vendredi 19 octobre 2018

Radyo Solèy: Bilan Ane 1984


Pou ane 84 la te yon tijan diferan, pou l ta vini avèk yon lòt ti shanjman kita pèmèt tout moun viv yon tijan pi byen san kè sote, san la perèz.

Malerezman, tout lespwa sayo te reste nan stad swè dèske ane 1984 la, anpil flewo te ravaje lemond, anpil flewo te lage dèy nan kè kretyen vivan prèske toupatou nan lemond.

Gwo flewo kite ravaje lemond, sete flewo grangouwa kite balewouze divès peyi lemond. Satefè anpil pèp leve tètyo pouyo pwoteste. Moun tap mouri grangou pandan tout aneya. Men gwopwisans yo te toujou kontinye ap bati izinn poufè zamm nukleyè, pou konstwi gwo vye zamm deshen-nen.

Moun tap mouri grangou akoz pataj yo tou ki patfèt byen. Lan anpil peyi se yon ti minorite enkonsyan kitap souse tout suk la tandiske gwo majorite-ya lap naje nan lakras.

Lòt flewo kite make tout lemond, sete pwoblèm lagè sivil kite kontinye lan anpil peyi Amérique Latine malgre kòmansman dyalòg ki tanmèn au Salvador oubyen ankò nan peyi Nicaragua.

Lan Chili menm, gouvènman Pinochet te kontinye vire bil pèp Chilien yan. Amnisti Entènasyonal te denonse mank dega nan droit de l'homme lan apil peyi nan lemond.

Plizyè atanta teworis tefèt pandan ane 84 la, nan divès pati lemond. E gen asasina shèf deta kitefèt, tankou nan peyi l'Inde avèk madan Indira Ghandi.

Lan peyi lakay nou an Ayiti, grangou te frape moun tou nan divès kwen peyiya. Pwoblèm boat people te retounen an fòs. Nan lavi politik la tegen eleksyon lejislatif kitefèt. Lèt espwa prezidan Duvalier te ekri bay senk gwo responsab. Divès arestasyon yo juje abitrè tefèt e laprès tesoufri tou pendan ane ya.

Answit ane 1984 la se yonn nan ane Ayiti te siyen tou plis akò lajan avèk letranje. Nou note tou inogirasyon divès sistèm aduksyon dlopotab, divès lekòl avèk divès dispansè un peu partout nan peyiya.

Nap jwenn rès bilan ane 1984 la sou eMagazine.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire