dimanche 9 octobre 2022

1915: Premye Okupasyon...

Mwen panse li enpòtan pou n bay yon ti eksplikasyon sou deblozay ki te rive deklanshe premye okipasyon peyi d Ayiti...

Nan lane 1914, peyi Etazuni, sou prezidans Woodrow Wilson, te anvizaje yon pwojè pou pran kontwòl Ladwann an Ayiti poutèt zafè pwoblèm, gagòt, nan finans peyi-a.

Nan epòk sa-a Louis Borno te minis zafè etranjè. Lite manm kabinè prezidan Ayisyen k te rele Joseph Davilmar Théodore. Nan yon premye moman, Louis Borno te refize bay peyi Etazuni kontwòl li tap mande-a. 

Nou pa konnen poukisa listwa pat mansyone ke se prezidan-an ki pat vle? Èske Louis Borno, yon minis afè etranjè kapab pran gwo desizyon sayo? Èske Joseph Davilmar Théodore te yon doublure?

Peyi Etazuni te riposte, epi li te deside fè dap-pi-yanp sou tout lajan kite nan kès rezèv Bank Nasyonal Ayisyen. 

Nan menm peryòd la, se Vilbrun Guillaume Sam ki te jeneral e kòmandan Divizyonè nan zònn nò-a. Se limenm tou ki te men-nen yon briganday koudeta, epi enstale prezidan Cincinatus Leconte sou pouvwa. 

Fò m di nou ke se menm jeneral Vilbrun Guillaume Sam sa-a, anvan, kite lidè nan yon lòt mouvman revòlt. Li te reyisi bay prezidan Oreste Zamor panzou koudeta ki vinn jete prezidan sa-a sou pouvwa.

Lè 25 fevriye 1915 pwente, jeneral Vilbrun Guillaume Sam te vinn pran shèz boure-a limenm kòm prezidan pa "pwoklamasyon". 

Koudeta sa-a te oblije Joseph Davilmar Théodore demisyone pa fòs, paske prezidan-an pat kapab kontinye peye ekip milisyen Cacos ki tap goumen pou li yo.

M ap di nou an pasan, se menm milisyen Cacos sayo ki te ede Joseph Davilmar Théodore ranvèse Oreste Zamor sou pouvwa. 

Jeneral Vilbrun Guillaume Sam te konte pami senk prezidan peyi d Ayiti te pase yonn apre lòt pandan senk lane, tèlman epòk sila te shaje kou legba ak latwoublay.

Sou Gouvènman Vilbrun Guillaume Sam, tegen anpil tèt shaje konplotay kitap man-niganse anba-anba.

Pandan prezidans Vilbrun Guillaume Sam, se Doktè Rosalvo Bobo, ki te kanpe kòm shèf opozisyon. Rezon ki fè anpil lobèy pete se yon desizyon gouvènman Vilbrun Guillaume Sam nan te pran ki tap favorize yon estrateji, pou Ayiti ta antre pi fon nan negòs komèsyal ak peyi Etazuni.

Yon moman parèt, jouktan jeneral Vilbrun Guillaume Sam te vinn pè pou sak te rive prezidan k te avan l yo pa rive l. Li deside pou kòmanse met baton nan wèl tout opozisyon. Sitou si ou te jan de moun kigen bon edukasyon ak rishès nan peyi d Ayiti. 

Avèk politik represyon sa-a, Prezidan Vilbrun Guillaume Sam te fè anpil dega nan mitan sektè boujwazi-a, li te fè Lapolis maspinen milat yo.

Lè 27 juyè 1915 rive, volim represyon gouvènman Vilbrun Guillaume Sam-nan te monte piwo.

Prezidan-an te bay shèf Lapolis-la lòd pou fè egzekite 167 prizonye politik - pami yo, tegen Oreste Zamor, kite ansyen prezidan peyi d Ayiti. 

Kidonk, se gouvènman Vilbrun Guillaume Sam-nan kite fè move kalkul, pase Lapolis lòd pou anprizone ansyen prezidan Oreste Zamor nan vil Pòtoprens.

Apre nouvèl-la te soti nan Palè Nasyonal, li gaye, pran lari. Pèp Ayisyen-an vinn move. Woulo konpresè-a te leve kanpe rapido presto. Manifestan yo di fòk gouvènman Vilbrun Guillaume Sam nan ale.

eMagazine.
Adaptation de Weiner Marthone


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire