Ane 1986 la, yon ane ki vrèman shaje kou legba avèk 
eve-nman tout kalite. Yon lane boulvèsan ki pa sanble 
ditou avèk sa kap defile devan je nou depi prè de trantan.
Ane 1986 la, yon veritab ane aganman kameleyon kipa 
rive avèk yon koulè fix. Ane 1986 lan, ki apuye dol sou 
dènye mwa 1985 lan te kòmanse sou menm tras la.
Tras vyolans, la perèz, asasina, men san okenn tranzisyon, 
kite anpil espwa, lite voye ale rejimm Duvalier yan. Yon 
rejim devan dèyè, kite shita sou la koripsyon, vòlò,
blòf, avèk krimm.
Ane 1986 lan, voye ale tou detwa nan patnè kòronpi Duvalier
yo. Lan menm tan-an tou, yo lonje lamen bay tout yon seri 
de sitwayen patriyòt kite oblije kanpe lwen depi dèzane. 
Li libere la pawòl, libay moun dwa fòme pati politik, asosyasyon 
sosyopwofesyonèl avèk sendika.
Sepandan, pandan tout aneya, peyiya pa rive pran kadans 
nòmal li. Paske anpil rat-t kipa an favè pwogrè kontinye ap 
manjel anba, anba. Malgre bònn volonte avèk onèt-te,
yon pòsyon responsab.
Sesakfè anpil obsèvatè deklare, dis mwa apre sèt févriye ya 
e nan finisman ane 1986 lan, majorite moun lan peyiya rete 
avèk frustrasyon yo, paske laplupa pwoblèm kite pwovoke mekontantman
avèk kòlè pèp la, rete la tenmfas.
Kèk nan pwoblèm sayo rele, enjistis, abi pouvwa, arestasyon 
san manda, vòlò tè, kraponaj, entimidasyon, gaspiyaj, epi banbòsh 
lajan leta, touye moun, disparèt moun.
Netwayaj kite pwomèt nan administrasyon letayo, silfèt se pito 
nan sans pou konsolide pouvwa moun Duvalier yo. Sakte katoush kòyo 
touswit apre sèt fevriyeya, retounen vizaj dekouvri nan dyòb yo 
te okipe avan sèt fevriye. Kèk responsab kisoti poufè netwayaj nan 
jan sa te dwe fèt sanble jwenn yon pwen darè.
Makout yo kontinye ap opere san pèsonn pa enkyete yo. Yo menm 
deside fòme pati. Anpil lan moun yo akuze dèske yote gen move 
kondwit sou rejimm Duvalier ya, olye pouyo ta amelyore imaj yo, 
men lan pouswit pouyo pwoteje tèt yo, yap poze pito dèzaksyon 
kap agrave kayo shakjou piplis.
Nou pa bezwen pale piplis paske dat-t gwo evenman 1986 lan 
kapab pale poukont kòyo.
Wa jwenn tout Bilan ane 1986 la sou eMagazine.
LORSQU'ON S'EN PREND A LA LIBERTE D'EXPRESSION D'UN INDIVIDU OU D'UN GROUPE DE GENS, C'EST UN ATTENTAT A LA LIBERTE D'EXPRESSION DE TOUT LE PEUPLE QU'ON S'EN PRENNE. L'ARBITRAIRE, SOUS TOUTES SES FORMES, NE DOIT EXISTER DANS UNE HAITI VRAIMENT DEMOCRATIQUE, INDEPENDANTE ET LIBRE.
dimanche 21 octobre 2018
Radyo Solèy: Bilan Ane 1986
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire