dimanche 28 décembre 2025

Bilan Ane 2025...

 Mwa Janvye

2 Janvye

Rapèl istorik diskou Dr. François Duvalier te fè pou reponn

Pap Jean Paul 2 ki tap pale ak jenès la sou libète, lapè ak respè pou la lwa.

7 janvye

Nou te publiye yon atik ki di Changement de Paradigme kote Madame Merlande Tanis kitap travay kòm bòs chapant sou kanal KPK nan wanament lan te deklare "Menmsi kanal sa-a te mèt fini. M ap toujou travay. tout otan nap travay pou Ayiti. Map toujou travay nan depatman Nòdès la. M ka pa ale twò lwen paske m gen timoun." Madam Tanis te deklare ankò,"Nap toujou gen lòt kanal, se chanjman nan peyi nou nou bezwen." 

Konstruksyon kanal Malfeti-a te demare. Enjenyè Claude tap bay tout detay sou materyèl lap bezwen pou travay la sa byen fèt.

9 Janvye

Nou te publiye yon atik sou yon pwoklamasyon Toussaint Louverture, an 1797.

14 Janvye

15 Janvye 1870 - Dat anivèsè fiziyad ansyen prezidan Sylvain Salnave. 

Ebyen 22 moun te pèdi lavi yo ak dife ki pran nan Vil Santa Ana, an Californie. Ponpye pat gen kontwòl dife a akòz de gwo van kitap vante.

20 Janvye 

500 jou aprè la prise d'otage du groupe HAMAS, fanmi israelien yo te kontan wè manm nan fanmi yo ke gwoup paramilitè Palestinien an te lage aprè yon cessé le feu.

27 Janvye

Nou te publiye yon atik Féquière te ekri sou patriyotis yon pèp.

31 Janvye

Nou publiye powèm ki rele Analiz lojik pou eksplike tablo sitiyasyon jeneral peyi d Ayiti.

Mwa fevriye

Premye fevriye

Nou fè yon rapèl ak publik la sou de tematik enpòtan. Univèsalis ak Patikularis. Diskusyon te tabli sou diferans ant de sistèm sayo. Li demontren kijan moun kap pratike Univèsalis ak Patikulatis ap aji nan la sosyete. 

Nan systèm Univèsalis la, sosyete a paka fonksyone sans les règles et les valeurs communes. Depi tout moun dakò sou règ -la lwa- tout sosyete a dwe obeyi, sinon wap an kontravansyon ak la lwa, wap kapab pran prizon si ou dezobeyi. Tout sitwayen san eksepsyon dwe konsulte kisa la lwa di. La lwa pa negosyab, e systèm nan klè sou tout penalite kap aplike si sitwayen an dezobeyi la lwa.

Peyi ki pratike sistèm Patikularis la opere différemment. Si yon bagay pase nan sosyete-a, se pou yo pran telefòn pou konsulte yon lòt moun avan yo sa pran desizyon. Se relasyon yonn ak lòt ki konte nan sistèm sa, yo pa konsulte la lwa pou yo aji. Aplikasyon la lwa depann de sikonstans lan epi kiyès moun ki enplike nan kontravansyon-an.

14 ak 19 Fevriye

Nou publiye Histoire Vraie ou Fausse? Yon atik ki demontre tout kantite omisyon kifèt nan liv istwa d Ayiti ke anpil timoun ap aprann nan lekòl primè epi yap pede repete les mensonges.

Lòt atik la tegen pou tit : Découverte du Nouveau Monde. Nou poze kesyon:  Eske l posib pou yon moun dekouvri yon kote kite deja abite?

21 fevriye

Frankétienne s'en va. Homme polyvalent mouri jou sa-a. Anpil dlo nan je, peyi-a pèdu yon pye Mapou.

26 fevriye

Zafè vyolans nan Delmas 30 kote politisyen kap dirije bandi yo, ki pa gen okenn respè pou pwopriyete sitwayen, fè met dife nan zòn sila.

(...)

Mwa Desanm

Du 10 au 29 Desanm

Peyi etazuni fè dap-pi-yanp sou plizyè bato (3) kitap transpòte petwòl pou peyi Venezwela.

Anpil tansyon ap monte ant de peyi yo. Gen kèk mwa depi Lame naval ameriken tap tire sou yon bann ti bato (31) Venezwelyen, kòm ki dire, yo tap fè trafik stupéfiant.

Yon santèn moun peri nan lanmè anba fiziyad. Bagay sila fè anpil analis ap poze kesyon sou dwa moun ak souveraineté.

13 Desanm

Nan Universite  Brown ki nan vil Providence, leta Rhode Island, yon nèg rantre vap nan yon sal de klas epi l simen bal sou tout elèv yo. Gen de nan yo k mouri, 9 lòt blese kap pran swen nan lopital. 

Ankèt la te abouti nan sis jou. Moun kite fè zak sa-a, yo twouve l tou mouri andan yon depo mèb ke l te lwe apre l te fini touye yon pwofesè Fizik nan lekòl MIT, ki sitiye nan vil Cambridge, de leta Massachusetts.

24 desanm

Peyi Etazuni atake Le Nigéria ak misil BalistikTomahawk sou baz kòm ki dire yon gwoup teworis nan peyi Afriken sila tap mache masakre Krisyan. Se Premye fwa nan listwa lemond yon Prezidan peyi meriken fè yon atak konsa sou kontinan Afriken.

Sam LeChiot pour eMagazine

Once Upon an Evangelist...

 


lundi 22 décembre 2025

The Ashton Jeanty Phenomenon...

If you blinked for a moment or went to the bathroom, you would have missed an important event in yesterday's game between the Las Vegas Raiders and the Texans. Ashton Jeanty, the rookie running back scored two touchdowns. One rushing and another receiving where he broke a tackle from Texan's defensive right. The Raiders lost by two points. Texans 23 - Raiders 21. 

It was an awesome game to watch. With 10 Touchdowns -5 Rushing and 5 Receiving- Ashton Jeanty is a strong candidate for the title of: NFL Rookie of the year!

vendredi 19 décembre 2025

Personnalités de l'année 2025...

Cette année, en dépit des désordres qui environnent, le pays et nous, avions eus peu de peines à cueillir quelques lauriers. 

Les compatriotes GRENADIERS, hommes et femmes, vu que notre terrain soit impraticable, se sont combattus corps et âme pour nous apporter de beaux souvenirs qui dureront pour l'éternité. 

La deuxième participation de l'équipe haitienne en Coupe du Monde a été l'un des plus grands événements de l'année. 

Les haitiennes, feront tout leur possible, de leur côté, pour se qualifier. Ce qui nous mène à croire que ce serait une première dans nos annales sportives.

L'énergie de nos jeunes qui s'impliquent, en dépit les dangers qui sillonnent tous les coins de rues, soit pour nous informer des dégâts causés par des individus apatrides et sans vergogne, soit pour améliorer la vie d'une citoyenne d'un âge avancé, sont des modèles de citoyenneté qu'il nous faudra imiter.

Une jeune femme quitte tout le luxe qu'offre sa vie en Amérique du Nord, pour s'impliquer dans la construction des cannaux de Ouanaminthe et de Malféti.

Elle parle haut et fort d'un nouvel essor de l'agriculture dans son pays natal. Elle s'organise, galvanise toute une batterie de volontaires et de donneurs de fonds, tant étrangers que locaux, pour doter le pays de plusieurs infrastructures importantes.

Je ne citerai pas les noms de nos personnalités de l'année 2025, parce que vous, oui vous, devriez les reconnaitre par les résultats leurs travaux...

Weiner Marthone pour eMagazine