Cliquez icipour
consulter mon ouvrage sur le sujet.
Comme toujours, nous sommes en train d'écouter 
l'une des émissions vraiement instructive, Face 
à l'Opinion, et la voix au microphone est celle 
de Michèle Montas, elle dit: "Informations, idées,
débats, prises de position dans la transparence." 
"Ceux qui font l'actualité dans le secteur public,
privé, des fonctionnaires, des entrepreneurs, des
syndicalistes, des leaders paysans, parlent."
MM -- Face à l'Opinion! Ki sa yo di, Ki sa yo fè? 
Ki moun yo yé? Sa ki responsab sèvis leta, moun
ki fè ekonomi peyi-a mashe, moun ki fè kilti 
peyi-a vanse, yo gen la pawòl sou Radyo Ayiti.
La rubrique habituelle terminée, c'est la voix 
Jean Léopold Dominique qu'on entend dire, 
"Messieurs, Dames Bonsoir! Nan Fas à l'Opinyon 
nou genyen avèk nou, Françoise Boucard. Françoise 
Boucard te prezidan Misyon Verite ak Jistis, 
Bonsoir Françoise!"
Françoise Boucard -- Bonsoir Jean, bonsoir tout 
auditeurs Radyo Ayiti Inter-yo.
Jean Léopold Dominique -- Françoise, gen yon 
pwoblèm jistis kap pale nan peyi-a. Genyen yon 
pwoblèm mare avèk li se pwoblèm enpinite. Sak fè 
ke nou pwal pale jodi-ya sèke lòt jou nan Dezam,
nan Latibonit, genyen de abitan nan Dezam ki temwaye 
devanw, devan Komisyon-an, kite lonje dwèt sou 
eleman ki tap maspinen-yo, bouwo kite kraze-yo. 
Epi, depi kèk tan bouwo sa yo, yo tounen nan Dezam, 
yap fè nèg menas, moun yote denonse-yo di, pinga kò 
nou, nap vin-n pran nou, nap vinn krazew ankò.
Moun-yo rele ANMWE! Alòs pwoblèm sa-a, se yon pwoblèm 
Dezam, se vre, men se yon pwoblèm ki pi pwofon Françoise, 
paske sa vle di ke, moun kite temwaye devan Komisyon 
Verite ak Jistis-la yo genlè an danje. Saw di nan sa?
Source: SoundCloud.com
Transcription de Weiner Marthone
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire