jeudi 30 avril 2026

World Cup 2026!...

TEAM FLAGS 

TEAM HATS
TEAM T-SHIRTS
TEAM WATER BOTTLES
iTunes and Audible

Google Play

 
Contact: emagazineez@ yahoo.com







mardi 28 avril 2026

Les mots d'un poète...

 

 Ayiti mwen rayi w,

Chak jou pi plis nap toupizi w,
Nan fè chabon chèche lavi, 
tout do w finn dekale.

Bon manman tankou w nanpwen,
ou pap pale.
Kanntè oubyen viza pati kite w, 
se sèl rèv nou chak jou.

Siklònn, inondasyon, tanpèt, mizè, depòtasyon
ou toujou la pou nou.
Ayiti pibèl peyi pase w nanpwen
nan pye w nap tounen...
ha! ha! ha!

Dyab te kaporal 
koulye an l jeneral
Se toujou yon sèl refren.

Prezidan, minis, palmantè, chimè, 
makout, atache elatriye
Lan divize pou n fè w du byen
men nou uni pou n fè w kriye.

Nou meprize frè nou, touye yo
bayo kout lang pouyo pa vanse.
Nou se save, nou konn sekrè bonè w,
pwiske nou pa chèf nou pap pale.

Hum! Nou toupizi w tèlman,
swa dizan zanmi w di touris yo, 
pa al la.

An mankan manman n tete grann,
kò m konesè nou pran TOURISTA.

O Ayiti Toma, Cheri, La Perle des Antilles!
Se sa nou di avèk fyète,
Men nan gwo liv lavinn,
li pa ekri okenn kote, 
Se la nou vle rete.

O 1804 ! Nou fyè de papa nou!
Dessalines, Christophe, Petion, Toussaint!
premye pèp nwa endepandan!
Gwo non touye ti chen,
nou fyè de pè lebren.

Nou sonje lontan, nou tegen,
nou teka, nou tekonn!
Se de souvni nap viv.

Nou detwi patrimwann nou!
Boule legliz, kraze enfrastrikti!
Se nan perèz kretyen vivan ap viv.

Ayiti kè m anmè.
Ayiti kè m an kòlè.
Ayiti kè m an tristès.
Ayiti kè m an chimè.
Se pa kolònn, pa pakèt,
rapas, apranti diktatè,
kouri dèyè elektè, 
pou vinn volè.

Sispann, ipokrit!
Gade nan glas anvan w pale.
Ayiti se manman nou l ye.

Tètansanm, kolezepòl, anpil lanmou,
lanmou pou pou pwochen nou,
pou n kiltive.

Konsa lè nou di Ayiti nou renmen w,
nou renmen l tout bon vre.

Auteur : Christophe Siméon

iTunes and Audible

Google Play

 
Contact: emagazineez@ yahoo.com

vendredi 24 avril 2026

Fou rire: Deux Pierre un coup...

 


iTunes and Audible

Google Play

 
Contact: emagazineez@ yahoo.com

Roger Gaillard: L'État Vassal...

Roger Gaillard 
Ebyen Leta Ayisyen, se yon Leta ki pa otonòm, se yon Leta ki anba la depandans. Se yon Leta ki pa mèt tèt li.

Konpè Filo   
Ki moun ki mèt Leta Ayisyen?

Roger Gaillard
Esansyèlman, moun ki mèt li se Gwo Jeya-yo ki bezwen kès Leta-a, yo bezwen l pou yo sèvi, mete nan pòch yo, avèk gwo zotobre ke m sot pale-a du commerce de Pòtoprens. Et la plupart de yo se de blan, paske Salomon te finn kraze jouk komès la deja lè li te met dife nan Pòtoprens. Te rete gwo blan yo. Ebyen se gwo zotobre blan yo, ki fè sayo pito, san ke Leta pa kapab...

Konpè Filo
Gwo zotobre blan yo ak Ayisyen k te la tou?

Roger Gaillard
Gwo zotobre blan nan komès avèk Jeneral Ayisyen yo. Pate genyen gwo zotobre Ayisyen, paske komès ekspòtasyon kafe-a, lite tonbe. Ayisyen pat genyen l ankò.

Konpè Filo
Men bra politik-la sete Jeneral yo. Se yo k te poto mitan politik la...

Roger Gaillard
Ah! Ou fè byen ou souliye sa. Pèp Ayisyen, li pat viktim de blan yo, lite viktim te Jeneral Ayisyen yo kite vinn mete yo au service du blanc, kite vinn tounen Vassal blan yo.

Konpè Filo
Talè-a ou di ke liv sa-a pale de twa bagay.:

1. Affaire Luders 
Anprè Alman de voye bato degè li vinn kaponnen nou. Gouvènman Ayisyen-an te leve drapo blan, lite kapitule.

2. Emprunt de la Consolidation
Kite fè yon rassemblement des emprunts dekwa pou n sa gen yon sèl dèt. Ke gwo chabrak kap travay la banque yo mete ansanm pou yo manje yon pati nan lajan-an.

3. Anténor Firmin kòm premye minis.
Ke pèp Ayisyen-an te enpoze l kòm premye minis bay Tirezyans S. Sam. Men apre kèk mwa Parlement Ayisyen-an pat dakò pou refòm Anténor Firmin yo fèt. Yo revoke Firmin apre sis mwa travay.

Adaptasyon eMagazine


iTunes and Audible

Google Play

 
Contact: emagazineez@ yahoo.com