dimanche 12 juin 2022

Eleksyon prezidansyèl 1957...

Mwen pat ka kwè sa k pase a: Yon shofè taksi ki pa konnen adrès kay Fignolé? Yon lòt menm refize men-nenm nan zònn nan. Èske gen yon mistè k makon-nen ak nèg sa-a, ki popilè nan yon sèten milye lavil, nan Pòtoprens.

Lè m te rive jwenn kay la, tegen yon pi gwo sipriz ki tap tann mwen. Devan kay la, ou kapab li an grand manshèt École Fignolé ki pentiré yon jan pou sèvi kòm yon fason yon moun sa idantifye edifis la.

Pat gen anpil moun, edifis la pat gran menm jan ak tout lòt kandida a la prezidans yo. Tèlman ke m ap mande tèt mwen èske sa m wè la-a, se vrèman kay kote Daniel Fignolé m ap shashe-a rete?

Mètrès lekòl la di mwen ke m pa twonpe m, se rezidans prive Profesè Daniel Fignolé. Li voye m nan premye etaj. Lè m rive anlè-a, mwen wè de moun shita kap pale. Mwen prezante m epi mwen tou di yo poukisa m vini. 

Lakay Daniel Fignolé, patgen liy kote anpil moun kanpe ap tann, ni fòmalite ak resepsyonis ki pou montre w kote pou shita. Sou jan de pèsonaj yo abiye, ou paka distenge kiyès ladan yo ki Daniel Fignolé.

Se te apre de pèsonaj yo soti epi sèlman yonn retounen ke m deside mande l èske se limenm ki Daniel Fignolé-a? Li reponn, wi se limenm, kisa m ta renmen l fè pou mwen.

Depi nan kòmansman mwen te gentan senpatize m ak vwa misye, ki te gen yon pwisans lè l ap pale, sete yon vwa ki pase anpil soufrans. Pèsonaj la tèlman enteresan ke m te simaye l ak kesyon pandan dezèdtan-edmi jistan m rive nan bout. Daniel Fignolé te toujou la tenmfas, li kanpe fè m, lap souri epi l di: kisa w ta renmen m fè pou wou.

Pandan tout entevyou a, mwen te santi m devan yon vòlkan kap krashe dife, ki prèt pou l eksploze. Bagay dwòl, mwen pat santi m menase paske flanm dife sa-a li sèlman kapab brile yon moun ki koupab.

Karann-twa-zan de sa, Daniel Fignolé te fèt nan yon fanmi modès (pòv) nan Pestel. Pestel se yon vil ki sitiye nan depatman sud peyi d Ayiti. Malgre suksè Fignolé nan lekòl primè yo te rele Ecole Nationale Smith Duplessy, yo te fòse l reprann klas setyèm li nan Lycée Pétion. 

Apre Daniel Fignolé finn fè filozofi l nan ane 1936-1937, li te santi yon bezwen pou l antre nan anseyman. Li kòmanse bay leson patikulye pou ede manman l ki te nan zafè pabon. Apre Daniel Fignolé te fini lekòl segondè, li te rantre nan Université d'Etat pou aprann metye avoka. Men, pwoblèm lajan nan fanmi l, kap viv nan la pauvreté te anpeshe l fini etud avoka.

Fignolé te kòmanse karyè pwofesè l nan Institut Tippenhauer e depi lè sa-a, l ap anseye Matematik ak Syans Sosyal nan 13 lòt lekòl.

Yon moman de desizyon nan lavi l rive an 1942, lè Daniel Fignolé te  pèdi dyòb pwofesè Matematik la sou rejim Elie Lescot. Rezon-an, se akòz de yon atik li te publiye sou yon jounal yo rele Chantiers. Sou jounal la, Fignolé te pran pozisyon kont rejim oligashi Lescot-a. Se sa k fè misye lage kòl nan politik.

Jounal Chantiers-a tegen anpil enfluyans nan revolusyon 1946 la. Daniel Fignolé tap colabore ak gouvènman Estimé-a bonè, nan yon epòk kote metòd demokratik yo tap evolye. Men, depi lè Fignolé wè Estimé tap kòmanse anplwaye metòd kite kontrè ak revolusyon 1946 l an, sètadi, lè Estimé te fèmen pati politik, sendika, asosyasyon edtudyan ak jounal, Fignolé te pase nan opozisyon kont metòd anti-demokratik sayo.

Daniel Fignolé te minis Education Nationale ak Santé Publique sou prezidan Estimé. Li pase 65 jou nan pòs la, de 19 mwa daou rive nan 24 oktòb 1946. Apre sa, se li ki tap dirije opozisyon nan rès tan rejim prezidan Estimé te ret sou pouvwa. Daniel Fignolé pase 17 jou nan prizon nan lane 1948.

Daniel Fignolé te elu premye depute pou awondisman Pòtoprens le 8 octòb 1950. Li ret nan djòb la jis an avril 1955.

Fignolé pase katran nan opozisyon kont rejim diktatoryal de Paul Magloire. Pati politik li-a te fèmen, apre sa yo tap trake l toupatou tankou bèt. Magloire te voye sòlda sezi enprimant laprès ak tout materyèl kite deja enprime lakay Daniel Fignolé. Nan nwit, kay kote Daniel Fignolé tap viv la nan Bel-Air, te anvayi, epi yo met dife ladan l. An ocktòb 1955, nan nwit, pandan de fwa, kout zam otomatik te pran shante devan lakay Fignolé (entimidasyon). Malgre Fignolé tegen iminite Palmantè, Paul Magloire te fè mete l nan prizon pandan twa mwa senk jou. Prezidan Magloire fè fèmen toude jounal li yo, kite rele Construction ak Haiti Démocratique. 

Nan yon tan kout konsa, li enposib pou yon moun ta dekri tout sa avèk ekzaktitud tout bagay Fignolé reyalize nan konstwi lekòl ak anseyman matematik. Pa gen ase espas pou nou ta publiye tout bann reyalizasyon sa yo: Fignolé te fè Lycée des Jeunes Filles vinn pi demokratik. Nan kòmansman, enstitusyon-an te twò aristokratik, lekòl la te fèmen pòt li nan figu tout ti medam ki sot nan mas pèp la. Fignolé kwape sa lè l vinn kreye klas sizyèm, setyèm ak katriyèm. Zònn Croix-des-Missions an te gen 5 lekòl, pami yo gen 4 ki an fonksyonman akòz de efò Fignolé, kite minis Education Nationale nan epòk sa-a... Pat janm gen sa nan listwa peyi d Ayiti kote yon Minis tap fè anpil bagay sa yo, avan w bat je w, nan Education Nationale.

Fignolé pat rete la sèlman. Misye te kanpe byen djanm ak tout ouvriye e peyizan, pou defann dwa yo. Fignolé te defann Bazin, yon ouvriye nan faktori yo te lage sou beton-an san rezon. Fignolé demontre ke li se premye moun an Ayiti ki tap defann diyite ouvriye. Li pat yon moun ki te renmen fè ti dife vole. Daniel Fignolé te plis renmen òganize, li montre m kòm prèv tout lèt konpliman li te resevwa nan men dirijan gouvènman 1946 la.

Nan mwa fevriye 1947, Fignolé tap dirije 14 sendika. Yon sèl pawòl kapab sufi pou dekri sa Daniel Fignolé reyalize:
"Mouvman Sendika Demokrat Ayisyen  te demare. Tout demand yo te elabore ak anpil presizyon sou bagay ki enpòtan ke li vle reyalize nan nivo entelektyèl. Fignolé pat al flate mas pèp la; li te ede yo pran konsyans nan ki kondisyon yap viv nan peyi-a. Fignolé pran an shaj pou l eduke mas pèp ki lavil ak tout peyizan, sou tout pwoblèm nasyon-an ap konfwonte.

"Nan mwa mas 1947 Assemblée Générale du Syndicat du Personnel de Bigio Factory tat debat kondisyon travay pou moun yo tap peye prèske 2 goud pa jou pou douzèdtan travay. Nan menm kondisyon-an yap peye yon moun kap travay kòm triyèz-la 1.5 goud. Yon ouvriye ki sot aletranje resevwa kòm salè minimòm 300 dola pa mwa tandiske 3 Ayisyen natif-natal ki gen menm konpetans ak kapasite ak yo, touletwa, yo pat fè plis ke 3 dola pa jou."

Dènye parantèz sou Fignolé-a te tonbe nan yon atik jounal Chantiers, édition du Mercredi 19 Mars 1947. Fignolé lakòz ke patwona ayisyen-an redwi horè travay tout ouvriye de douzè a witèd-tan pa jou.


eMagazine
Tranduction et Adaptation, Weiner Marthone
veritas_tum@yahoo.com

Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire