lundi 20 novembre 2017

Jovenel Moïse: Diskou an Kreyòl

Genyen yon mouvman nasyonalis kap bouyi an Ayiti
depi aparisyon Jovenel Moïse sou sèn-n politik la.

Men diskou ke prezidan-an te fè pou selebrasyon
214 ane batay Vètyè. Anpil je, me, moi... malgre
consèy anpil moun te bay prezidan Jovenel. Pa mennm
yon sèl NOU MENM AYISYEN. Mwen pagen laj timoun,
anpil zòt, pa nan laj timoun, Jovenel pakapab papa
nou non. Men lap kontinye avèk Je, me, moi nan
tout diskou lap fè. Sepa tout Ayisyen ki restavèk.
Jovenel vle tounen yon prezidan atoufè. Nap swiv.

Pèp ayisyen nan kat kwen peyi ya.

Frèm ak sèm yo ki nan okap ou nan tout LOT kote sou latè
18 Novanm 1803, isit la, sou bout tè sakre sa a, Zansèt nou yo te genyen batay ki kreye
Nasyon nou an, Ayiti Cheri nou an. De lame te kanpe, youn an fas lòt. Lame endijèn nan,
lame zansèt nou yo, genyen batay la, yo ranpote laviktwa.
Se konsa Ayiti te pran endepandans li. Vètyè kreye Ayiti.
Vètyè vle di libète pou tout ras, pou tout Pèp sou latè.
Se Vètyè ki mete zam nan men Simon Boliva, liberatè peyi Amerik Lati’n yo !

Se Vètyè ki enspire, ki leve drapo liberasyon nan kontinan Afriken !
Se Vètyè ki pote leson taktik ak estrateji pou peyi Lazi ak anpil lòt peyi sou late ki fè yo pran
wout liberasyon ak eméjans ekonomik! Vètyè enspire anpil peyi menm an Europe tankou la
Grèce.

Se Vètyè ki louvri pòt Nasyonzini !
Se Vètyè ki kreye kondition pou demokrasi sou tout planet la.
Vètyè pat fèt pou ayisyen mouri grangou!
Vètyè pat fèt pou ayisyen ap kite Ayiti pa bann ak pa pakèt pou chache lavi miyò lòt bò dlo!
Onè, respè pou tout potorik fanm ak gason ki te sakrifye tèt yo pou nou te genyen viktwa sa-a

Onè, respè pou papa Toussaint Louverture, le précurseur!
Onè, respè pou papa Jean Jacques Dessalines, papa Nation an!
Onè, respè pou papa Alexandre Pétion, symbole de l’union des noirs et des mulâtres ;
Onè, respè pou papa Henry Christophe, le Roi bâtisseur, le visionnaire;
Onè, respè pou papa Capois-la-Mort, le grand héros de Vertières, l’intraitable!
Onè, respè pou tout konbatan, tout solda ki bay vi yo pou libète vini byen pou tout moun sou
latè béni!

Ayiti, se manman Libète!
Vètyè se senbol libète!
KILÉS KI KA IMAJINE PLANÉT LA SAN AYITI?
KILES KI KA IMAJINE LE MOND JODI YA SAN TOUSSAINT LOUVERTURE, SAN
DESSALINES, SAN PETION, SAN CHRISTOPHE?
KI PEP KI AP BATAY POU LIBETE SOU LATE KI PA KONNEN VETYE?
Ayiti, se Pi bèl kreyasyon listwa limanite. Ayiti, se trézò limanite!
18 novanm 2017, 214 ane aprè, mwen koubem byen ba pou’m mande Pèp Ayisyen, nou tout
ansanm pou nou mete akote sa ki divize nou. An nou tande, an nou ranmase mo batay
Vètyè-a :

GRENADYE ALASO !
ALASO KONT LA MIZE;
A LASO KONT LENSTABILITE;
A LASO KONT LEXKLIZYON;
A LASO KONT LA KORIPSYON;
ALASO KONT ENSEKIRITE;
ALASO KONT LA DEPANDANS SOU TOUT FÒM.

Wi, kloch la sonnen, li sonnen pou yon lot Ayiti, li sonnen pou sitwayen ak sitwayèn ki kwè
nan desten peyi a, pou yo mennen batay pou yon veritab chanjman. Chanjman nan mantalite
yo, chanjman nan konpòtman yo, chanjman nan kondisyon lavi pèp la, pou ke Ayiti konstwi
yon demokrasi kote estabilite, travay, sekirite, tabli de fason dirab.
Vètyè mete fen ak kolonizasyon, ak esklavaj. Devwa nou jodi a se mete fen ak esklizyon,
divizyon ak anachi ki bloke peyi a sou wout devlopman. Kloch la sonnen pou nou konstwi yon
Leta ki garanti lapè ak sekirite, ki se sel kondisyon pou reyalize kwasans ekonomik, pou
kombat chomaj ak povrete.

Klòch la sonnen pou nou sispann fè move chwa ekonomik, pou nou sispann tolere Koripsyon,
pou nou sispann rete endiferan devan mizè pèp la. Se pou nou koupe fache ak chen manje
chen, demagoji mete boujwa anfas Pèp, Pèp anfas klas mwayèn, Mulat anfas Nwa, Nwa
anfas Mulat, Nèg andeyò anfas nèg la vil, nèg anwo anfas nèg anba, moun rich anfas moun
pòv. Se pa sa majorite silansyez la vle. SE PA SA PÈP LA VLE. SE POU SA LI VOTE
KONSTITISYON 1987 LA.

"POUR CONSTITUER UNE NATION HAITIENNE SOCIALEMENT JUSTE,
ECONOMIQUEMENT LIBRE ET POLITIQUEMENT INDEPENDANTE"

Ideyal demokratik Konstitisyon an ki chita sou pliralis politik ak dwa pèp la, se pwolonjman
batay Vètyè a. Nou pa ka chita nan yon etènèl tranzisyon, nou pa ka chita nan defetis, nou pa
ka chita nan iresponsabilite. Mwen menm, jodi a, mwen rele demach sa yo trayizon koz pèp
la, iresponsabilite pwop pitit pèp la, pou sèvi pèp la. Sa pa ka kontinye! Sa pa dwe kontinye!
Si zansèt nou te kapab mete ansanm pou fonde yon peyi lib e endepandan, se devwa pa nou
jodi a, pou nou mete kanpe yon peyi, yon Leta de dwa, kote tout moun se moun, kote dwa e
lalwa respekte pou tout moun nan tout kwen peyi ya.

Frèm ak sèm yo,

Mwen vle pou tout sitwayen konprann ke Karavan nan se yon apèl, se kon Lanbi istorik la ki
sonnen, ki envite n pou nou chanje metod ak pratik. Ki vle di, enstitisyon leta yo dwe mobilize
ansanm, pou bay tout moun sèvis alawonnbade, pandan yap louvri pòt pou bonjan rezilta nan
amelyorasyon kondisyon lavi pep la. Karavan nan se yon strateji, ki pèmèt nou aji avèk
entelijans, avèk efikasite lè nap itilize resous nou yo, san fè gaspiyaj. Karavan nan mande
pou nou sèvi an priyorite sèktè ki pi vilnerab yo, sèktè kap viv nan kondisyon ki pi difisil yo,
moun ki gen plis pase desan lane yap sibi esklizyon sosyal, ekonomik ak politik nan peyi a.
Karavan nan se yon apèl pou solidarite ant tout ayisyen, pou nou ranmase, valorize kilti nou,
pou nou pran konsyans responsabilite nou e travay pou satisfè bezwen kolektivite a. Karavan
nan, nan sans sa, gen anpil pou wè ak aktivite konbit, yon jan pou ranfose Deviz nou,
‘’L’union fait la force’’, e pou genyen batay final la kont soudevlopman, mizè ak koripsyon.
Motè Karavan nan, motè chanjman total kapital sa a se tout ayisyen san distenksyon. Men
bonjan lwil ki pou fè motè a mache byen, se jenès peyi a. Paske, jenès la, se lavni peyi a. Se
pou tèt sa nou pa ka gade avèk endiferans jèn yo kap sove kite peyi a pa nenpot ki mwayen.
Jèn yo ki santi yo abandone, ki santi ke enstitisyon yo pandan lontan ba yo do. Se pou tèt sa
mwen envite trant (30) jèn ki te loreya konkou Ministè Edikasyon Nasyonal sot òganize a, ki
soti nan dis (10) depatman peyi a, ki te pote yo reflechi sou sans gwo viktwa vètyè a genyen
pou yo jodia. Pou yo leve kanpe kòm yon jès pou yo di Nasyon an ke yo konprann Vètyè vle
di fyète, Vètyè vle di moun ki pa lach pou afronte difikilte lavi a, Vètyè vle di moun ki twouse
manch yo pou travay e pou yo leve defi ke lòt moun pap janm ka leve pou yo, nan plas yo.
Jèn sa yo akonpanye de paran yo ak pwofesè yo, ki chita la sou podium nan. Mwen mande
asistans lan bat anpil bravo pou yo.

Mèsi, nou mèt chita.

Mwen pran responsabilite pou m di sa ap chanje, sa ap chanje! Si jan save yo di ’’politik se
oganizasyon lavi yon sosyete’’, wol Leta, wol dirijan Leta se kreye kondisyon pou enstitisyon
yo mache e pote sèvis bay tout sitwayen. Gouvènman sou administrasyon m nan ap travay
pou amelyore tout enfrastrikti ak enstitisyon Leta yo.

Vètyè se yon gwo moman verite pou Ayiti e pou lemond. Yon Lidè ki konprann sans batay
Vètyè konnen ke zak li ak pawol li genyen konsekans e ke li paka pase tan l ap pwovoke
dezòd ak enstabilite kap afebli peyi ya, kap bay lòt peyi avantaj sou nou. Mesaj Vetye se yon
mesaj fyète, se yon mesaj kouraj, se yon mesaj responsabilite youn anvè lòt, se yon mesaj
solidarite. Leson nou ka tire nan 1803 ak 1804 se evite anachi ak vagabondaj politik. Se
konsa nou ka onore memwa zanset yo e fè fyète timoun nou yo kap grandi.

Vètyè mete fen ak esklavaj. Devwa nou jodia se mete fen ak esklizyon, divizyon ak anachi ki
bloke peyi’a sou wout devlopman.

Ideyal demokratik Konstitisyon’an ki chita sou pliralis politik ak dwa pèp la, se pwolonjman
batay Vètyè.

Nou pa ka chita nan yon etènèl tranzisyon, nou pa ka chita nan dezespwa nan enstabilite ak
divizyon.

Mwen menm, jodi a, mwen chwazi mete peyi’a nan yon lòt direksyon. Si zansèt nou te kapab
mete ansanm pou fonde yon peyi lib e endepandan, se devwa pa nou jodi’a, pou nou fè Ayiti
kanpe, pou nou fè ayiti vin yon peyi kote tout moun se moun, kote dwa moun respekte.

Pèp Ayisyen,

Nou te mete’m Prezidan peyi a poum travay, poum fè la pè blayi. San la pè ak stabilite nou
pap kapab reyalize pwogrè ak devlopman ke nou bezwen’an.

Ideyal kap mennen karavan nan se ideyal Vètyè. Ideyal rasanbleman, se ideyal konbit, met
men ansanm pou leta kapab sèvi pèp la pi byen.

Mwen vle pou tout sitwayen konprann ke Karavan chanjman, se yon estrateji entèvansyon
kote tout ministè ak sèvis léta jwenn ansanm pou aji nan yon zone byen detèmine. Karavan
nan se yon apèl, tankou kout lanbi ki te mande tout pitit peyi’a pou yo kòmanse batay
endepandans la.

Karavan nan se kout Lanbi istorik la. Karavan nan envite nou tout pou nou chanje fason nou
travay, fason nou itilize byen leta pou nou bay pèp la sèvis, pou nou sispann di « Ayiti se peyi
ki pi pòv nan zòn Lamerik la. » Vizyon’m, travay gouvènman’an se pou Ayiti sispann pote kwi’l
bay moun, se pou Ayiti sispann pran imilasyon !

Se pou Ayiti vin Mèt tèt li ! Se sak fè, a pati 7 fevriye 2018, karavan nan ap sou tout dis
Depatman peyi a. Direksyon Depatmantal Ministe Travo Piblik , Ministe anviwonman ak
ministè Agrikilti pwal mete tet yo ansanm pou travay ak ekipman ke sekte prive ayisyen an
nan tèt kole ak bank prive ayisyen yo finanse. Sekte prive a ak bank yo plase konfyans yo
nan Leta, yo bay Leta kredi pou achte ekipman pou travay karavan nan ka louvri nan tout dis
depatman peyi a. Map pwofite gwo okazyon sa a poum felisite sekte prive ayisyen an ak tout
bank prive ayisyen yo ki prete Leta plis pase 123 milyon dola ameriken. Gwo zak sa ke yo
poze a sanble tankou 2 gout dlo ak zak ewoyik ke zanset nou yo te poze nan batay 18
Novanm nan nan Vètyè.

Frèm ak sèm yo, kap viv an Ayiti ak tout lòt peyi sou latè,
Mwen mande tout Ayisyen, pou yo sonje ke se Ayiti ki manman yo.
Ou ka pa dakò ak moun kap viv bò kote w la, ou ka pa gen menm kwayans avèk li, men nou
tout se Ayisyen. Listwa montre ke se selman lè tout Ayisyen antann yo ke peyi'a ka bay tout
pitit li chans pou yo kapab viv byen, pou yo gen libète.

Ayiti pou nou tout !
Li pa pou yon ti gwoup moun !
Li pa pou yon ti gwoup komèsan !
Li pa pou yon ti gwoup politisyen !
Li pa pou yon ti gwoup asosyasyon !

Nou bezwen antann nou : moun nan sektè privé, kidonk moun k'ap fè biznis, ak moun k'ap
travay nan léta, moun k'ap fè politik, moun ki nan asosyasyon, sa yo rele sosyete sivil la ;
moun ki nan inivèsite, pwofesè lekòl, doktè, enfimyè, ti machann, gwo machann, ebenis,
mason, chapantye, peyizan, kodonye, koutiryè, chany, tout moun kap bat dlo pou fè be, nou
tout alawonnbadè !

Ayiti bezwen nou tout pou'l kòmanse dezyèm endepandans li.
Aprè viktwa Vètyè, ki te dènye batay pou Ayiti pran endepandans li, nwa, milat, ak kèk pitit
kolon blan, tout ayisyen te met ansanm pou yo ba limanite premye repiblik nèg endepandan
ki sot nan lafrik pou nou ka gen bèl peyi sa-a.

Pèp ayisyen,
Frèm ak sèm yo,

Nan moman solanèl sa’a kote Nasyon’an ap selebre 214 zan aprè batay Vètyè ki Mennen
endepandans peyi’a, mwen pran desizyon pou mete an plas Fòs lame peyi'a jan manman lwa
peyi'a di'l la. Se yon fòs defans ki pral sèvi pèp la, ki pral akonpanye tout jefò k'ap fèt pou Ayiti
reprann plas li nan ran gran peyi sou latè. Desizyon sa pran jan manman lwa peyi ya nan atik
263 jiska 267.3 mande pou fè sa e di ki jan pou lame’a monte, ki jan pou’l fonksyone.
M’ap anonse ke jan konstitisyon’an egzije’l, nan reyinyon Konsèy Minis, apre konsiltasyon ak
palman’an, ak pouvwa judisyè’a, reprezantan sektè prive, reprezantan legliz yo, vodouizan
yo, sendika yo e latriye, gouvènman’an pwopoze yon arête ke mwen siyen ki nome chef Eta-
Majò enterimè an atandan ke Senat a ratifye l.

Konstitisyon'an di fòs militè a dwe travay pou akonpanye leta nan devlopman, se misyon sa'a
gouvènman'an bay Chef eta-majò ki nome pou monte fòs la.

Eta-majò sa a gen poul mete an plas twa inité sa yo rele corps nan lang Franse :
1) Yon kò Jeni ki pral ede fè etid ak konstwi wout nan tout rakwen, ki pral ede netwaye
rivyè, plante pye bwa ; men tou, ki pral kapab sekouri popilasyon’an lè gen katastwof natirel.
2) Yon kò medikal kila pou kanpe djanm deye ministe la sante le gen gwo pwoblem
tankou epidemi ki konn frape peyi a.
3) Yon kò avyason, k’ap antrennen militè nan reparasyon ak pilote avyon ak elikoptè pou
siveye fwontye teres ak maritim nou;

Frèm ak sèm yo,
M kon-nen gen konpatriyòt ki dakò ke fòk nou respekte konstitisyon’an pou nou remonte
lame-a ; ki konprann trè byen ke nasyon an soti nan zantray lame ki te kreye peyi-a, men yo
pa renmen jan ansyen lame’a te konn aji. Donk, sitwayen sa yo pè pou lame’a pa konpòte’l
menm jan ak ansyen Forces Armées d’Haïti yo !

Kòm Prezidan, mwen menm tou mwen sansib anpil ak santiman sa’a. Se sak fè ke
Gouvènman’an ap voye nan Palman’an, pwojè lwa k’ap detaye doktrin ak tout règ ki pral
pèmèt lame’a fonksyone jan konstitisyon peyi a an mande l la.

Nou pral ensiste ke Lame pa nan politik !
Nou pral ensiste ke Lame pa fè politik !
Nou pral ensiste ankò, pou tout pèp la, tout limanite tande, Lame Dayiti pa nan politik e li pap
nan politik!

Lame-a ya pral yon enstitusyon de sèvis. Lame Dayiti pwal la osevis devlopman peyi a.

Mwen konprann ke Fòs lame Dayiti te kon abize otorite’l. Mwen konprann ke li te bezwen ke
nou ranfòse’l, nou te bezwen yon lòt oryantasyon.

Vètyè montre ke Lame endijèn se manman Ayiti ! Gen yon zanmi’m, yon gwo Senatè ke
m’pap site non’l la’a ki te di,

« Lè manman nou malad, ak rad sal sou li se pa touye nou touye’l nou mennen’l ka doktè e
nou lave rad sal la! » Se sam vin di nou jodia. Se pa kraze pou nou kraze enstitisyon yo le
gen moun ki bay pwoblem andedan enstitisyon yo akoz de kad legal.

Ki donk, konpatriyòt mwen yo, an nou mete ansanm, Prezidan, Premye minis, Senatè, Depite
ak tout lòt fòs viv peyi’a pou manman nou jwenn swen li bezwen yo pou li kapab sèvi peyi-a !

LAME SE MANMAN NASYON AN.

Frèm ak sèm yo,

Mesye dam ki devan nou yo, ki pral vin Ofisye ak Sòlda yo,
Konstitisyon’an di ki jan pou lame fonksyone ; li di ki wòl Lame dwe jwe. Administrasyon ke
map dirije a vle pou nou konprann ke nou pa La Polis.

Nan Lame tou nèf la, se sa ki fè nou pa annik mobilize lame ki te la anvan’an ; se sa ki fè n ap
monte yon lòt lame, Lame se yon fòs, La Polis se yon fòs. Fòk yo chak gen kòmandman pa
yo ! Chak fòs yo gen yon system k’ap kòmande yo, sa yo rele hiérarchie nan lang franse’a !
M’pa vle tande ke gen okenn chire pit ant polisye ak sòlda. M’pa vle tande gen ankenn move
konpòtman kote Polisye ak Sòlda ap fè abi sou pèp la paske yo di yo se chèf ! Se pa sa
konstitusyon an mande.

Polisye, Sòlda, nou se pitit pèp la ! Nou se sèvitè pèp la ! Nou dwe respekte règ ki etabli chak
fòs yo. Nouvel fòs sa dwe respekte tout règ ke Konstitisyon an fikse poul fonksyone e nan
kad liv blan ke yon gwoup ekspè, ke Prezidan Martelly te reyini, ki pou defini nouvèl
oryantasyon fòs sa a.

LAME A, NAN LISTWA LI KOMÉT ANPIL ERÉ, WI LI FÉ ANPIL FOT. MEN, ÉSKE SA VLE DI
JENN DOKTÉ, AGRONOM, SEKRETÉ, PWOFESÉ, ENJENYÉ, AVOKA, KI VLE SÉVI PEYI
YO, NAN LAME DWE RETE BWA KWAZE POU YO KITE PEYI A AP DEPAFINI.

Nou mize, nou pèdi anpil tan sou wout. Mwen te
di l nan kanpay mwen nap pran sa ki bon, nap korije sa ki pa mache byen e nap inove chak
fwa li nesesè.

Viv Ayiti !
Mèsi tout moun !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire