vendredi 7 mars 2025

Pyès Teyat:Avrilis fè yon Ayewopò...


    Mèt Estòy                 Avrilis         
                                    
eMagazine ap prezante n yon nouvèl seri traji-komik.
Menmsi powèt la mouri. Stil pawòl li yo dwe ret 
tou vivan nan memwa nou. Pyès teyat la dedye ak 
lenvizib luminoz galaktiko-espiralize.

Akt 1
Sèn 1
Avrilis fè yon Ayewopò
Rido leve.

Sou sèn nan gen de nèg kanpe kap pale sou twotwa nan yon kwen lari. Pandan
setan se bwi klakson ak motè machin kap monte desann. Bwi-a fè yon ti desann
epi w tande vwa de mesye yo.

Mèt Estòy - Yo di w gen foli.
Avrilis - Mèt Estòy m pa tande w. 
          Wololoy! Wa mwenyè fèmen je w ak bèk ou, 
          lè m ap Konstwi.
          Cha Cha Ye Cha?
Mèt Estòy - Koulye-a ou vle di m, sa se yon Ayewopò?
          
Avrilis - Je w te fèmen. Louvri je w Kounye-a
          Kisa ou wè ?

Mèt Estòy tèlman sezi l paka pale.
lap panse 'kou sa-a du, mesye... Gad kijan granmanjè 
Ayisyen yo entèlijan..." "mezanmi, nou pran."

Avrilis - Sanble w bwè pwa?
          Cha Cha Ye Cha?
Mèt Estòy - Kounye-a ou vle di m sa-a se yon Ayewopò?
  Wipip!

Avrilis - An-y, Mèt Estòy, ale w vouzan!
         
Mèt Estòy - Avrilis, wap pase moun nan betiz!

Nan yon ton derizwa.
Avrilis -Cha Cha Ye Cha, Mèt Estòy?

Lide nan tèt Mèt Estòy "ou pata di se Depite 
Zoreken ak Senatè Grigri k devan je m la-a?"

Mèt Estòy - Ou pap fache?
Avrilis  - Kèl ide ?

Mèt Estòy - Li yon jan sanble ak yon pis aterisaj,
            ak yon ti ajoupa an bwa devan l.
            Pwen ba!

Avrilis - E gran estrikti sa-a, Mèt Estòy, Cha Cha Ye Cha?

Mèt Estòy - Ou su ou pap fache?

Avrilis - Non mon chè, kèl ide!

Mèt Estòy - Sa-a se yon ti sal twalèt an bwa.

Avrilis pase a lofansiv.
Avrilis - Mèt Estòy, ou sanble yon moun ki pa janm vwayaje?

Mèt Estòy- Avrilis, sanble w pi sòt pase panyen pèsi, ou pakonn anyen?
           Sa w montre m la-a sanble ak yon bwat fatra!

Avrilis  - Bwat fatra?
           bwat fatra marenn ou!

Desann Rido.

Akt 2
Sèn 2
De nèg yo chita ansanm sou yon ti mu anba yon pye Kalbas, pye yo pandye. Yon bon van
ap vante, zwazo ap chante ak bwi vwa yon machann anbulan kap vann 
Mayi Bouyi. 
"Mayi Bouyi-a Cho!"
“Li Cho, li Cho”

Mèt Estòy - Avrilis dwe panse moun yo egare. Bon, se vre ou ka desounen yon grenn moun. Men Avrilis, ou paka di m ke tout moun nan peyi a te kwè w te vrèman gen yon pwojè Ayewopò. 
Yon pwojè pa ret konsa w lansel. Konpayi dwe soumèt devi publikman pou LETA ta chwazi sa k pi nan avantaj peyi-a. Apre sa yon pwojè dwe gen kòmansman ak yon fen, yon budjè, yon chèf kap dirije l jouktan l fini.

Enfòmasyon an twò cho, Avrilis, an nèg entèlijan vle vire konvèsasyon an.

Avrilis - Nou fèmen lekòl. Zafè lekòl sa-a pa alamòd ankò. Tout bagay wap pale la-a antre nan yon
zorèy, li soti nan yon lòt. 
Gade figu Met Estòy kap vinn pale n de Pwojè. Se bagay moun k al lekòl. Bò isit Pwojè pann se nan tèt nou l soti, epi l ateri "blip!" konsa.

Mèt Estòy - Kidonk nan dis-ventan nap kontinye vonmi plis kretyen vivan k pakonn li?

Avrilis - Ou se yon nèg kigen lang! Kiyès kap pale w de moun ki pa konn li la-a?

Mèt Estòy - Ay papa! Faktori sa-a pa janm fèmen non. Se vennkatrèd-tan pa jou. Nou fèmen je n sou sa. Men to-ou-ta ligen pou l bay randman wi. Se mwen k di w sa.

An riyan konsa. Mèt Estòy retounen sou kesyon zafè Ayewopò-a.

Mèt Estòy - Avrilis, ann pale bagay serye. Mwen suspèk pèsonn pat janm konnen ou tegen
you pwojè konstwi yon Ayewopò. Eksplike m tanpri. Konbyen konpayi kite patisipe
nan konpetisyon pou jwen kontra sa-a? Konbyen l koute. Kot rapò depans yo ye?

Avrilis - Se jan de bagay sayo k fè w nan kanpe lwen. Nou pa vle w vinn bò isit. Plis gen fènwa, pousyè ak maladi, plis nap travay. Ou renmen limyè ak soulye klere. Men kwa manman w men kwa papa w, vinn pile! Ou toujou gen yon bann vye kesyon pou poze. Mèt Estòy, ale w vouzan!

Mèt Estòy - Fòk ou tegen yon budjè, Avrilis. Ou sèten ke "La Cour des Comptes" te apwouve yon pwojè san bout? Kijan lajan sa-a te dekese menm. Konbyen l koute? 100, 200, 300 milyon goud?

Avrilis - Kite m eksplike w. Mèt Estòy, se pa konsa bagay yo fèt. Se sou yon fèy kaye n rache epi nou pran yon devi nan men bòs ki pwal fè travay la. Lajan an te deja nan tiwa. Nou sèlman desann anba lavil, pase labank, louvri tiwa, pran lajan nou te deja genyen nan rezèv.

Mèt Estòy reponn avèk anpil enèji.
Mèt Estòy - Avrilis, genlè w panse tout kantite lajan sayo se lajan pa w? Ou dwe konprann se yon bann envizib k al depoze yo labank? Ou desann lavil wa l kase labank... Se lajan ekonomi malere ak malerèz ki nan men w la-a wi, Avrilis!...

Rido desann

A Suivre...

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire