lundi 17 mars 2025

Pyès Teyat : Avrilis...

 

    Mèt Estòy                 Avrilis         
                                    
eMagazine ap prezante n yon nouvèl seri traji-komik.
Menmsi powèt la mouri. Stil pawòl li yo dwe ret 
tou vivan nan memwa nou. Pyès teyat la dedye ak 
lenvizib luminoz galaktiko-espiralize.

Akt3 
Sèn3
Pèp la pote plent

Rido leve

Prè de dis moun sou sèn nan. Yo reprezante populasyon-an.

Yon premye parèt devan mikwo-a l di:
-M bouke kouri.

Yon lòt:
-Mwen tèlman kouri m kite soulye m, se pye atè map mache.

Yon twazyèm:
-Chak kote m pase, se kout bal nan dèyè m san m pafè pèsonn
anyen. Poukisa yap tire dèyè m la-a menm? M pagen lajan.

Yon katriyèm:
Mwen gen senk jou depi m pa manje. Se yon sèl m ap souse
anba lang mwen pou m pa mouri grangou.

Yon lòt.
Yon fanm tèt mare a mouchwa wouj. Li fèmen je l,
leve demen l anlè, 
l sekwe tèt li.
Li kriye byen fò:
Notre Dame du Perpétuel Secours! Sekoure nou! 

Yon sizyèm:
-Yo di m se avni peyi d Ayiti. Juska prezan m chita ap tann, 
jis mwen finn tounen pwa tan.

Yon lòt:
-Se nou menm jenès la k gen plis enèji, 
epi se nou menm ankò 
ki paka jwenn travay.

Yon lòt:
-Paype filo m nan menm 
se moun ki fè sètifika detud ki manadjè 
kote map travay-la.

Yon lòt:
Mwen gen wi jou depi m pasa jwen 
yon ti gout dlo pou m ta ni bwè, fè yon
ti twalèt, vwa pou benyen.

Dizyèm nan di:
-Mwen pagen kote pou m dòmi, 
nèg ak zam mete m deyò, 
se nan lari m ap viv.

Rido desann

Akt 4
Sèn 4

Limyè etenn, tout moun yo soti an silans. 
Rido toujou louvri. Sèn nan chanje
an salon koulye-a. 
Yon gwo sofa, yon tab nan mitan 
ak yon lòt chèz sou kote.
Limyè limen tou dousman
jouktan tout sèn nan byen klere.

Nan salon-an, Pòt a gòsh la louvri. 
Avrilis soti, kas mizik li nan tèt li,
de jel fèmen, lap danse, chante, poukont li. 

Pòt adwat la louvri. 
Mèt Estòy soti, li ranmase yon jounal kite atè-a. 
Mèt Estòy mache l al chita sou yon sofa.

Nan danse de je l fèmen, 
pye Avrilis frape ak pye Mèt Estòy 
epi misye kilbite, sot tonbe,
blayi atè-a plat. Kas la kraze an myèt mòso. 

Mèt Estòy pran ri:
-Se bon pou wou! 
Avrilis, avèk gwo kas ki nan zòrèy ou a, 
pou di w tande moun yo?

Avrilis poko reponn. 
Lap mache sou kat pat.
Lap tatonnen atè-a, 
je l ap pwomennen tout kote, 
lap ranmase pyès yo ki gaye.

Mèt Estòy
-Avrilis, pou di w tande moun yo?

Avrilis - An-y, mon chè, pa anmède m!

Mèt Estòy
-Moun yo konte sou wou-wi. Vire tounen se de ou y ap pale.
An premyè paj, sou jounal FACHIS, 
an grann manchèt nou li: 
Avrilis dévoile ses priorités!

Avrilis fèk kare kontinye ap chache 
pyès aparèy yo nan salon-an.

Mèt Estòy - Avrilis pou di w tande moun yo?

Rido desan

A suivre...

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire