jeudi 1 août 2024

Machan-n krèm...

 
Li fasil pou yon Ayisyen kap viv aletranje bliye jan de bagay kite konn fè anpil kè timoun kontan. Nan tan lontan, nan Delmas tegen yon machann krèm anbilan kite rele Jean-Claude.

Se nan weekend sèlman, Jean-Claude te konn pase devan pòt kay tout moun ap pouse yon frizè woulan ki tap vann tout kalite krèm: Vanille, Chokola, Zoranj ak Eskimo. Tout krèm sayo tegen yon ti bwa bagèt pou kliyan sa manje pwodwi a san li pa sal men l. Menm jan de prezantasyon krèm nan Supermarket yo.

Mwen pa kwè Ayisyen tekonn fabrike bwat krèm sayo. Lita sanble se aletranje yo te konn kòmande tout. Mwen jwen foto yo sou entènet, ki plu-zou-mwen sanble ak pa Jean-Claude la.

Depi weekend rive tout zorèy te alekout pou ti sonèt machann krèm nan ki sanble ak jan de sonèt ki sou gidon bekann.

Pami tout krèm yo, Eskimo a te vann pi chè. Prezantasyon an te bon anpil, paske l te vinn tou vlope nan papye. Krèm sa-a tegen de pati. Yon pòsyon anndan an Vanille kite kole nan yon ti bwa bagèt, ki anvlope ak yon fèy chokola. 

Se lè ou finn bay yon kout dan ou resi wè krèm nan tegen deton.

Zafè machann krèm anbilan sanble l te disparèt an Ayiti depi 1975-1979. 

Ebyen se menm jan ak sinema drive-in ki disparèt san lese okenn tras nan peyi d Ayiti prèske nan menm peryòd sa-a.

Sam LeChiot pour eMagazine



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire