mardi 11 juin 2024

Mapou a Tonbe...

  

Le 6 fevriye, ane 1957, pou premye fwa mwen
te bay lanmen ak gade Martin Luther King nan je nan
yon vil ki rele Oberlin nan leta Ohio.

Nou te gen menm laj. Menm si nou pat konn sa, lè n
te rankontre. Nou bay lanmen ansanm. Men sak pi enpòtan, nou tou lè de te pran desizyon osnon nou te gen konviksyon ke si nou deklanshe yon mouvman "san vyolans" nou kapab shanje vizaj peyi-a. (etazuni)

Nou te kòmanse ap anvizaje kouman peyi-a (Etazuni) ka vrèman tounen yon demokrasi. Yon kote kigen libète, egalite ak jistis pou tout moun. 

Mwen te deja gen plan pou lèm te fini etud mwen nan inivèsite nan leta Ohio, pou mwen vwayaje nan Sud Etazuni, pou m al travay, paske se la majorite Afriken-Ameriken yo, desandan ansyen esklav yo, tap viv. Se la yo tap tiranize yo, se la ki tegen plis rayisab ak opresyon, se la ki tegen plis separasyon rasyal ak tout dividal pwoblèm sa l te okazyone. Tout sa kite plis krusyal an aparans. 

Apre m te finn bay lanmen ak Martin Luther King, epi pou la premyè fwa nou te fè yon ti shita pale ansanm sou kijan de moun nou ye, kisa ki nan djakout nou. Mwen te konn Martin Luther King, li pat konn kijan de moun mwen ye. Apre sa, mwen te deside ke m pap rete tann jouktan m finn gen diplòm nan inivèsite pou m al nan Sud Etazuni, paske Martin Luther King te mandem sa. 

Kidonk, mwen te kite etud inivèsite pou mwen relokalize m nan Sud osi vit ke posib pou m sa rantre nan batay la...
Rest In Power!

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire