalize gen anpil moun ki gen memwa kout. N oblije fè yon ti rapèl. Jan nou sot tande Doktè Pradel Pompilus la, nan sa l tap li pou Ile-en-Ile, Pompilus di "An Ayiti, bò anwo toujou panse se yo sèlman k reprezante Ayiti. Tout rès peyi a pa konte. Depi tout fanmi-an ap byen manje, jwi lavi, fete, bwè tafya, tout bagay nan plas yo. 

Pou moun ki pat ko fèt nan epòk sa-a, tout tan yap mande kijan peyi-a tap fonksyone sou prezidan Magloire? Nou pa konn poukisa listwa modèn pa finn bay tout detay yo.

Nan fouye, sa pat pran lontan pou nou te jwenn deskripsyon sou kòman bagay yo te ye, ekonomikman, politikman, sosyalman, sou prezidans Magloire. 

Tablo sa-a te byen pentire. Li pi lwen wa, konprann sa w konprann.

Nan anpil diskou Eugène Magloire, prezidan d Ayiti te fè pandan vwayaj li nan peyi etazuni, an ete 1955 ki sot pase la-a, Magloire te deklare sou gouvenans li, Ayiti ap swiv shimen demokrasi ak libète lapawòl. 

Daprè opinyon prezidan Magloire, pèp Ayisyen an byen enfòme.

Men, reyalite, lakay an Ayiti, selon teledyòl, ki se yon tradisyon nan jan pèp Ayisyen-an komunike nouvèl sou politik, teledyòl-la tap jwe anpil move nòt nan òkès filamonik la.

Nou oblije ap poze tèt nou kesyon. Kijan prezidan Eugène Magloire fè ap pale de demokrasi nan peyi-a, tandike lap anprizone entèlektyèl ki nan opozisyon kont rejim nan?

Se lòt jou la-a wi, rejim nan te deside lage yon ti gwoup ladan moun sayo. Pami yo tegen 2 depute gouvènman te arete, fè met nan prizon, malgre yo gen iminite palmantè.

Gouvènman Magloire la te lage dèyè yon lòt ki Senatè la republik, misye te gentan shape poul li, al mande azil politik nan anbasad.

Kant a zafè libète lapawòl, libète pou ekri jan w vle. Lòt jou la-a, tegen yon dènye papye jounal an egzistans ki tap kritike politik rejim nan, gouvènman Magloire la te tou pwofite fè fèmen l pandan prezidan-an te nan vwayaj aletranje.

Shèf lapolis sou Magloire, te menase moun ki tap dirije jounal la. Misye di mèt jounal la, lap bal kèk pataswèl si l kontinye ak kritik li yo sou gouvènman Magloire la.

Nan yon sitiyasyon parèy kijan yon moun kapab di ke pèp Ayisyen-an se yon publik avèti. 

Kòb pou gouvènman-an mete apa nan pwogram ki fèt pou goumen kont anviwon 85 pousan moun ki pakonn li nan peyi-a, lajan pou pwogram nan prèske pat egziste nan budjè nasyonal la.

Gouvènman-an paka blame tout kantite moun an Ayiti ki pakonn li, ni ekri. 

Moun yo kapab manke lenstriksyon, men yo gen konpre-ansyon, yo aprann vit, tèlman ke yo kapab fabrike bonjan pwodwi atizanal.

Ayisyen renmen aprann. Paran yo tyen aske timoun yo al lekòl. Shak ane gen plizyè milye ti moun lekòl renvwaye, paske leta pa konstwi lekòl, pagen kote pou mete yo.

Sanble moun kap byen men-men an Ayiti gen la perèz dekwa pou yo pa pèdi pozisyon ekonomik, politik e sosyal yo okupe nan peyi-a. Kidonk yap anpeshe nivo eshèl de base edukasyon pèp la vinn piwo...

Source: Haiti Sun

Adaptation eMagazine de Weiner Marthone.


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire