Se istwa yon ansyen nouris mwen ki vinn tounen machann lèt. Depi kèk jou mwen te
wè l ap pase devan pòt lakay mwen sou Bourik, li pwal fè livrezon lakay kliyan
nan Pòtoprens ak Pétionville.
Istwa Mertulia
par Frank Bailey
Mertulia te fèt an 1926, nan Pernier - Pou moun ki pa konnen, Pernier se yon ti
vil ki sitiye a plis ke 8 kilomèt konsa de Pòtoprens, nan zònn Frères-
Manman Mertulia te yon Machann Lèt, papa l te yon kiltivatè.
Pi gwo anbisyon de paran Mertulia yo sete pou sèl grenn pitit fi yo-a ta jwenn
yon bon edukasyon. -Se yon anbisyon modès-.
Yon bon edukasyon nan peyi-a, nan epok sa-a - tevledi, yon moun ta kapab al
lekòl, pou l aprann li ak ekri, moun sa-a kapab fè kalkul adisyon, soustraksyon
ak multiplikasyon, li menm posib pou l takab ekri yon lèt poukont li.
Tout sa se byen, men bagay la tegen yon pwoblèm. Prèske pat gen lekòl nan Pernier
nan tan sa-a. Men paran Mertulia te jwen yon ti mwayen kanmenm pou voye l lekòl.
Detanzantan, m te konn tande manman Mertulia kap pale ak Miss Doris Burke.
Etranje sa-a, seli menm kite leve m depi m te tou piti. Miss Doris Burke limenm
te gen bezwen, litap chache anboche yon moun pou bay timoun tete. Sa yon rele yon
nouris, ki pou pran swen m epi pou voye je sou mwen tou.
Manman Mertulia tedi Miss Burke, kise moun Jamayik, ke si l ta vle bay Mertulia
yon opòtinite pou l jwenn yon edukasyon, voyel lekòl, li tap men-nen Mertulia
lakay li nan Pétionville pou djòb nouris la epi voye je sou timoun twazan sa-a
pouli.
Toude medam yo te vinn tonbe dakò.
Mertulia tegen onz-an lè l te kòmanse travay anndan kay la. Lite tèlman gen
bonjan, li dosil, ke avan lontan nou te vinn konsidere l kòm manm nan fanmi-an.
Lè Mertulia vinn gen sèzan, manman l vini plop li pran l nan men Miss Burke.
Senpleman paske l dwe panse depi yon moun konn li ak ekri sèlman, li pa bezwen
anyen ankò. Tout moun nan kay la tegen chagren, yote regrèt lè yo wè Mertulia
ale.
Figu Mertulia limenm te sanble l tris anpil nan jou sa-a. Apre dezan konsa,
litefè yon ti pase vinn wè. Twazan pase, nou tout te kontan lè nou te resevwa yon
envitasyon pou maryaj Mertulia. Men malerezman, pèsonn nan kay la pat kapab al
asiste nòs la.
Nèf lane pase, pèsonn pat janm wè Mertulia ankò.
Semèn pase-a mwen te nan lari, m ap chache kèk moun pou mwen fè entèvyou pou
jounal la. Pandan m sou wout la m tande yon moun kap rele: Mesye Frank, mesye
Frank!
Lè m fèsa vap m tounen tèt gade, m wè sete yon fi ki chita sou yon Bourik. Mwen
pat rekonèt moun nan. Lè li mandem, "èske m pa Mesye Frank Bailey?"
Mwen reponn li, wi, se mwen.
Mwen tou pwofite mandel ki moun li ye?
Li di : Mwen se Mertulia, se mwen kite konn okipe w lè w te piti. Epi l di: "Se pa detwa kontan m pa kontan wè w. Kijan tout moun nan fanmi an ye?"
Nou pase yon pakèt tan ap pale epi m envite l vinn wè tout moun yo li pa janm wè
depi kèk tan lakay Sunshine.
Finalman, Mertulia envite m vinn lakay li nempòt lè mwen vle. Wikenn pase-a m
monte sou cheval pou m al vizite Mertulia lakay li nan Pernier. Mwen te bezwen wè
fanmi an, epi an menm tan ranmase kèk enfòmasyon sou metye Mashann Lèt.
Fanmi Mertulia se gwo pwopriyetè nan Pernier, yo gen anpil tè, cheval, kabrit,
mouton, poul, kòk, milèt ak bourik. Nan propriyete a yo plante prèske tout kalite
fwi ak vegetab moun jwenn nan peyi d Ayiti. Kay la bèl epi li byen fre.
Chak maten, gen yon moun nan fanmi an ki leve pou al tire lèt nan manmèl bèf yo,
epi l pran lèt la li lagel nan yonn oubyen de gwo galon an fèblan ki fabrike an
Ayiti.
Yo met degalon yo anndan yon sak pay, epi mete l sou do bourik yo. Nan menm sak
pay sa-a yo konn met mwatye oubyen yon lit lèt nan boutèy. Se avèl yo sèvi tou
pou mezire lèt lè yap fè livrezon kay kliyan.
Fok mwen di tou. Ke se an Ayiti menm, yo te fabrike antonwa an fèblan sayo ki
konn sèvi pou met lèt la nan boutèy.
Machann Lèt yo mete kantite lèt li bezwen pou tout pratik liyo. Gendefwa li konn
pote kèk lit lèt anplis, sizoka kliyan-an ta bezwen plis lèt oubyen si yon lòt
moun ta rele l avan la l fè livrezon lèt lakay pratik liyo.
Se Machann Lèt yo ki konn fikse pri lèt la (12 santim pou yon lit lèt). Mertulia
tegen pratik ki konn peye l chak semèn, gen zòt ki chwazi peye pa mwa.
Mertulia se manman kat bèl timoun ki nan menm laj ak li lè l te piti. Mertulia di
m ke l kontan wè m vinn wè l lakay li. Mertulia di m ke li pajanm dekoupe,
melanje dlo nan lèt.- Kliyan l yo apresye bonjan kalite lèt vach lap vann. Se sak
fè kantite kliyan l yo kontinye ap ogmante chak jou...
Ou pap janm wè lèt lakay Mertulia gen pwoblèm pou pase enspeksyon.
Men gen demoun enspektè konn bare, sezi machandiz, epi jete tout lèt yo
atè paske moun yo konn melanje dlo nan lèt la.
Translation, illustration by Weiner Marthone
Source: Haiti Sun
veritas_tum@yahoo.com



Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire