dimanche 9 novembre 2025

Emile Roumer:Vle pa Vle...

Vle pa vle, mesye, se sa pou nou wè. Nou di ke kreyòl pa dwe ekri yon lòt jan ke franse. Tou sa, se blag. Kote nou aprann sa?

Nou vle pou gran moun lavil tankou gran moun nan mòn aprann an franse. Tou sa se blag. Nou pase twazan lekòl pou nou aprann ke (an, en, ant, ent,) fè an. Tout sa se pèdu tan. Nan kreyòl, tout voum se do, (an) se (a-an) li ekri, epi se an lifè. Si se pa sa di-m, sa li fè?

Nou di ke, kreyòl pa dwe ekri (louin), l.o.u.i.n se pou ekri louin, jan sa-a: Loin, tankou si (marsouin) pa te ekri m.a.r.s.o.u.i.n; an franse takou si Edouard pa te ekri Edouard. Gade non, mesye, ase betize. Konprann kò nou, konprann byin sa nou vle. Nou di, o! Kijan ou vle pour kreyòl ekri kafe ak (k) pouki li pa ekri-l ak (c). Tou sa se blag. Kar, yon lè (c) fè (se) yon lè li fè (k). Nou ekri (Celie) ak (c) ki prononse Celi e nou ekri Clelie ak (C) ki prononse Kleli. Si se tout bagay sa-a yo ke nou vle pou yon adult ki pa gin tan pou li pèdu, ale chita lekòl aprann, nou se yon ban ransè. Vle pa vle, jan ki pi fasil-la, se jan sa-a kreyòl la dwe ekri. Bon epi tou, se pa pou literatè fransè, kreyò la ekri. Parol franse pa parol pèp. Si depi dizwisankat nou te ekri pou pèp-;a nan yon jan pi fasil, pèp la ta konnin li. Bay moun la pè, mete literatu franse sou kote jouk nou kapab fè gingnin souasantkinz pou sa moun nan peyi-a konnin li. E si nou fle fè sa rive vit, vle pa vle, se monra pèp-la li kreyòl nan jan ki pi fasil la.

Vle pa vle se sa. Si se pa sa ekri  ki jan nou vle-l.
Di tou sa nou vle di. Min li ta bon pou nou eseye fè sa nou mande-a. Ekri franse nan journal, se rans. Pale franse nan radio, se rans. Pèp la dezouin li e li bezouin konprann sa l li e sa li tande. Vle pa vle se boule rèd nan kreyòl la. Moun pa doue fè ekukasyon yon pèp nan yon lang ki pa lang li. Vle pa vle, kase-m, revoke-m, voye-m nan karousèl, voye-m sou pave pour nou sa montre pèp la li an franse se afè pa nou. Min pei-a ava disparèt, sa nou vle-a pap rive. Kontinue tronpe pèp-la; min sonje ke nou pa kapab pase tout tan nou ap bafoue yon pèp, fòk yon jou li revòlte.

Pa kouè ke mouin kont pou pèp-la rive li franse. Pèp-la gingnin pou li aprann li franse tankou nou aprann angle ak espagnòl. Deja, se se ki kòmanse fèt. N-ap ekri, n-ap pale nou pa minm konnin sa kap fèt. Vle pa vle se moun kap ekri jan mouin ekri la-a ki gin rezon.

Emile Roumer

iTunes and Audible


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire