lundi 10 août 2020

Nan Tan Lontan: Bèl Pye Bwa d Ayiti

Abitan d Ayiti salwe w, e li di ou li pap trèt
Pou sa pou fè pou li, li genyen yon veritab dèt
Anvè w ki ba nou manje, ki fè nou du byen
Nou genyen rekonesans, pou nou ou se yon soutyen
Pye ban-nann vèt, nan mònn, ak nan plènn
Ban-nan dous yo, ou se yon vrè krèm
Pye zoranj, gòj nou si fatige nan kous
Nou bwè dlo w, bèl pye fwi ki si dous
Pye kowosòl, fwi w gen ju, si blan si sukre
Avèk yon lòt glas, san nou vini kalm
Pye kenèp ki sou bò tout wout
An konfitu, nou manje ju w, nan bèl soukoup
Nou renmen, lomb ou, ki ba nou van
Pye kayimit vèt yo, pye kayimit vyolèt
Souple pye w ap shante anpil shwèt
Pye kalbasik ki tou patou
Nou manje kalbasik ou avèk bon gou
Pye gwayav sukre, pye gwayav dous
Nou deguste an jele e nou pa gen tous
Pye mango fil, muska, mango jeremi
Boush nou di w, gou w pap fini.
Pye fwi, pye bwa d Ayiti ki toupatou
Ou se yon sharm, ki vle rann nou fou.

Edner BERNARD
Kenskoff, 3-7-1962

Source: Haiti Sun

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire