Tegen yon tan nan listwa kote chèz peyi yo pat alamòd. Pèp Ayisyen renmen travay se vre. Men lè nap konstate pwogrè n nan fè mèb tankou fabrikasyon Chèz pou moun chita, n oblije anbreye machinn du temps an bak pou nou sa wè si gen pwogrè k fèt ?
Lè m te timoun, mwen sonje tegen yon seri de chèz anbwa kite soti nan peyi etranje ak yon polisay mawon fonse souli ak yon ti kadriye byen dous tou piti nan mitan. Timoun kou granmoun toujou ap mande tèt yo kote lakòl la pase. Si pagen lakòl, ki jan de klou gagit manifakti etranje yo te itilize pou bay bèl kout kreyon nan prezantasyon sila?
Nan chita sou chèz, yon jou konsa bèl ti kadriye a fèsa vap li louvri dan griyen. Yon timoun kirye tankou m pat sa pa kouri foure je l gade. Chèz etranje a te defonse lan mitan paske l tegen lontan lap soufri. Si l kreve nan mitan se paske tout pwa moun yo te konsantre nan mitan ti kadriye a. Mwen deside pou m detrese l, men kantite mizè m pase pou retire lakòl sila m te oblije bay vag.
Chèz peyi a menm patfèt ak materyèl solid konsa. Se kat gwo bwa byen won kitefè estrikti prensipal li. Epi mèt ebenis yo te fouye yon twou nan chak pou konekte tout gwo bwa yo. Chèz yo tegen plizyè kategori. Gen tichèz bas yo ke Ayisyen tekonn itilize pou chita nenpòt kote. Tegen gwo dodinn ke yo tekon itilize sou galri. Granmoun kou timoun nan epòk sila tekonn chita devan galri lakay li pou gade lèpasan. Chèz peyi yo pat konn dire lontan. Anvan w bat jew, yon pye ret konsa l soti nan twou epi l dekonekte. Gen moun ki kouri fè ti reparasyon kloure sa byen vit. Reparasyon lage chèz la nan fè plis bwi tikrèp, tikrèp...
Men nan detan twa mouvman yon pye chèz la konn fè sa vap li kraze kite w ap balanse sou twa pye...gen gwo malè aterisaj fòse si w ta kontinye pran chans chita sou jan de chèz peyi sayo.
Nan zafè ogmantasyon pwodiksyon nasyonal, chèz peyi a tevinn pran yon ekstansyon tèlman, ke l tounen yon endistri kibay anpil Ayisyen travay. Sa tèlman vre ke n te konstate, tegen plizyè machann anbilan toupatou, menm nan mache vil Pòtoprens, Petion-ville, Delmas, kafou, etc... rive jis dans la campagne kap vann chèz peyi.
Yon ti jeretyen nan listwa chèz peyi. Pwiske se an pay kote moun chita a te fèt li te okazyone fòmasyon nich anpil move bèt nwizib tankou pinèz kap mòde moun zwing!… zwing!…
Sa-a se istwa chèz nan peyi d Ayiti.
Mwen gen lontan depi m deyò m pa konnen si gen okenn pwogrè k fèt nan fabrikasyon chèz nan peyi d Ayiti.
Weiner Marthone pour eMagazine.
Google Play
Contact: emagazineez@ yahoo.com




Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire