Toupre ti kay la, gen yon gwo lakou, oubyen yo konn shita devan kay la, kote tout fanmi ak zanmi kap viv nan vwazinay la rasanble nan mitan yon gwo wonn yo fè, yo shita ap resite kont, gen ladan yo kap lanse devinèt.
Si lespri w pat finn paralize nèt ale anba laperèz, etranje-a ta resi konprann sa kap pase nan silans ki gen lan-nwit anba gwo pye bwa mapou nan la karayib...
(paske se toujou nan aswè pèp Ayisyen shwazi pou l resite kont ak bay devinèt)
Tradisyon an di, si yon moun ta pèdi tèt li, l al bay kont granjounen, manman l kapab mouri. (Pawòl an bon kreyòl la di, w ap voye manman w ale)
Kòm etranje, mwen te shita nan lakou-a yon moman m ap obsève. M wè gen yon moun ki shita nan mitan wonn nan kap fè jès ak men l. Gendefwa l imite vwa yon animal oubyen l bay deskripsyon yon eksperyans li fè. Li konn fè jès ak men li pou demontre nan bon langay Ayisyen. (se konsa Ayisyen komunike lè y ap rakonte istwa)
Nan gwoup la tegen tout kalite moun, jèn moun, granmoun, yap tire kont. Depi kont la kòmanse tout moun ki shita nan wonn nan tann tou payo pou rakonte yon istwa.
Gen de kategori de istwa. Yonn ki rele devinèt oubyen kont divinò, lòt la rele kont shante. Moun kap bay kont lan konn ret konsa li pran shante, yo rele sa kont shante. Kont divinò-a menm li toujou kòmanse ak yon prensip byen defini nan shak depatman an Ayiti. Moun nan le grand Nord konn di:
-Krik!
Odyans lan reponn:
-Krak!
-Tim, tim!
Odyans lan reponn:
-Bwa zaboka!
Dlo kanpe ?
Adaptation Veritas pour eMagazine
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire