samedi 1 mars 2025

Ochan pou Frankétienne...

 
Frankétienne
Pitit yon Ayisyèn
Ou te yon mozayik
Yon monuman istorik
Mèsi pou Dezafi
Mèsi pou Pèlentèt
Ki bay anpil souflèt
Pi pike pase kout fwèt.
Ki montre n gen kilti.

Ala yon nèg mabyal konpè?
Se yèswa m kouche sou payas
Vwa w tap lanse kou ton-nè
kap rikoche nan lespas.

Ou di se wou kap fè n labab
Epi ou ret konsa wal
Rantre anndan yon espiral
A sans unik san oken palab...

Ou te sou yon lis byen long
Nou toujou panse na gentan
Ou fè plongaye manchlong
Gazouye kòw nan mitan wonn...

Map oblije di w ke Woulib
ak tout Plongaye
Retounen nan men lenvizib
Mèt Estòy e latriye...

Ebyen pagen mal pwiske
Ou ret konsa w ale
Ba direksyon w kase.
Bato san fren an koule
rantre nan toubiyon
piwo pase mòn tapyon.

Wal chita sou tèt mòn bèlè
Pousa domine waf Pòtoprens
Walèz tankou yon prens
Ka l bay payèt nan palè...

Avan w te ale
Ou te gentan etale
Travay pèson paka egale
Yon nèg tèt kannèl aletwale
Nèg gwo vwa ak je ble,
kite fè latè tranble.
Anba kout bistouri
plim li pou anrichi 
lespri.

Frankétienne, Plongaye sa-a
se pou wou l ye tande?

L'Albatros des Antilles
veritas_tum@yahoo.com




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire