lundi 22 septembre 2025

Pri Revolusyon...

 Moun ki renmen fè dezòd yo pa janm panse ke chak Revolusyon k pase nan peyi d Ayiti gen pri pa l pou pèp la peye. Si n tekonn panse konsa nou ta chita diskute kijan pou n rezoud pwoblèm yo anvan nal kouri bridsoukou pou ranvèse gouvènman nan peyi d Ayiti.

Premye revolusyon an, 1804. Lafrans mande pou n peye pou dedomaje Kolon franse yo. 
Dezyèm revolution. Koudeta Pont-Rouge la. Kote tout ofisye subaltèn Dessalines te fèk nonmen yo pran les armes kont li epi touye l. Dessalines pase apeprè dezan sou pouvwa. 

Tout moun kite patizan Pétion, ofisye lame endijèn yo surtout, te jwenn nan distribusyon tè ak bitasyon kitap fèt tribò-babò pandan onz lane gouvènman avi, diktati Alexandre Pétion. Se sou Pétion negosyasyon pou peye peyi lafrans dedomajman 150 milyon an te kòmanse. 

Anba Pétion ak Boyer- Kiltivatè yo pat ladann. Anvan anyen se yon lwa, se yon règ kap anpeche sitwayen alawonnbadè fonksyone ak tout libète nan peyi a. Se sak pwal bay Code Rural la, ki pwal kraze agrikilti nan peyi-a.  

BOYER ranplase Pétion. Menm penpenp lan kontinye. Ajoute vensenk lane la prezidans avi, diktati pirèd. 25 an diktati ki bay anpil koudeta, fiziyad, anprizonman, ekzil, vòlè-tè abitan. Pri sa-a nou fèk kare peye l.

Kòmsi sa pat ase. Jiskaprezan nou kontinye pirèd nan goumen, dechire, yonn ap manje zòrèy lòt... (A suivre)

Erik Zimane pour eMagazine

iTunes and Audible

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire