Safè kèk tan depi n te publiye dezoutwa atik sou labank nan peyi d Ayiti. Men atik sa yo te vize pou louvri je sitwayen an sou sakap pase vrèman anndan enstitusyon sa-a nan detouneman lajan.
Nan zafè ensekirite, nou te wè kouman moun kap travay nan labank tap makonnen lonbrik yo nan konplote ak asasen pou vinn fè dap-pi-yanp sou kliyan ki sot fè retrè.
Rezulta. Yo te deside anpeshe anplwaye labank, kesye yo sitou pou vinn ak telefòn pòtab nan travay. Nou te aplodi sa.
Nan yon lòt kote, nou te panshe sou kesyon gouvènè labank soulve lèl te di lite enjekte anpil milyon dola meriken nan ekonomi Ayisyen-an... Jiska prezan, bankye sila te refuze bay plis detay sou enjeksyon-an...
Kiyès ki otorize l? Si se yon envestisman, donk nou dwe wè sal renmèt ak lajan pèp la. Nou ta renmen konnen kantite benefis oubyen defisi ki fèt a pati de enjeksyon milyon lajan meriken kite sot lan kòf labank santral. (ki pa lajan pèsonn lòt ke lajan pèp Ayisyen-an)
Mesye Baden Dubois pat bay repons sou sa, jiska prezan, pwal gen twazan... vye salopri bankye sa-a ret bèbè toujou sou kesyon sa.
Koulye-a nou dwe poze yon kesyon fondamantal. Ki enstitusyon nou genyen kap veye sou tout tranzaksyon kapfèt anndan labank?
Nou estime bann pwoblèm devlòpman agrikilti, komès ak endustri se nan men labank sa te dwe shita.
Se pou sa gouvènman Ayisyen an te kreye labank. Se labank ki pou fasilite devlòpman nan yon peyi apati de kredi sitwayen ki kalifye yo jwenn. Se nan fason sa-a labank ta kreye rishès pou ankouraje komès, endustri, ak agrikilti...
Men sa pat janm fèt. Poukisa nou gen labank an Ayiti si l pajanm reyalize misyon ke l genyen depi kreyasyon l rive jis jounen jodi-a?
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire