LORSQU'ON S'EN PREND A LA LIBERTE D'EXPRESSION D'UN INDIVIDU OU D'UN GROUPE DE GENS, C'EST UN ATTENTAT A LA LIBERTE D'EXPRESSION DE TOUT LE PEUPLE QU'ON S'EN PRENNE. L'ARBITRAIRE, SOUS TOUTES SES FORMES, NE DOIT EXISTER DANS UNE HAITI VRAIMENT DEMOCRATIQUE, INDEPENDANTE ET LIBRE.
jeudi 12 mars 2026
mercredi 11 mars 2026
mardi 10 mars 2026
lundi 9 mars 2026
President John Tyler's inaugural address...
dimanche 8 mars 2026
samedi 7 mars 2026
vendredi 6 mars 2026
jeudi 5 mars 2026
Istwa Malatchong!…
Ebyen lè limyè kòmanse gaye tout bon fòk fènwa kouri al kache anba dra epi fèmen je e bouche zòrèy majorite populasyon an dekwa pou moun yo pasa konn la verite.
Mwen deklare ke istwa tout timoun ap aprann nan lekòl an Ayiti se yon syans fiksyon, yon istwa malatchong! Tout bagay enpòtan yo efasel pou yo sa tabli pil manti.
Istwa lanmò jeneral Delva vinn ajoute sou tout pakèt omisyon k genyen.
Mwen sonje yon ansyen liv pwofesè Roger Gaillard te ekri ki gen pou tit "La République Exterminatrice" . Se koulye a, pandanm granmoun, m resi konprann sa l tap eseye ekspliken nan klas filo. Jan de mesaj li tap voye bay jenerasyon Ayisyèn depi fen lane 70, patsa byen anrejistre nan memwa bann sèvèl wòwòt sayo kite sèlman enterese fè bèl nòt pousa reyusi nan ekzamen bakaloreya.. Nou fini pa konprann ke pwofesè Roger Gaillard te di nou dwe mache sou pinga nou paske Repiblik la trè kriminèl!...
Jodi-a nou di, si administrasyon Alexandre Pétion an te komèt gwo zak kriminèl ak enkonstitusyonèl, pèp Ayisyen an gen dwa konnen sa dekwa pou menm bagay sayo pa kontinye. Se konsa pou l te fèt...
Si administrasyon prezidan Jean-Pierre Boyer-a te komèt zak kriminèl e enkonstitusyonèl timoun lekòl te dwe aprann sa nan klas dekwa pou sa pa repete ankò.
Pa ekzanp arestasyon ak ekzekusyon plizyè jounalis sou prezidans Boyer pa mansyone nan registre des lois et actes de la République. Nou detèmine sa se yon fèt eksprè l ye.. Sa se yon malonèt-té envers la nation et faite à la postérité.
La Republik deside bay pil manti. Lap anpeche populasyon an konn la verite sou listwa peyi a. Sa se yonn nan pi move zak kriminèl ke jenerasyon sak la-a te dwe panche sou li tout bon pousa korije l.
A suivre...
Joe Scaroune pour eMagazine.
mercredi 4 mars 2026
mardi 3 mars 2026
lundi 2 mars 2026
Colonel Gérard Constant...
Ayisyen renmen manje, manje bliye. Se sakfè yap toujou pran kaka poul pou jònn ze. Men kijan ansyen Chef d'Etat prezidan Duvalier te konn enstale yon Chef d'Etat-Major.
François Duvalier bay Colonel Gérard Constant dyòb chef d'Etat Major de l'Armée e li tou ba l grad Brigadier Général nan yon seremoni kite fèt nan Palais National jedi maten 9 daou 1963.
Général Constant ranplase Jean René Boucicaut kite okupe plas Chef d'Etat Major la.
Pandan seremoni kitefèt pou okazyon sa-a nan Salon Jaune Palais National la. Prezidan Duvalier te deklare, "vye zanmi m Boucicaut te rive nan laj limit li e ke Boucicaut ap pran retrèt li dapre règ fòs Armée d'Haïti. Mwen swete enstale w mon chè Constant, pou ranplase Boucicaut.
Mwen gen espwa ke w pap chanje e ke m ap toujou kapab konte sou ansyen Kòmandan zònn sudwès mwen an. Mwen kwè anpil ke nan nouvo posizyon ou okipe a, ou pwal prezève onè tout militè e ke w pap janm al vann epe w pou degouden.
Mwen swete administrasyon w lan anpil suksè. Mwen mande tout ofisye yo pou yo kolabore avè w, pou ede nouvo Chef d'Etat-Major la, reyusi nan gwo kantite travay li genyen devan l, ke li dwe obeyi tout zak ak lòd Chef l'Etat a genyen pou pase l.
Trèz kout kan-no te tire depi Fort National pou akeyi enstalasyon nouvo Chef d'Etat-Major Armée d'Haïti e Général Constant te resevwa honè militè devan tout gad prezidansyèl pandan l tap kite Palais National la.
Pami tout moun kite nan sal la nou te remake:
Colonel: Daniel Beauvoir, Max Alexis, Turnier, Lecestre Prosper, Roger Tribié, Laraque, Danache, Jacques Laroche, Roger St. Albin; Lt-Colonels et Majors: Claude Raymond, Joseph Lamarre, Franck Romain, Martial Day, Octave Cayard, Frédéric Mac-Arty, Jean Beauvoir, Monod Philippe, Hippolite, Robert André, Tony Pierre, Edner Nelson...
Mezanmi, tankou powèt la di l, se nan sikonstans sa yo ke kaporal te konn tounen jeneral. Nan jan de bagay sayo nou pa bezwen plis detay, paske menm yon moun ki gen sèvèl wòwòt kapab konprann.
Source: HaitiSun
iTunes and Audible





