vendredi 20 novembre 2026

Ayiti Dekolonyal...

  

Chak fwa map gade

Ayisyen kap danse
Bouch debride
San l pa panse.

Chak fwa map tande
Ayisyen kap ranse
Se ren l kap bwase
Nan bann rara kap frape.

Chak fwa yon ti gout
fo verite soti
lakay lenmi.
Ayisyen kouri
difize sa sou lawout.

Mwen kanpe sou granri
Ki finn detwi
anba kout fizi.
San mpa konnen nan lavni
Kilè lap rekonstwi?

Chak fwa yon paj listwa
tounen li retounen.
Ayisyen pap memorize anyen
Se erè kap repete milfwa.

Mwen kanpe sou granri
Ki finn depafini
Anba katouch lenmi
Ki sanble lafanmi.

Ayiti dekolonyal
Aprann apresye plim lokal
Rejte tout aprantisay
Kap fè ralantisay.

Fòk kolonyal la detripe
pou nasyonal sa kanpe.
Chak fwa yon paj listwa
tounen li retounen
Ayisyen pa memorize anyen.
Erè repete fèn pèdi lafwa.
Tout sistèm ki echwe
Se yo nou anbrase.

Sam LeChiot pour eMagazine.
17 novembre 2026.

mardi 17 novembre 2026

Ayiti Dekolonyal...

 
Chak fwa map gade
Ayisyen kap danse
Bouch debride
San l pa panse.

Chak fwa map tande
Ayisyen kap ranse
Se ren l kap bwase
Nan bann rara kap frape.

Chak fwa yon ti gout
fo verite soti
lakay lenmi.
Ayisyen kouri
difize sa sou lawout.

Mwen kanpe sou granri
Ki finn detwi
anba kout fizi.
San mpa konnen nan lavni
Kilè lap rekonstwi?

Chak fwa yon paj listwa
tounen li retounen.
Ayisysen pap memorize anyen
Se erè kap repete milfwa.

Mwen kanpe sou granri
Ki finn depafini
Anba katouch lenmi
Ki sanble lafanmi.

Ayiti dekolonyal
Aprann apresye plim lokal
Rejte tout aprantisay
Kap fè ralantisay.

Fòk kolonyal la detripe
pou nasyonal sa kanpe.
Chak fwa yon paj listwa
tounen li retounen
Ayisyen pa memorize anyen.
Erè repete fèn pèdi lafwa.
Tout sistèm ki echwe
Se yo nou anbrase.

Sam LeChiot pour eMagazine.
17 novembre 2026.




Manifeste du Peuple...