mardi 24 janvier 2023

Nòt sou Revolusyon 1946...

-Thèse doctorale -
Lè n louvri je n gade nan paj listwa, Revolusyon 1946 la, yo pat bay anpil detay, eksplikasyon, sou sak te pase.

Sanble ke istoryen nou yo tap fe yon syesta, yo deside ret bèbè sou sa. Tout moun ki te gen savwa nan epòk sa-a, te dakò sou yon sèl bagay. Elie Lescot pat ka ret sou pouvwa ankò, fòk li ale... 

Kouman? Kisa w ap di la? 

Se kesyon sayo ke jan de moun ki tap jwi sou rejim Lescot-a, tap poze. Pat gen okenn ladan yo ki te vle aksepte pou yon prezidan ki dous tankou rapadou konsa ta rashe manyòk li, bay peyi-a. 

Antouka, bwi ta kòmanse ap kouri pou enstale Elie Lescot kòm prezidan avi...

Men nou konstate ke jenès nan epòk sa-a, kite nan inivèsite leta, te leve kanpe pou met sou pye plizyè jounal. Sa te fè plis bwi kouri nan mitan moun ki konn li an Ayiti. Jounal kite gen plis enfliyans nan epòk sa-a te rele La Ruche, sètadi yon Nish Myèl.

Nan yon premye moman, presizeman, nan mwa janvye 1946, nou te konstate anpil etranje te kòmanse vinn vizite  peyi-a. Andre Breton ak Aimé Césaire te figure pami moun sa yo. 

Aimé Césaire, ansyen manm pati kominis nan peyi lafrans te fè plisyè konferans. 

André Breton, limenm sete yon powèt sureyalis. Li te fè konferans nan otel Savoy, ki tap met an evidans relasyon k egziste ant mouvman sureyalis vizavi la race noire.

Pierre Mabille, se te yon atashe kiltirèl anbasad franse an Ayiti. Se limenm ki tap sponsorize tou de prezantasyon sa yo. 

Fòk mwen di nou ke nan epòk sa-a, nan mitan elit kiltirèl Ayisyen-an, nou tap obsève yon sèten panshan pour le socialisme...  

Kidonk, sete anba bab Elie Lescot, yon diktatè, enfliyans sosyalis nan lespri lelit entèlektyèl Ayisyen yo tap boujon-nen...

À suivre...

Veritas pour eMagazine


Take the Visitor Survey and receive this FREE gift.


veritas_tum@yahoo.com

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire