Yo di n ke peyi a pagen ase materyèl pou defann teritwa-l.
Yo di n ke LAPOLIS te bezwen plis zam pou l sa batay kont bandi yo.
Wi papa!
Eksperyans mwen te fè lè m te Ayiti an fevriye 2024 demontre ke se sèlman aprè bandi finn fè tout kalite dega, touye moun, met dife, se de twazèd tan aprè, nou tande sirèn lapolis, blende kap fè aparisyon.
Jiska prezan pèp Ayisyen pako konprann anyen nan jwèt mòtel kap jwe sou li la-a. Menm bagay la fèt, epi l refèt. Menm penpenp lan. Moun pase men pran malèt ak tout batanklan, kouri kite zòn nan. Pagen okenn mwayen pou komunike yonn ak lòt, pou òganize yon defans katye kote n rete. Tout moun se pran lari, met deyò an dezòd... Bon. Kote swa dizan òganizasyon sosyete sivil yo ye menm?
Èske se pata wòl yo pou bay pèp la konsiy ak modòd, pou ede populasyon-an nan zantrav liye la-a?
Moun ki swa dizan konnen zafè sekurite, kap touche pousa tou, yo pa janm adrese populasyon-an pou di moun yo, lè yon bagay ta rive nan yon katye, men sa poun nou fè. Populasyon an dwe pran nòt de sa... Moun kap detwi, moun ki gen òganizasyon sivil men ki pa janm pran lapawòl pou adrese pèp la pou di l kisa pou moun yo fè pou anpeche bandi anvayi kote l rete?
Pou LETA menm, se papale. Yon LETA gen de misyon esansyèl: se bay teritwa sekurite, se proteje dwa ak byen tout sitwayen. Daprè sa kap dewoule devan jen la-a. Ayiti pagen ni LETA, ni LAPOLIS, ni LAME... BSAP kivle fè sak bon, yo soti pou mare de menl dèyè dol pou fè asasinay jan yo vle sou li.
Pou yon peyi ki di li pagen zam, pou l ka ni suveye ni defann teritwa l. Ki plen trèt ladan l kap jwi nan mitan gwo tanpèt ak soufrans pèp li nan lemond. Men ki ap utilize zam ligenyen nan menl pou fè populasyon an abu. Mwen pagen ase mo pou m ta dekri jan de sistèm kap evolye devan jen la-a.
Moun ap mouri grangou. Moun ap mouri anba kout bal. Kote konsiy pou pwoteje populasyon an? Se aprè zak vyolans na p vinn aprann ke peyi a tegen òganizayon pwoteksyon sivil ak dwa moun?
Mwen sèlman di yo, yon jou pou chasè, yon jou pou jibye!
Kote bann moun ki konn bay konsèy sou zafè sekurite yo pase? Nou konn trè byan de kiyès gwoup moun m ap pale. Poukisa se ak LETA sèlman yo vle fè dil? Poukisa nou pa janm komunike ak pèp Ayisyen an pou ede moun yo? Eske se zafè lajan sèlman ki dwe enterese n? Pèp Ayisyen ta dwe pran nòt! Rale kreyon w make sa sou kalpen w!
Ebyen mesye dam, na konprann sa n konprann.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire