jeudi 7 octobre 2021

90 Jou Apre...

Si premye sitwayen nan yon peyi paka jwenn jistis apre 90 jou depi l mouri nan move kondisyon, nap mande kote nenpót kèk ti józèf ta pase poul sa jwenn jistis an Ayiti?

Se pa jounen jodi-a non, depi jistis Ayisyen-an te an pann. Si nou ta pran pou nou bay tout non moun, fanmi yo ap shèshe jistis nan peyi-a, sa ta pran o minimóm 5 mil paj pou yon kómansman.

Anpil bouwo tiye moun, genyen yo disparèt, epi bay manti sou do viktim yo, tankou papa Riobé pa egzanp. Vólè Mèsedès Benz li-a, pat sufi, nèg yo fè l disparèt san lese okenn tras nan Fort Lamentin. (Zónn Carrefour)

Manman koze jistis la, rezon k fè pa gen jistis an Ayiti, se la pauvreté. Gade nan ki kondisyon de travay la jistis ap fonksyone nan peyi d Ayiti tou. Jij yo ap viv nan yon kondisyon mizerab. Pèsonn pajan m di yon mo pou sa amelyore kondisyon lavi moun sayo. Epoutan, lè nou nan tèt shaje, tout je brake sou yo...

Kijan, nan ki eta jij yo ap viv an Ayiti? Se yon kesyon enpótan ke pèsonn pa janm poze? Epoutan se yon kesyon fondamantal wi...

Pou gen bonjan jistis nou dwe rezoud pwoblèm ak difikilte nan lavi jij yo an-van. Nou paka ap bat bravo pou lapolis sèlman, okipe nou de polisye-o, san di yon mo nan kondisyon lavi jij nan peyi d Ayiti. Toulède mashe an-sanm, nou paka separe pye ak tèt epi nou panse kó-a pwal mashe byen poukont li san gide l nan yon direksyon.

Istorikman palan, konbyen kób ki janm nan bidjè Ayisyen ke nou mete apa pou adrese pwoblèm jij yo?

Nou vle leve nivo lavi peyizan ki jiska prezan ap viv anba kay an-bwa, san siman ak fye fèy tól wouye depi plis ke 400 zan. 

Konbyen kób nou janm mete sou kote nan bidjè nasyonal la pou shanje bagay lèd sa-a? 

Sa fè lontan depi se yo menm kap okipe tèt yo san pèsonn pa janm pran ka yo an konsiderasyon. An 1959 nou te jwen yon fanmi Ayisyen de sis moun ki tap viv nan zónn Jean-Rabel, kap mashe sou moun toutouni. Se nan fabrikasyon panye yo te jwenn mwayen pou yo te survivre. 

Alós nan tan nap viv la-a, tout moun se vinn bay lanmen, griyen dan, vinn fè vye diskou depatcha, epi... anyen pa janm regle.

Nou vle redwi kantite analfabèt nan peyi a, konbyen kób nan bidjè nasyonal-la ke nou mete a dispozisyon kanpay pou alfabetizasyon?

Nou ta renmen redwi la mizè ak grangou, konbyen kób nan bidjè nasyonal-la ki dispoze pou ogmante pwodiksyon manje nan peyi-a? Konbyen travay nou kreye pou pèp la tagen yon pouvwa dasha miyó nan peyi-a?

Auteur: Veritas

veritas_tum@yahoo.com


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire