vendredi 21 mars 2025

Pyès teyat: Avrilis...

 

    Mèt Estòy                 Avrilis         
                                    
eMagazine ap prezante n yon nouvèl seri traji-komik.
Menmsi powèt la mouri. Stil pawòl li yo dwe ret 
tou vivan nan memwa nou. Pyès teyat la dedye ak 
lenvizib luminoz galaktiko-espiralize.
Akt5
Sèn 5

Rido leve
Sèn nan klere.

Yon jèn fanm kanpe poukont li sou sèn nan. Li abiye an kostum peyizan ak yon
drapo Ayisyen mare nan tèt li.

Lap resite yon powèm ki rele "Nou Pran." Lè l finn resite 
powèm nan. limyè fè yon ti bese, 
li mache tou dousman l soti. Limyè etenn.

Limyè limen. Pòt prensipal la louvri. Avrilis fèsa vap, li soti
ligen yon sèl kè kontan ak dan griyen. Li di:

-Ki bann pawòl kwochi sayo? Enjenyè pa enjenyè, doktè pa doktè, bòkò pa bòkò? Tout sa se pawòl
kolokyèl!  Sa se pawòl sibèlgwès!

Ki kote w pase ou tande gen yon fo endistriyèl? Mezanmi-o? Menm pwofesè tonbe nan angrenay. 

Avrilis pran chante:"Jij jije m byen pa jije m 
isit pa jije m lòtbò jije m la! " Ala b...."

Yo di m se plezimon. Yo di m se yon jwisè. Yo di m se yon bwesonyè. Yo di m se yon kakakleren. Yo di menm bonjou m pa laverite. Di sa w vle sou do m. 

Avrilis di avèk anpil enèji:
Men ou pa fouti di ke m pakonn abiye! Gade m! Ha!

Avrilis vire sou limenm, lap montre braslè mont, bag, tout kantite chenn 24 Kara ki nan kou l. Tout kò Avrilis plen ak tatway. Chak twou zèl nen li pèse ak zanno. Cheve l byen raze tou debò, se yon ti rès cheve l  ki ret kanpe, tankou w ta di yon ti zile ki soti depi devan k rive jouk dèyè tèt li. 

Figu Avrilis chaje ak tatway tou. Li di se konsa l selebre chak epòk nan lavi l. Menm vye istwa dezimanizasyon ti bebe k te jete nan dife lòt jou la-a, Avrilis te make sa sou po l. Po misye finn tounen yon paj listwa kotidyen peyi d Ayiti... Avrilis pakonn ni li, ni ekri, men chak moun gen fason payo pou anrejistre moman degrinngolad nan la sosyete.

Tankou tout granmoun lontan, manman Avrilis te monte tèt li. Li di l pagen pi bèl gason pase w bò isit. Kidonk se tout tan Avrilis ap gade imaj li nan miwa pou verifye. Lòt jou la-a, nou wè Avrilis fè yon ti parèt nan emisyon jounal/televizyon FACHIS.

Nan mitan tout kalamite peyi d Ayiti ap 
travèse men sa yo pa chwazi diskite:

Kesyon
Ou pwal gen ventan depi se wou kap dirije bò isit. 
Pale n de reyalizasyon w?

Avrilis pat atann li de jan de kesyon sayo. Avan l reponn kesyon an, lap pede voye je l gade adwat, agòsh. Misye yon jan suspèk, sanble yo anvi anbake l. Voye l nan peyi pèdi.

Avrilis -Mwen fè anpil wout nan lakomin. 
Mwen fè netwayaj, ranmase fatra. Baleyaj
lari fèt chak maten. Kamyon sitèn pase byen bonè, 
pou fè yon awozay lari-a. Epi l
retounen pita vè senkè edmi nan 
aprèmidi l refè menm bagay la. 

Avrilis renmen fè dyòlè, li di:
Pagen yon katye ki pi bèl pase katyem nan. 
Yon sèl bagay gen anpil rayisab. 
Nèg yo soti pou asasinen m. 
Tèlman m ap fè pwogrè, gad kantite bèl 
bagay ki gen nan lakomin. 

Kesyon 
Eskè tout sitwayen yo gen aksè ak dlo potab?

Avrilis
Mon chè, m tèlman ap renmèt bon bagay, 
nèg yo soti pou detwi m. Koulye-a tout moun
vle soti lòt kote vinn abite nan menm 
kominn kote m ap dirije. Pou m reponn a kesyon
w lan. Tout moun nan kominn nan 
gen sitèn lakay yo. Se kamyon dlo ke moun 
yo debouye yo achte.

Mon chè, se pa de twa bèl bagay m ap fè nan 
lakomin. Tout kantite bèl bagay m te jwenn 
nan vil Pòtoprens lè m te timoun se yo 
ma p repwodwi la-a nan lakomin.

Kesyon
Popilasyon nan kominn nan gen aksè ak 
konbyen èdtan elektrisite pa jou?

Avrilis
Si w konn konbyen braslè mont mwen 
koute wa sezi. Ou we vès ki sou do mwen an,
devine konbyen sa koute? Ou konnen gen 
anpil mal palan kap di m se vòlè... 
Wi, se yon ti bout tè tou piti m pran 
pou bay fanmi m ak kèk zanmi...tè yo la 
wi, men gen moun sou yo...

Bagay la cho! Avrilis vire pawòl la.
Nèg yo fè maji dèyèm, yo vle touye m. 
Men m pi dyanm pase yo. 

Monchè mwen bay Elektrisite d Ayiti, zewo! Zewo bare! Elektrisite d Ayiti deside gen twòp pwogrè kap fèt nan lakomin, yo pa bay kouran ankò. Men sa pa anpeche ke kominn lan pibèl pase tout lòt kote nan peyi d Ayiti. Plen bèl wout. Nou pap viv nan pousyè, lè lapli tonbe pagen labou. Nan lakominn pagen koloni mouch ak marengwen kap fè egzibisyon sou pil fatra... pagen bagay konsa.

Monchè pou m reponn a kesyon w lan. Se moun yo ki demele gyèt yo, met ennvètè 
lakay yo, pano solè ak batri. Populasyon kigen ti mwayen enstale machin dlo cho/dlo frèt 
lakay yo. Pagen zafè gwo rezèvwa nan lakominn kap trete, distribye dlo nan tuyo ankò. Konfǒ modén. Se konsa m te jwen lakomin, tout kay tegen plonbri ak dlo tiyo, bèl wout ak totwa, yon sistèm evakyasyon dlo lapli. Yon kote pou tretman dlo twalèt...

Se pa fòt mwen non, ou konnen ak zafè privatizasyon-an anpil dega fèt... 

Avrilis pran chante: "Ayayay pitit gason mwen, tout koukouy klere kou je w".

Kesyon
Depi pliske ventan, kisa w reyalize ankò? Ou fè yon grenn 
lopital ou fè Sant Komèsyal?
M kwè w te jwenn bagay sayo nan lakomin 
lè w te soti an pwovens?

Avrilis
Wout, m fè anpil wout ak pon nan lakomin pou moun ak machin ka pase.

Rido desann


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire