vendredi 31 janvier 2025

Analiz Lojik...

 Lita sanble zafè analiz lojik

la pa ateri nan peyi-a ankò.

Solèy la kouche

lalin nan leve

lanp lan klere

tout je n kale.

limyè chase

fènwa fè danse

kaye ak liv mechanste

pou simen doktrin sanzave.

Kontribyab

pa jwen lasibab

lajan n peye majistra

kap bay kout ba

tounen restavèk

fè kourye, al pote lèt

bay mouche lepap.

ak lajan kontribyab.

woy, lakolonbi, 

ou pata fèn sa...

Ayisyen, mezanmi

fin tounen zonbi.

mouri nan lari

tankou chyen.

Eskòpyon rate tèt

pran mòde ke

nan tikoulout an jwèt

tout egoyis demaske

chita detripe la fanmi

pou vann, achte zanmi.

Ay, move Ayisyen

konplotè pou anyen

magouyè pòtoprensyen

fo doktè kapayisyen

maltrete n pou anyen.

Ekri nan lang kreyòl

se yon gwo terapi

epoutan teledyòl

ap sikile kou lapli

Wanament o!

Ou soti tout bon

pou trase bon ekzanp

pou chanje eskanp

figi Ayiti-o!

Pwopagan isit 

Pwopagan lòtbò

Pwopagan anbashal.

Volè isit

Volè lòtbò

Volè anbashal.

Veye priye

depi kout bal pati

tout moun pran kouri

pou le peyi

pou lè zansèt

kouri è bo.

laperèz fè kapon

gen latranblad

jouktan l mouri, 

An ranpan.

Tankou tyanpan.

Veye priye.

Labib se zanm lespri

AK-47 pastè anba zòrye

Kouto l anba dra,

tankou tout avadra.

Vès parbal kache

anba chemiz.

Glwaradye

Banm zam ak bal

Zafèk gade w timal.

Si ou pa defan peyi w.

Lè w fè bon analiz lojik.

Wa konprann sa w konprann.


E. Zimane pou eMagazine

31 janvier 2025


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire