Kotizasyon. Sa nou gen abitud rele Revolusyon 1843-a te kòmanse nan sud peyi d Ayiti, nan vil Okay. Nou te publiye tout griyèf revolusyon-an deja nan yon videyo kite rele le Manifeste de Praslin.
Daprè ansyen pwofesè m, Mèt Rémy Zamor, yon revolusyon se yon "Chanjman radikal de tout estrikti nan yon peyi." Sa vle di, revolusyon se yon divòs bridsoukou, total kapital, ak toutsa ke revolusyonè yo juje k pabon, kap anpeche yon peyi byen fonksyone. (enfrastrikti, moun, enstitisyon, eksetera)
Si nou mezire sa n gen abitud rele Revolusyon 1843-a sou lòn definisyon Mèt Zamor, nou wè klè kou dlokòk ke mesye 1843 yo pat vize yon chanjman radikal. Kidonk daprè Mèt Zamor, revolusyon 1843 ta kapab rele yon Mouvman olye de yon Revolusyon.
Menmsi Manifès revolusyon an te pwodwi nan vil Okay, se vil Jeremi kite sèl katye jeneral li. Revolusyonè yo te pran kontwòl vil sila, te ranplase leta, epi tou pwofite fè dap-pi-yanp sou kès trezò publik, kite gen anviwon 6,603 goud ladan l.
Revolusyonè yo vinn rann yo kont byen vit ke kòb la pat ase pou pran swen yon lame de 2,500 zòm. Kidonk, yon kotizasyon te oblije fèt. Anpil gwo komèsan nan vil Jeremi te mete ansanm. Gen ladan yo ki louvri pòt magazen yo pou pran machandiz ak lajan nan kès sektè prive pou distribye bay lame revolusyonè-a. Chak ofisye te jwenn 4 goud, sòlda yo 2 goud.
(A suivre)
Sam LeChiot pou eMagazine.

iTunes and Audible
Google Play
Contact: emagazineez@ yahoo.com
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire