dimanche 21 octobre 2018

Radyo Solèy: Bilan Ane 1985.


Ane 1985 lan yon ane kite reyuni tout kondisyon poul pote non yon ane tèrib. Vyolans avèg, zak teworis, lagè sivil, masak, mank respè nan dwa moun, enjustis tout kalite, enkonpreyansyon mank tolerans, egoyis, eksplwatasyon, grangou lamizè te make ane sa-a depi komansman jis nan finismanl.

Lan peyi bò isit, yon van lespwa liberalizasyon te soufle avèk pwomès shanjman nan lavi politik peyiya. Yon kanpay nasyonal vaksinasyon te lanse. Men pwoblèm kriz economik, pwoblèm la manjay te rete an antye. Epi nan sa noute panse kite fiksyon, sètadi imajinasyon, sa moun te konn wè nan sinema avèk nan televizyon li terive viv yo an dirèk nan ane 1985 lan.

Aletranje. Ane sa-a te vrèman nwa. Tijefò kifèt ant degran yo pou evite yon twazyèm gwo deblozay lagè pete nan lemond, pa rive fè brige yon seri de katastwòf tankou tranbleman d tè, vòlkan, zak teworis, aksidan avyon, detoun-men, lagè sivil kap ravaje anpil peyi nan le monde eksetera.

Nou bay kèk nan evenman kite make le monde ane 1985 lan.

Yon travay direksyon-an ak pèsonèl radyo-wa te prepare pou tout Ayisyen.

22 Octobre 1985
Yo shante antèman Antonio William K. nan Cathédrale Pòtoprens. Antonio te resevwa debal nan tèt jou Dimanche 13 Octobre 1985 la nan Angle Rue Pavée ak Rue Montalais, paske l tedouble san l pa rann li kont Cortège Presidentielle la yon ti bout tan avan sa.

Na jwenn tout Bilan Ane 1985 lan sou eMagazine.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire